Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Forè Se Poumon Ayiti

Dumafis Lafontan *

2026

Guaiacum officinale

Gayak (Guaiacum officinale) Photo Francesca Palli

Jewografi, Popilasyon, ak Langaj

Ayiti se Milye tout Ayisyen fèt, epi pifò nan nou abite, viv, produi, elatriye. An tèm Jewografi, Milye a konstitye de 27,750 KM2 Sipèfisi, 20,000 Km2 Mòn, ak 7,000 Km2 Plèn. Istorikman palan, se an Ayiti Konbatan ki t ap goumen pou libere latè de sistèm kolonyal esklavajis lan pote viktwa. 

Yo rele yon Moun Ayisyen, sila manman ak papa li Ayisyen. Lyen, pito liy osnon aliyman ant tout Ayisyen se san. Nan Konstitisyon 1805 lan, Anperè Janjak 1e kodifye Tit Propriyetè ak Mèt pou Ayisyen. Epi lalwa di, blan paka pote tit sila yo. Jodi a, nonm total Popilasyon Ayisyen se apeprè 12 milyon. Selon sondaj ak rapò ofisyèl, 10 milyon Ayisyen ap viv Ayiti, lòt 2 milyon a letranje. 

Jean Luc Divialle-Hamlet, ki pran non Djolo, nan yon entèvyou li bay Haiti Inter, a Paris, France, di Charles Fernand Pressoir se premye savan Ayisyen ki te eseye esplike lang Kreyòl Ayisyen se yon lang Afriken (ttps://youtu.be/r95Cq6m0eVQ?). Djolo prezante evidans li tire de yon metòd etid konparatif istorik, ki montre Kreyòl Ayisyen gen rasin nan lang ansyen Ejip. Trouvay sila ekstrèmeman enpòtan paske li montre Kreyòl Ayisyen pa yon lang melanje, konstitye ak mo nan vokabilè lang Ewopeyen, epi sentaks Afriken. Anplis desa, propozisyon Djolo vin kore agiman, prezans Homo Sapien Sapien sou tè d Ayiti date byen avan Kolon debake an 1492 (Sertima). 

Kritè entèlijans

Jodi a, gen yon dezekilib an Ayiti ki mete an danje lavi tout espès ki abite epi viv nan Milye an. Dapre Jean Price-Mars, otè, Ainsi parla l’oncle, sèl kritè pou evalye entèlijans se anpeche fòs ekstèn detwi fòs entèn. Kenbe ekilib osnon balans ant Ayisyen ak Ayiti se premye priyorite Ayisyen, k ap viv Ayiti ou a l etranje. Pa egzanp, an nou sipoze, forè se poumon Ayiti. Koupe pye, tankou Gayak, Kajou, Mapou, Pen, Pini, elatriye, kòm bwa pou boule pou fè chabon vin rann li ekstrèmeman difisil pou Ayisyen viv an Ayiti (Tab 1: CRESDIP). Kounye a, kòmkwa li pa bon pou viv Ayiti, Ayisyen sètoblije al chèche lavi toupatou. Tankou nou se yon group moun ki pa gen peyi osnon kote pou nou viv. Rete viv an Ayiti se prensipal defi, Istwa mete nan chimen tout Ayisyen, pou nou leve. 

 Konsomatè pyebwa kòm chabon

Ton pa an

 Gildiv

135,000

 Distilri luil esansyèl

30,000

 Boulanje

10,000

 Blanchisri

11,000

 Kantin lekòl

2,000

Tab 1: CRESDIP

“Sik ekspòtasyon bwa, fondamantal pou konprann dezas ekolojik nan espas Ayisyen. Jouk kounye a, yo pa pote atansyon sou sa. Poutan, peryòd nasyonal la, a lon tèm, montre iresponsablite ekspòtatè Kanpèch, Gayak, Pikan, ki enstale nan chak pò, k ap ekspòte bwa chak     ane pa santèn milyon liv, koze degradasyon milye natirèl la (CRESDIP, 1990. George Anglade).

Menm jan ak Kolon lè li te debake Ayiti, li te wè pyebwa sèlman, se vizyon sila yon kolonn Ayisyen genyen nan relasyon ant yomenm ak tè Ayiti. Yon espas pou yo fè lajan. Dapre yo, tè a chaje ak pyebwa, pou yo koupe, pou fè Kay, Chabon, Manje, Mèb. Epi itilize Chabon kòm Enèji nan Faktori, tankou Gildiv pou fè Kleren. Vizyon Kolonyal sa a egziste jouk kounye a. Apre plis pase 500 ane y ap koupe pyebwa, Ayiti vin malad. Maladi Ayiti soufri konparab ak yon moun ki pase plizyè ane ap fimen sigarèt. Li vin gen kansè poumon. Rive yon moman, li pa santi li byen. Li paka respire. Li ale konsilte doktè. Laboratwa fè egzamen medikal pou li. Rezilta egzamen revele li soufri ka kansè. Gòj li afekte. Li ap pèdi vwa li. Li difisil pou li respire. Doktè a di l, kansè paka trete. Li gen sèlman 30 jou pou li viv.

Nan ka Ayiti, nou kapab mete kansè an remisyon. Sa ap pran tan. Donk, li ijan pou nou kòmanse dèke nou wè pye ak plant yo se Poumon Ayiti. Jan tout moun konnen, pou byen respire fòk poumon ou an sante. Se t ap yon mirak si tout Ayisyen pataje vizyon, diferan pye ak plant yo se Poumon Ayiti. Dèke mirak sa a t a fèt, Ayiti t ap geri. Li t ap vin konvalesan. An reyalite, nou prezante yon sòt de Patoloji d Ayiti. An tèm medikal Patoloji se etid syans medikal pou tabli koz, devlopman, ak nati maladi. Se konsa itilizasyon mo Patoloji pèmèt nou dekri anomali estriktirèl osnon fonksyonèl ak modèl konpòtman Ayisyen ki rann Ayiti malad. Kididonk, nou obsève Vizyon kolonyal la, Komès ant Ayiti ak Metropòl, ak Estil Lavi, pou montre koz prensipal delabreman, ki fè pifò Ayisyen paka viv an Ayiti, epitou ede gide desizyon pou reyekilibre Ayiti.

Konsepsyon lavi Ayisyen

Nan fason Ayisyen konsevwa lavi, nou asosye moun ak flora. Nan yon mo, moun se pye. Nan kilti popilè, sitou pami sèvitè Vodou, plant senbolize lavi ak lanmò. Anfèt plizyè pye, tankou Mapou, ak Chèn, konsidere sakre. Youn nan pawòl pi selèb Tousen Louvèti te prononse an 1801, ilistre moun se pye. “Lè yo ranvèse m, yo frape kòf osnon nwayo pye libète a. Li pral repouse nan rasin li paske yo pwofon, e anpil”.

Menm lè nou apresye apò Vodouyizan nan Kosmogoni an, selon kèk savan tankou Price-Mars, Jacques Stephen Alexis, Lilas Desquiron, Vodou se nivo elemantè bèl tèt Ayisyen. Anplis desa, rapò CRESDIP revele, Relijyon ak Lame se de enstitisyon nan peyi a, ki makònen ak fòs ekstèn. Pwen sa a siyifikatif piske dapre Price-Mars, Vodou se yon relijyon menm jan ak tout lòt relijyon moun ap pratike nan monn lan. Donk, li nesesè pou nou al gade sa syans di de pye. Toudabò, pèmèt nou defini Kosmogoni. Se etid syantifik, mit, oswa eksplikasyon filozofik sou fason reyalite, lòd ak egzistans te parèt. Syans, youn nan twa pati Kosmogoni, pèmèt nou fokis sou sistèm solè, osnon planèt la. Relijyon ak Filozofi se de lòt pati nan Kosmogoni.

Richard Feynman, fizisyen, otè QED the strange theory of light and matter, nan yon videyo esplike kote pye soti (https://www.youtube.com/watch?v=3s--0Z-drD0). Li mete anfaz sou nwayo osnon kòf la. Li di solèy la separe Oksijèn ak Kabòn pou pye a ne. Li presize apò tè a minim. Se separasyon Oksijèn ak Kabòn, solèy la fè, ki pèmèt pye a fèt. Lè w koupe pye pou itilize kòm bwa, epi boule li pou fè chabon, peyi a vin pi cho. Yon fè enteresan, pami endijèn nan kontinan Ameriken se mo Enka, pou deziyen moun. Nan langaj endijèn, Enka vle di, “Pitit Sole”. Dapre Cheihk Anta Diop, ekriven, e otè The African Origin of Civilization Myth or Reality, li enkonsevab pou premye moun yo pat Nwa piske yo fèt nan rejyon Tropikal, anba solèy cho.

Pèspektif endojèn

Nan seksyon kritè entèlijans nou mansyone de aks, Ekstèn ak Entèn, ki ekivalan ak Egzojèn - Endojèn. N ap itilize yo pou konstwi yon tab 2 pa 2, ki bay 4 kare (Tab 2: Pèspektif Endojèn). Nou deja site de prensipal enstitisyon ki lye ak Egzojèn anndan peyi a. Yon senp obsèvasyon montre, mete Ekzojèn nan Endojèn koze gran konfizyon pami Ayisyen. Rezilta, anpil Ayisyen se pouryanis. Yo gen atitid, kite mele m. Pa egzanp, nan nivo Leta ak enstitisyon konstitisyonèl, nou kapab konstate pami anplwaye yo gen yon lese grennen total.

Nan faz sila, nou deklare se aks Ekzojèn-Endojèn sa a ki konstitye vrè problèm Ayisyen, pou li rezoud. Nou postile solisyon an se aplike pèspektif endojèn (Endojèn-Endojèn) pou Ayisyen reyekilibre Ayiti. Ansuit, n ap di sa dwe fèt selon Lekòl Mèveye. Yon lòt fwa, n ap site Alexis. Plizyè ane desa, li di problèm sosyal Ayisyen ap konfronte pap rezoud nan de lang. Alexis, plede pou Ayisyen ekri nan lang Kreyòl Ayisyen. Sa ki pi enpòtan, li esplike se sa ki Mèveye, osnon bèl tèt Ayisyen. Anfèt, Alexis san li pat rive nome metòd la t ap pale de Oralti. An 1970, Prio Zirimus, savan Ougandè, propoze Orature pou ekate mo Oraliture. Li te trouve Oraliture se yon sòt de pleyonas piske mo oral la deja nan literature. Plizyè ekriven Ayisyen ak Afriken suiv konsiy sila. Youn nan chanpyon Oralti osnon Orature se Mgugi wa Thiong’o, yon ekriven, otè Kenyen. Thiong’o te pran desizyon pou li ekri nan lang li pale Kiguyu. 

 Endojèn-Egzojèn

 Endojèn-Endojèn

 Ekzojèn-Ekzojèn

 Ekzojèn-Endojèn

Tab 2: Pèspektif Endojèn

Konklizyon

Nan dènye analiz, nou site plizyè savan, Price-Mars, Alexis, Djolo, ak Thiong’o pou sipòte Pèspektif Endojèn. Nou ap chapote yo ak, Diop, ki propoze “konesans dirèk”, pou nou kore pèspektif endojèn. Ò nan ka Ayiti, nou remake lang Ayisyen kache valè entrensèk, epi se sèl faktè inifikatè tout Ayisyen. Akademi Kreyòl Ayisyen ta dwe sèl enstitisyon entèn, san enfliyans ekstèn, pou avansman tout Ayisyen. Mèzalò, fòk kad la elaji avèk Ayisyen natif natal, ki derefize di, se Ayiti anyen pap chanje. Pou plis presizyon lang Ayisyen se aks Endojèn-Endojèn. Nou repran propozisyon Djolo, pou nou raple Kreyòl Ayisyen pa yon senp lang enpòte ki melanje ak vokabilè lang etranje. Dapre anpil savan, ki itilize Tab 2 pa 2, tankou George Richardson et al, nou postile se nan pèspektif endojèn lan Ayisyen ap jwenn kè kontan (https://www.youtube.com/watch?v=MSo8kqbLDlw). Nan bon Kreyòl Ayisyen, “Maskriti pa bizwen dife chabon pou li vin Luil Derisen”. An tèm konkrè, nou ap propoze Modèlizasyon Sitiyasyon an Ayiti. Modèl sila ap p nou obsève pratik ki an aplikasyon, epi rezilta yo bay, tankou deforestasyon, ewozyon, pèdi tè. Modèl la ap pèmèt obsève altènatif, tankou enèji pròp, epi rezilta yo kapab bay si Ayisyen enplemante yo. Se Profesè Jay Forrester nan Massachusetts Institute of Technology (MIT), ki vini ak Modèlizsyon. Otè esè sa a aprann Modèlizasyon nan System Dynamics Society.

Diskisyon

Demach nou antreprann nan tèks sila se pou ankouraje chak Ayisyen eksprime vizyon Ayiti. Objektif tou kout se kominike pou sispann enkoyerans, ak non sans, tankou deforestasyon. Nou estime pou kore diskisyon an li nesesè pou nou soutni yon langaj apropriye. Evidans montre meyè pratik pou langaj sa a libere se pou tout moun pale klè, san anbigite. Pa egzanp, youn nan mo nou elimine nan Oralti se Pyebwa. Nou ranplase li ak mo Pye. Rezon an senp, nou pa janm wè yon Pyebwa an Ayiti, osnon nan okenn lòt peyi. Se chanjman panse sila ki pèmèt nou gen yon lòt vizyon, osnon pwendvi ki diferan de fós ekstèn yo, k ap eseye detwi tout Ayisyen. An jeyopolitik, nou di, Ayiti se la sèlman nou genyen pou nou viv. Kidonk, se pa yon Milye pou komèsan etranje vin fè biznis. Se Milye pou Ayisyen viv. 

Glosè


Milye: yon "milye" se anviwonman sosyal, kiltirèl oswa fizik yon moun oswa yon gwoup, ansanm ak kondisyon ki antoure yo ki fòme lavi yo oswa eksperyans yo. 

Ekoloji: se etid syantifik relasyon ki genyen ant òganis vivan yo, ki gen ladan l moun, ak anviwònman fizik yo.

Klima: se modèl kondisyon metewolojik yo, tankou tanperati, imidite, van ak presipitasyon, sou yon peryòd tan ki long nan yon rejyon espesifik; anjeneral, yo kalkile l sou yon peryòd 30 an oswa plis.

Flora: tèm "flora" a refere a tout plant ki egziste nan yon rejyon, yon abita, oswa yon epòk jewolojik patikilye, ansanm ak òganis mikwoskopik yo, tankou bakteri, k ap viv anndan oswa sou kò bèt yo.

Fona: li refere a tout bèt ki egziste nan yon rejyon, yon abita, oswa yon epòk jewolojik patikilye.

Plant: yon plant se sitou yon òganis vivan ki fè pati wayòm Plantae a epi ki pwodui pwòp manje l avèk limyè solèy.

Pye: se yon plant vivas ki gen yon tij prensipal ki long, oubyen yon tron, kote branch ak fèy yo tache.

Forè: se yon gwo zòn tè ki kouvri ak yon gwo kantite pye ak lòt plant ki gen tij, ki kanpe byen sere youn ak lòt.

Mangrov: yon mangròv se yon pye oswa yon ti pye ki gen anpil pye epi ki viv bò dlo kotyè ak estyè ki pwoteje, ki pa gen anpil oksijèn, nan rejyon twopikal ak sibtropikal.

Marekaj: sa refere a yon tè ki mou tankou eponj, ki mouye oswa ki chaje ak dlo, epi ki kouvri ak yon kouch dlo ki pa koule; souvan, li gen labou mou, sistèm drenaj ki pa bon, ak anpil vejetasyon tankou ti pye oswa gwo pye.

Ewozyon: pwosesis natirèl kote van, dlo, glas, oswa gravite piti piti kraze epi deplase tè, wòch, oswa sediman soti nan yon kote sou Latè pou ale nan yon lòt.

Dezè: yon zòn tè sèk ki resevwa anpil ti lapli oswa nèj, an jeneral mwens pase 25 santimèt (10 pous) pa ane.

Tè: kouch siperyè sifas Latè a ki lach epi kote plant tè yo grandi; li fòme ak yon melanj patikil wòch ki dekonpoze (sab, limon, ak ajil), matyè òganik (imis), lè, ak dlo.

Latè: twazyèm planèt nan sistèm solè a, ki sitiye ant Venis ak Mas, k ap vire toutotou Solèy la nan anviwon 365,25 jou, epi ki se sèl kò selès yo konnen nan linivè a ki gen lavi sou li.

Dlo pou bwè: dlo ki pa sal pou moun bwè epi itilize pou prepare manje san li pa lakòz maladi oswa risk imedya pou sante a.

Sous: kote, moun, bagay, oswa pwen depa kote yon bagay soti, kote yo jwenn li, oswa ki lakòz li.

Rivyè: yon kouran dlo dous natirèl k ap koule desann sou tè a nan yon kanal, nan direksyon yon lòt kò dlo, tankou yon oseyan, yon lak, oswa yon rivyè ki pi gwo.

Lak: yon gwo kantite dlo ki rete an plas nan yon basen anndan tè a, ki antoure nèt pa tè sèk epi ki separe ak oseyan an.

Reforestasyon: replante natirèlman oswa entansyonèlman forè ki deja egziste ki te fin diminye oswa detwi pa aktivite imen (tankou koupe pye oswa agrikilti) oswa twoub natirèl (tankou dife nan forè, ensèk nuizib, oswa maladi).

Basen vèsan: yon zòn jeyografik kote tout dlo sifas, nèj ki fonn, ak dlo anba tè ap koule pa gravite nan yon sèl priz komen, tankou yon kouran dlo, yon rivyè, yon lak, oswa yon oseyan.

Enèji renouvlab: kouran ki sòti nan sous natirèl ki toujou ap ranpli tèt yo pi vit pase moun konsome yo. Kontrèman ak konbistib fosil fini tankou chabon, lwil oliv, ak gaz natirèl, sous renouvlab pa pral fini.

Ekosistèm: se yon kominote òganis vivan k ap kominike youn ak lòt epi avèk anviwònman fizik ki pa vivan an nan yon zòn jewografik espesifik.

Peyizaj moun: yon peyizaj moun, ka ranplase ak yon jaden flè kiltirèl, se yon zòn nan sifas Latè ki gen fòm, chanje, ak enfliyanse pa moun ak kilti.

Bibliyografi

Anglade, G. (1982). Atlas Critique d'Haiti. CIDIHCA. Montreal, Canada

Aristide, J. B. (1999). Investir dans l’Humain. Imprimeri Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haiti

Barthélemy, G. (1989). Le Pays en Dehors. Editions Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haiti

Bernadin, E. A. (1991). L’Espace Rural Haitien. Editions des Antilles, S.A. Port-au-Prince, Haiti

Centre de Recherche et Formation Economiques et Sociales pour le Developpement, CRESSFED (1956). Presence de Jacques Stephen Alexis. CRESSFED. Port-au-Prince, Haiti

Centre de Recherches Sociales et de Diffusion Populaire, CRESDIP (1990). Haiti, Terre délabrée, Dosier 2. CRESDIP. Petion-Ville, Haiti

Centre de Recherches Sociales et de Diffusion Populaire, CRESDIP (1990). Haiti, Pays Écorché, Dosier 1. CRESDIP. Petion-Ville, Haiti

Desquiron, L. (1990). Les Racines du Vodou. Imprimerie Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haiti

DeWind, J., Kinley III, D. H. (1988). Aiding Migration the Impact of International Development Assistance on Haiti. Westview Press, Inc. Boulder, CO

Diop, C. A. (1974). The African Origin of Civilizations Myth or Reality. Lawrence Hill Books. Chicago, IL

Forrester, J. (1989). The Beginning of System Dynamics. System Dynamics Society. Stuttgart,         Germany

Feynman, R. (1985). QED the Strange Theory of Light and Matter. Princeton University Press. Princeton, NJ

Joseph, P. (2018). Haiti, Mon Departement, Ma Commune, Ma Ville, Mon Pays. Maison Editions Konbit. Petion-Ville, Haiti

Kabore, A. (2014). Orature as a Characteristic of the Literature of Werewere-Liking and Pacéré. University of Ouagadougou. Ouagadougou, Burkina Faso

Kiring, D. A., Boynton, W. V. (1991). Altered spherules of impact melt and associated relic glass from the K/T boundary sediments in Haiti. Lunar and Planetary Laboratory, University of Arizona. Tucson, AZ

Lafontant, D. F., (2010). After the dust settles the next practices for the Transformation of Haiti. Trilingual Press. Cambridge, MA

Lwijis, J. (1993). Kalfou Pwojè. Bibliotèque Nationale d’Haiti. Port-au-Prince, Haiti

Magic Haiti (2013). Musée Ogier-Mombrun. L.Imprimeur SA. Port-au-Prince, Haiti

Presses Nationales d’Haiti (1987). Constitution. Le Moniteur. Port-au-Prince, Haiti

Price-Mars, J, (1998). Ainsi Parla l’Oncle. L’Imprimeeur II. Port-au-Prince, Haiti

Sertima, I. V. (1976). The African presence in Ancient America they Came Before Columbus. Random House, New York, NY

Séverin, F. (2000). Plant ak pyebwa tè d Ayiti. Imprimerie Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haiti

Thiong’o, N. W. (1986). Decolonising the Mind: The Politics of Language in African Literature. Ghent University. Belgium

* * *

*Osijè otè a Dumas F. Lafontant, ML (Doumafis)

Li se yon edikatè, pansè ki konsantre sou zafè iben; li gen anpil ane eksperyans nan domèn dinamik sistèm. Li se otè Introducing Nubia, yon pwogram ansèyman pou fè timoun ki gen laj lekòl aprann sou Wayòm Kouch (Kingdom of Kush) la. Li ekri plizyè atik, liv, ak powèm ki pibliye pa òganizasyon tankou Boston Society of Landscape Architect, New American Writing, Potomitan.info, Tanbou, ak Tri-Lingual Press. Lafontant gen yon diplòm Metriz nan Lidèship (Master of Leadership) li te konplete nan University of Southern California. Metòd ansèyman li baze sou kat prensip sa yo: Aprantisaj, Entèaktif, Plezi, ak Eksperyans pratik (li rele LIFE an anglè). Li dirije, fòme, epi bay ekip li a kapasite pou yo kominike nan yon nivo ekselans. Li demontre entegrite, dinamis, ak kapasite pou jwenn solisyon nan chak aspè nan lavi chak jou li. Doumafis se pwopriyetè Abrigani, yon antrepriz ki ofri sèvis bay lòt biznis; Ecofugees©, yon inisyativ ekolojik pou pwoteje abita natirèl ak espès ki an danje disparisyon; epi li se pwopriyetè "hexagonal canvas" la, yon pwodui li anrejistre nan eta Massachusetts an 2016. 

*

 Viré monté