Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Istwa Nanchon Ayisyen

Dima Lafontan
2001

M ap chèche zanj oun pwezi liberasyon 
Oun langaj ki esplike pozisyon Ayisyen
Dapre sa nou viv nan Ayiti sheri
M ap chèche oun vokabilè antye
Oun sentaks ki makònen aksyon, aktè
Panche Ayiti bò majorite-absoli

Bomba
Samba
Sonnen lanbi
San manman, san papa
Youn rele lòt
Rasanble
Kouman sa ye?
Pa gen maladi ka a grav!

Tout moun konnen Istwa Nanchon Nwa nan Sendomeng
Ki kase chenn tirani
Bat bouda Kolon, komèsan esklav
Boule bitasyon, atelye Koloni Fransè
Rebati Wayòm Ayiti
Mete fen-sèk nan krim kont limanite
Jayi limyè kont manti Kolon bay sou limanite
Verite-jistis sanwete sanmete

Se Istwa Nanchon Nwa m ap rakonte
Diferan reyalite Pèp
Chemès, Arawak, Tayino
Ewopeyen, Panyòl, Fransè, Anglè
Afriken, Arada, Ibo, Kongo, Pel, Bambara, Mandeng
Nanchon Nwa pataje annefè
Yo makònen youn nan lòt nan Oralti
Pou lavi kontinye
Nouvo dimansyon

Se Istwa Nanchon Ayisyen nou pral rakonte
Tout moun konnen istwa Pèp Ayisyen ki te goumen kont kolonis
Rive sòti nan esklavaj
Pèp Ayisyen te jire Inyon fè la Fòs
Yo fòme oun Asanble pou fè pasasyon pouvwa
Koken fèt,
Deblozay pete, e
Goumen mare

Mwen mande pou ki sa de frè ap fè espektak piblik sa a?
Yo di mwen se depi yo fini tiye Anperè Janjak 1e
Youn ap dechire lòt, e
Pensonn pa rive mete ola,
Fè yo sispann goumen

Mwen pwoche pi pre
De frè yo di mwen
Wi
Se Zanmi Ayiti ki vini montre Ayisyen kouman pou yo gouvène
Yo ensiste fòk gen opozisyon.
Atò premye frè a di pouvwa andwa pou sa ki gen plis moun
Tandiske dezyèm frè a panse pouvwa andwa pou moun ki pi kapab

Zòt koute
W pa sèten
Men ensètitid depann de sak fèt
Nan Nòd travo fòse
Nan Lwès lese grennen, wazivte, vagabondaj
Repibliken piye pwodiksyon kafe pou peye doub-dèt
Kou pou Leta
Repiblik kraze zo
Lidè popetwèl, diktatè

Ankò zòt koute
W toude nan erè
W ap goumen pou sa ki deja pou w
Sonje w te adopte modèl sa a,
Lit politik pou pouvwa,
Nan Twazyèm Ane Endepandans
W dwe ale nan konsyans kolektif w,
Ranmase zanj ki te pèmèt aspirasyon komen w

Pwen an se pou w lese ide pouvwa popilè osnon pouvwa konesè
Se sèten w ap tonbe
Men w ap tonbe nan pwòp sèk w
Ki andwa fè w rejwenn ekilib w
Tankou planèt yo,
Chak nan pwòp sèk yo,
Ap fè wonn solèy la.

Viré monté