Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ochan pou Papa Desalin

Dumafis Lafontan

2026

Ochan pou Papa Desalin

Le châssis a été conçu par Doumafis en 2016

M ap mande, Bondye Boukman lan, pèmisyon pou m site non Desalin.

Nan lavi, Desalin se sèl non, Ayisyen pa dwe site konsa, konsa.

Sa tèlman vre, 17 Oktòb 1806, okenn moun pat ka mande, ki mò Lanperè te mouri?

Menm nan lanmò, Desalin fè tiran tranble, tankou Lougawou,
Konpè Jeneral Solèy bare.

Bare Petyon 
Bare Kristòf
Bare Jeren 

Vwa sa a, k ap rele bare yo, 
Ayiti pran nan konplo entènasyonal,
Pa yon senp powèt.

Vwa sa a, ap retabli verite absoli nan lavi Desalin, pèsonaj la, karaktè li, epi sa l fè.
Pou Ayisyen
Pou Limanite
San bliye Nanginen

Tonnen se pa vre
M fout di se manti
Pat gen masak blan

Kòmkwa Ayisyen te dwe gade kriminèl yo nan zye.
Tankou demann vanjans 14 Dawou 1791 lan se te pale Fransè

Non, tout Ayisyen te di non
Se pèp la ki te egzije dechouke mons ki te benyen nan san Ayisyen
Dayè, yo te bay chak Fransè kriminèl, yon epe pou defann tèt li
Zansèt yo te pi fò, blan yo peri pa epe

Èske, nan lang francais, li pa ekri, 
Qui frappe par l’épé, perira par l’épé?

Ak ki sa Kolon te anvayi Ayiti?
Se pat ak epe!

Kolonis yo se yon bann lach
Yon pakèt rechiya 
Ti kriye, k ap plenyen
Se akoz lafyèv jon nou pèdi Batay Vètyè, Okap, 18 Novanm 1803.
Epi Ayisyen masakre nou

Se pou yo gen kouraj pou yo di, Papa Desalin te pèmèt chak blan kriminèl defann tèt li. 
Se pou yo gen onètete entelektyèl, pou yo admèt Ayisyen vanje moun Nwa. 

Yon lòt fwa, an n di:
Ak tout kè nou
Ak tout nanm nou
Ak tout kò nou
Pawòl masak la se foulay

Anfen, Papa Desalin se tip moun 
Menmlè li pa pami nou
Tout Ayisyen selebre l
Alòske, li pat sèl gran Konbatan Libète
Te gen Gouvènè Jeneral Tousen Louvèti
Jeneral Klèvo, kòmandan Batay Vètyè
Jeneral Kapwa, yo rele lanmò
Jeneral Marijann 
Defile, yo rele La Folle
Ak Anperèz Klè Erez, Madan Desalin

Poutan Ayisyen pap ka bliye Desalin
Nou pap ka bliye l 
Piske li se premye Anperè Ayiti
Se li ki libere tè Ayiti
Se li ki ban nou Endepandans 

Desalin gen kalite inik
Yon esans 
Yon orijinalite
Nou pa jwenn nan okenn lòt moun sou latè

Se karaktè inik sa a Ayisyen raple l
Ki fè l selebre Desalin
Anfèt, Ayisyen envite sa ki rete vivan nan Desalin, pou l onore l

Chak fwa nou reyini pou n bay Desalin Ochan, 
Pèsonaj la prezan
Li se mèt tèt Ayisyen
Li se mèt a panse sila yo 
Ki vle ale an avan.

Ochan, Ochan o 
Papa Desalin
Nasyon an debou 
Yon mo, yon Lòd
N ap mache alaso 

 

Doumafis, 2026

*

 Viré monté