Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Flerèt

Dumafis Lafontan

Lanmou antre nou se sipriz joudlan.
Li depase fwontyè ak tout lòt limit fizik.
Lap kontinye jouk li vini panse,
Chak jou Bondye mete,
Pou nou viv tankou zanj Nanginen.

Tande vwa sila.
Se nan fon kèm pawòl yo sòti.
Oun kote pensonn pa kapab gate lanmou.
Anfèt, chak jou kèm bat fò,
Pou okenn solitid pa anvayi kòm.

M ankouraje w koute bèl rit moun damou.
Lap fèw danse Kalinda, Nago, Yanvalou.
Jete dlo pou lanmou jayi san rete,
Pou toutan nap viv.

Map diw oun verite.
Menmlè nou pata la,
Lanmou ap kontinye ak timoun yo.
Yap grandi ak lanmou,
Kap vini piplis ak pititpitit.

W kapab wè an Kreyòl,
Mwen desine oun kokenn chenn lanmou kreye,
Ki pap janm kase.
Jalou te mèt sote, ponpe li pap sis.
Anndan nou, lanmou triyonfe pou toutan,
Sanfen.

boule

Viré monté