Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Chan-Dayiva
 
Pierre Richard Narcisse

Translation Suze Baron

 Chan-Dayiva

se mwen sèl dayiva-ooo
ki konn lanmè jouk nan fon kèl
sekrè dlo
se sekrè pa-m
paròl dlo
se paròl pa-m
vag ki vag
mwen karese-l
dlo lanmè
kouri nan je-m

se mwen sèl dayiva-ooo
ki konn lanmè jouk nan fon kèl

tout vag k-ale
soti nan je-m
tout sa k-tounen
rantre nan kèm
malè dlo
se malè mwen

se mwen sèl dayiva-ooo
ki konn lanmè jouk nan fon kè-l

chante dlo
se chante mwen
paròl dlo
se mizik mwen
resif yo
mezire kè-m
vag lanmè
pedi nan je-m

 se mwen sèl dayiva-ooo
ki konn lanmè jouk nan fon k‌‌‌èl

Viré monté