Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

“Aya Bombe! Malheur à celui
qui au moment du péril ne se lève pas.”

Dima Lafontan
2008

Jan nap obseve te a ap prale nan lanme
Menm jan Ayisyen pran lanme.
Jan nap gade te a vini arid
Menm jan kondisyon Ayisyen pi di.
Jan nap we fon e flora ap disparet
Menm jan legasi e tradisyon diminye.
Jan w rete nan te a
Menm jan te a trete w.

Pou lavi Ayisyen kontinye
Sel posiblite se relasyon daki. 
Se tankou loko miwa:
Marasa
Dosou,
Dosa

Jan tout moun konnen.
Depi Kolon te pedi.
Espay rive genyen Ayiti se mal-edict-ion:
Maladi;
Lage;
Kod esklavaj pa Wa Espay;
Kod nwa pa Wa Franse, pita nwaris pa Francois Duvalier e Lorimer Denis;
Koupe pyebwa;
Pepetyel san sekou.

Se pou Ayisyen depoze Kwa.
Kite Women ki te touye Kris monte kalve tousel.

Adye, se pou nou pote plent:
Egzije Batiste;
Mande Tit;
Oblije Kadas; e
Fe Lalwa Gouvene.

Wi, menmle dezas natirel ak lot kalamite relijye e politik menase lavi Ayisyen li toujou posib pou nou devlope estabilite e pwosperite pou majorite popilasyon an.

Pa gen dout.
Volonte politik ap rive bay obsvasyon Desalin ko jiridik:
"Kouman fe depi nou fin chase Kolon pitit yo reklame te a kom eritaj papa yo; kididonk, sila yo ki genyen papa yo ann Afrik pap jwenn anyen? Pinga! M konte pataje te a jis e ekitab."

Koralen Istwa Ayiti va di si se vre:
"Prezidan Preval se kavalye chwal Desalin tap cheche a?"

Nou pap sa bliye koup chwal-kavalye senbolize istwa kolektif moun Afrik, egzanp Ginen, Dawome, Kongo, elatriye;
Ki se, Istwa Lamerik.

18 Novanm 2008 ap make 205 ane depi Lespri paret nan paraj Vetye, Okap.
E menmsi move lang di:
"Se Ayiti anyen pap chanje."
Nou konnen miste chanje lavi e
Jistis pral blayi ann Ayiti e Monn lan.
Nap kite w ak divinite san tewori:
Verite se Lape (italik la se pam).

Se sa mwen tale we mwen retounen rakonte.

Doumafis Lafontant
09-11-08

Viré monté