Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pititfi Lafrik

Dima Lafontan

March 3, 2010

Lanati seleksyone ou pititfi Lafrik
Se pa pa chans,
Se paske ou inik
Oun jou ou ap wè sa klè
Mask la ap tonbe; e
Ou ap sispann kache bote ou

Younn ak lanati
Kè ou, tankou lalin, ap baliske dèyè mòn
Koute l kap di ou bote pa chanje
Po brile;
Cheve len;
Nen louvri
Ou gen lè lavi

Nan koulè majesyez ou
Tout oun kilti evidan
Lòd retabli;
Anyen pa manke;
Anyen pa pèdi

Souri ou pote m ale
E zye ou gide m
Rive nan fon kè ou
Mwen goute lanmou pi
Kididonk, fòk mwen te retounen ayiti
Pou m te jwenn chimen yo pa kreye;
Yo pa detwi

Dèyè dekonb nan Pòtoprens;
Vwal pal ki kouvri desidè yo;
Lespwa oun lòt dezas fondamantalis relijye karese
Mwen retounen nan lavi pafè
Pami mas eritye akò komen

Gade natirèl la
Li retounen sou oumenm,
Bliye panse Ewosantrik;
Di adye Hellene
Mwen prefere chwazi manman Lafrik
Zansèt yo, ewo endepandans yo
ki fè mwen mas e
Reyalize mwen mèveye

March 3, 2010

Viré monté