Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Jete dlo, nan non zanset yo, 22 Dawou

Doumafis Lafontan

22.08.2017


Eklips la

Jou 21 Dawou sanble oun teyat: Zombi Apocalypse. Anba lavil, moun kanpe pil, pa pil, pa pil. Sa ki genyen? Se gwo evenman! Manze lalin kap karese konpe sole san kache. Se komsi, yo ta di eskelet soti nan klozet. Enben, eklips sila se tankou de gran moun k ap fe lanmou gwo lajounen ki atire gran foul.

Lavi nan diktati

Laboratwa te bay pinga. Ou pa dwe gade eklips la san linet. Epi yo te mete sou plas plizye sant obsevasyon, tankou Massachusetts Institute of Technology, Boston Public Library, Museum, elatriye. Sa ki pat kapab ale nan sant laboratwa te setoblije achte linet pou gade. En pousan (1%) tou profite fe oun ti kob selon egzijans achte linet pou gade oun fenomen ki dire mwens 2 minit. Bon, atansyon pa kapon. Pridans se lizaj.

Pensonn pa kapab blame zot ki pote linet pou gade oun fenomen kosmik ki pa nouvo ditou, ditou. San dout, yo aprann viv nan diktati depi yo komanse pran dikte, oun aktivite edikatif ki pa tolere okenn fot, ni wete osnon mete oun vigil. Sizoka, elev la mal ekri oun mo, li pran oun dividal kou nenpot kote nan ko li. Kididonk, nan Nouvo Mond, se depi piti, yo aprann timoun viv nan diktati boutdi pa pwofese Frères Chretien anndan sal klas lekol.

An verite

Jodi a, nou pran lari, byen chelbe, camera potab nan men. Nou debake sou oun bann moun kap gade nan direksyon sole. Nou sezi opotinite fe dokifoto sila. Dapre nou, sen nou fotografiye pa telman diferan ak lot gran anons tankou Y2K. Eksepte pou eklips la, sanble moun yo byen kontan temwen gran evenman sila.

Anverite, popilasyon mond lan bizwen plis bon nouvel olye zak briganday ak gwo ponyet peyi devlope oksidan kont peyi ki pa gen zam destriksyon mas.

Ayiti manman libete

Madi 22 Dawou enpotan menm jan ak eklips la paske jou sila make abolisyon esklavaj nan Nouvo Mond, ane 1791. Potomitan sila se sel zam ki kapab defet nenpot atak, lenmi deklare osnon sipriz kont nou. Kididonk, pou komemore komansman Lage Endepandans, n ap di tout moun jete dlo nan non zanset yo.

Se sa nou te ale we, nou retounen rakonte.

Doumafis Lafontan

Viré monté