Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Quatre nouveaux titres chez Presse Trilingue
Kat nouvo liv lakay Près Trileng
Four New releases by Trilingual Press

 

Pi bèl son lanbi sanba
dlo nan sensè a

Denizé Lotu Lauture

 

 

 

 

Pi bèl son lanbi sanba dlo nan sensè a, Denizé Lotu Lauture •
ISBN 978-1-936431-38-0 • 200 paj • Edisyon Près Trileng, Cambridge, Massachusetts • 2021 • $20.00 + $3.95 (in the USA)

Pi bèl son lanbi sanba dlo nan sensè a

Kouwè kritik Frantz-Antoine Leconte di nan yon bèl ti kout plim sou pwezi Denize Lotu Lauture, michan powèt sa a, ansyen soudè nan Harlem ki vin pwofesè nan gwo lekòl Etazini, otè plizyè liv byen note, se yon nonm «ki aspire pou l pou l tradui yon chay lespwa miltip» nan lavi l—yon lespwa ak defi tou ki layite nan twa lang: ayisyen, franse e angle. Twa inivè powetik.

Fwa kounye a, se nan lang manman l ak papa l Denize Lotu bay pwezi li lavi, anpil ladan yo te deja pibliye nan jounal. Nan liv sila a, Pi bèl son lanbi sanba dlo nan sensè a, kou m te di nan yon ti lwanj pou li, lektè ak lektris yo ap jwenn menm «fòs entwisyon, penetrasyon powetik, sivòlman nan reyèl, nan sireyèl e nan natirèl» li te fè nan rekèy powèm franse li Les Lunes d’or du cactus (2017).

Anfèt, ou ta di, pwezi Denize Lotu se yon inivè miltidimansyonèl ki dyakoute tout kalte planèt ak evennman kosmik, ki ale de sa ki pi senk rive ak sa k pi konplèks, anbrèf se sa Frantz Leconte rele a, palan de Denize Lotu, yon «yon epifani powetik».

Epitou, powèm Denize yo touche tout kalte happening, tout sa ki rive ak tout kalte koze ki pale nan lakou a, keseswa nan powèm «Lannwit ounsi yo» kote nan yon sèl souf li devwale tout kondisyon malsite zonbi yo—«Batwèl lou adwat / Boul savon wòch agòch / Ganmèl plen rad sal / Nan mitan janm / Men yo ap fwote / Men yo ap tòde / Y ap lave kanson ble sal / Kanson ble ki pase de senmenn / Nan fouye twou patat». Oswa nan powèm «Mereng yon fanm sanba» a, kote li rann omaj ak Premyè fanm vanyan nan kontinan an—«Anakaona ou te yon sanba / Ki te gen tèt Simbi nan dlo / Yon sanba ki te genyen je dous ti pijon damou / Yon sanba ki te genyen bouch bon jan siro myèl. / Move nanm yo te fè kadejak sou ou / Ak yon gwo kwa malediksyon blanch», pwezi Lotu konsène tèt li ak sa konsyans li obsève l depi premye vyòl zile a rive nan tan jounen jodi a.

Sa ki denominatè komen nan tout dimansyon inivè powetik Denize yo, se jwèt li jwe avèk lang ayisyen an, jan li zatiyèt mo yo, dezantere pawòl nan ansiklopedi sosyal la ki te pèdi anba mank izaj; li bay onè ak tout sila yo lavi dezavantaje yo. Se nan dans avèk inivè pawolik lang manman l lan li jwenn delivrans e ka jwi plezi lavi, e nan ka sa a, souvnans manman l ba li gran plezi, dotanplis li fè l rekreye yon chelèn pawolik, kou nou wè nan powèm «Jou fèt manman» an kote, alafendèfen—alamanyè George Floyd ki rele pou manman li anvan jenou polisye Chauvin fin pran dènye souf li—ou santi souvnans manman l ba l yon santiman kalm, pezib: «Manman dòmi / Pran yon bon repo / Kabès mwen plen lanmou / Li kapab fè koulèv / Tounen lakansyèl / Zaryen tounen zetwal / Eskòpyon tounen konmèt / Pikan tounen dwèt dous zany nan syèl / Manman kabicha fè bèl rèv / Fè bèl rèv jis douvanjou…»

Wi, lanmou ka fè mirak e pwezi Denize Lotu Lauture yo ka voye w nan plizyè inivè kote w pa ka soti jan w te ye.

Se te zanmi defen Pòl Larak ki te pale m yon jou de Denize Lotu, li di m: «Fòk ou rankontre ak Denize Lauture, yon michan powèt, misye ekri yon powèm ki di yo bay Ayiti yon “Kout poud desounen”.» Wi, efektivman, lè w li powèm lan ou ka wè poukisa Pòl Larak te enpresyone konsa, Denize Lotu di sa l wè e eksperyanse yo ak yon aksan inik ki fè bagay ki pi òdinè yo gen yon aspè mistik, anviwonnan, totalizan: «Yo badinen figi peyi nou ak poud desounen / Yo simen poud desounen nan tout syèl peyi nou / Yo kouvri tout ti fèybwa ak poud desounen / Tout branch bwa tout rasin bwa ak poud desounen…»

Si m sonje byen, se te sou youn nan rejim atoufè san-manman Ayiti konnen twòp yo misye te ekri powèm sa a, men li ka refere tou ak tout istwa d Ayiti ki suiv lanmò Desalin lan an 2006. Peyi a pran poud desounen depi lè sa a. Dènye estwòf powèm lan tabli konsta madichon an: «Desounen poud desounen / Yo maspinen solèy peyi nou ak poud desounen / Yo simen poud desounen nan nawèje tout Ayisyen / Gwo kout poud desounen rann avèg / Tout nèg tèt lespri / Tout nèg vanyan gason / Desounen poud desounen / Yo vole nanm nasyon nou ak poud desounen…»

Denizé Lotu pa endike nan powèm ki antidòt ki nesesè pou retire Ayiti anba cham poud desounen an, se posib li vle kite wòl sa a pou politisyen ak militan pou chanjman yo, men limenm li vle rete nan wòl li kou yon lansè alèt, paske l konnen, kouwè Jean-Paul Sartre: «Nonmen se chanje», wi lè w nonmen, pwente dwèt sou yon malè, ou deja a mwatye chanje li.

Tontongi powèt, eseyis, editè an chèf revi Tanbou, 13 avril 2021

Dyakout liv la

Remèsiman
Prefas
Denizé Lotu Lauture: Epifani powetik yon lansè alèt
Alapapòt.
Pye plan lanmou an
Mwen se yon zonbi
Bonnanj nasyon bat zèl li l ale
Madichon Sanba Dlo Nan Sensè a
Dènye mo
Ti zetwal sou latè
Kout manch pilon nan mitan sèvèl tèt
Desalin 1806–2006
Boula pou yon metamòfoz zèklè nan peyi a
KREYÒL mwen an !
Yon gran pon lakansyèl sou tèt senk syèk
«San nasyon an bande tout venn mwen ak flanm wouj»
Tanpri souple sèt fwa ! (I)
Vizyon lontan pa janm kite bon nanm nasyon an
Raso lavi mwen
Flanbo nanm nasyon an
Tanpri souple sèt fwa ! (II)
KOUT ZEPON ANBA TI VANT
Manman toujou manman
An nou koze koze kreyòl nou an
KOUT ZEPON NAN NAWÈ JE
Yè ! Jodi ! Demen ?
Touf kann lanmò
KOUT ZEPON DÈYÈ TÈT
Koze bò dife
KOUT ZEPON NAN MITAN SÈVÈL
KÒK MICHAN MOURI NAN MITAN GADYÈ
Ayiti ekri li ak flanm dore !
Kòk michan
Manman zanfan mande anraje
Mizik lavi
Timoun ki pran son mizik nan pèlen
Aprann kè nou renmen tout moun
Vye Pèp
Vòlè Zonbi Bèl Powèm
Sonje Ti Mimich !
Mereng yon fanm sanba
Vèvè
Je mwen ouvè
Wochan pou Chanbo ! Wochan !
A la fout yon bon kòk
Powèm pou Madanm Paul Laraque
Sèpan tyeklòch tè menreken
YON POWÈT SE YON NÈG KI RAKONTE LÒT MOUN RÈV LI LÈ LI NAN MITAN RÈV !!!
Mwen pèdi anpil bèl powèm
L’avalanche noire
Yon nonm ki pa fou
POWÈM PREMYE RESITAL MWEN
Zafè renmen Pòl ak Masèl Larak
Oun gason konsekan ale
Genyen yon lyann ki rele powezi
Move rèv
Yon jou pi rèd pase lòt
Bon jan lapenn
Jou fèt manman
Desalin (I)
Desalin (II)
An nou Bouyi Boula Dlo A
Powèm (2003)
Lakòl kreyasyon galaksi
Bibi Achouboulou
Kafou Lanmò (Pandemi Kowona lane 2020)
Liv mwen
Vannen, vannen powèm mwen yo
Ti pijon pa vole
Sa nou ye mezanmi ?
Limyè egalego
Onè respè muzac (ak lanbi, tanbou, vaksen)
Kout Kreyon Granmoun II
Powèm mwen yo gen chans
Kout poud desounen
Myèl tè manman m
Kout kreyon granmoun
Nègmòn–Soudè–Powèt
An nou koze koze kreyòl nou an
Rèv lanmò ou lavi ?
Sa pitit gason m nan tounen nan peyi blan ?
Jenerasyon chawony
Tanbou granpapa m nan
Yon pitit gason yon pye monben
Bay dyab la dife
Nèg ak fanm powèt nou
Tè flè granmoun lontan yo
Dènye kouplè
Pwofil otè a

*

 Viré monté