Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nou pa imigran toutouni

Dima Lafontan
2008

Tankou w
Natif natal m ye
Tankou w
M kite ayiti cheri
Ale viv lòt bò dlo
Entegre sosyete ewopeyen
Liminen vif e
Rid
Men nou pa imigran toutouni
Pami karakteristik nou pote
Nou chwazi pa bliye
Kont,
Chante,
Mizik,
Dans, e
Atizay plastik
Nou reprezante
Nan istwa,
Pwezi, 
Penti,
Lekòl
Pou pwopaje reyalite,
Inyon,
Objektif orijinèl Afrik ak Dyaspora li
W se sa mwen ye pou w
Balans retabli
Jistis ranplase mal
Laperèz retounen nan plas li
Youn renmen lòt
Kreyativite nan nativite
Mond lan chanje jan nou vle
Sosyete,
Kominote fasonen jan nou vle
Siyifaksyon nan oralti se ekriti kache
Langaj fondamantal
Reyalis mèveye peyi Ayiti
Sanba fè mèvèy
Ekri nan menm lang
Majorite mas la pale
Ranvèsman lang se premye etap
Mèzalò fòk nale nan sosyete la,
Kominote la
Rezoud dènye pwoblèm
Prezan pa definitif
Alyenasyon fini
Chak fwa nou gade prezan
Se pou nou toujou wè nouvo
Nouvo esplikasyon
Nouvo reyalite
San kòmansman
San fen
Oun bann egzile rekreye nan panse
Pwosesis kache
Kont kontinye
San patipri
San favori
Nou tout se eritye
Pwodiksyon atistik
Pou fè chimen nou nan mond lan
Danse,
Siye,
Taye banda
Kouche sole,
Manzè,
Fanm je klere
Tankou bòbèch
Syèl,
Ala dous
Kò a kò
Tèt a tèt
Kè kontre
Ginen yo te dispèse
Legba nan kalfou
Re-ini
Pa gen okenn mank
Lavi esplike limenm
Mond a mond
Se sa nou tale wè
Nou retounen konte,
Vid tonbe nan men Bondye
Lanmò se erè
Moun ki tiye pèdi ajamè

doumafis
2008

Viré monté