Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Annela

Dumafis Lafontan

Annela,
Fanm vanyan.
Ayisyen,
Pa manje anyen frèt.
Lè li leve kanpe,
Tout mechan, malfetè, tiran tranble.
Tandiske pou timoun yo,
Annela se manman bon kè.
Ki simayen lanmou.
Moun ki viv ak Annela pa mande kite.
Tèlman bouch Annela gou.
Foumi pote nouvèl ban mwen

Frewo

boule

Viré monté