Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Oktòb se mwa Kreyòlofoni

31 Tèks Kreyòl Pou Mwa Kreyòl: Oktòb

Bito David

Oktòb se mwa Kreyòlofoni

ANN CHANTE LITANI LESPWA

Ann chante litani lespwa
Nan yon kandjanwon pou listwa
Pou n rive soti nan fè nwa
Pou yon jou manm nou kab pran pwa

Ann fòme yon koral lavwa
Pou n sispann mache labatwa
Pou leve tout mò k nan dòmi
Sa k pa mouri ke yo andòmi

Ann graje melodi lavi
Pou son lanati fè bèl flè fleri
Nan jaden ki sanble k deperi
Pou tout maladi n kab geri

Ann sonnen twonpèt revolisyon
Pou n kab jwenn yon bon solisyon
Pou peyi n ki nan koripsyon
Kab soti nan malvèzasyon

Ann chante lirik lanmou
Ann chache penti kajou
Pou n dore fasad lespri n
Ak wouze teren lavi n

Ann chante litani lespwa
Nan yon woumble ki pou bay lavwa
Pou anfen nou sispann pot kwa
Pou yon jou n chante kantamwa

Oktòb se mwa Kreyòlofoni

DEFI NASYONAL

Nan kafou mabyal
Defi nasyonal
Jodi a lakay
Ap pase yon tray

Nou gen okipan
Nou gen trayizan
De twa militan
Ki san angajman

Nou genyen flatè
Kolaboratè
Men n pa gen aktè
K pou fè bon lagè

Nou genyen bandi
Yon bann figi di
N manke patriyòt
Plis se patripòch

Si mil ui san kat
Nou fè blan fè bak
Apre de mil kat
Nou vin ti katkat

Peyi n ap sonbre
Avni l ankonbre
Peyi n ap fin vann
Zantray li ap fann

S on imilyasyon
Yon gwo veksasyon
Pou sa ki gen nen
S ak pa nan koken

Nan kafou mabyal
Kote n nan voksal
S on wont nasyonal
Fyète n nan rad sal

Men genyen yon ti klik
K ap pote kritik
Gen sa k ap aji
K poko wè jou j
Gen kèk militan
Ki pa yon gwo klan
N ap ba yo ochan
Pou travay chanjman

Oktòb se mwa Kreyòlofoni

ABA LANMÒ VIV LAVI

M ap chache pran lanmò
Nan fent nan kwen simityè
Devan Bawon Sanmdi
Soti dimanch rive lendi

M ap chante yon litani
Pou m fè l ret nan govi
Pou Tezen ak Simbi
Toujou ban n lavi

M ap chache yon baboukèt
Pou m mare move dèy
Bouche je posesyon
K ap mache an resesyon

Aba lanmò viv lavi
Aba tristès viv lajwa

Anba sis pye tè
Zosman kretyenvivan
Sanble repoze anpè
Nan gagè tiyogann
Ki manje tout vyann
Sou po kò lezòm

Lanmò jouke lavi n
Lanmò ante tout vi n
Devan laperèz je drandran
Nou sanble n sou de ran
Ap tann yon santans
Ki pa menm ban n yon chans

Aba lanmò viv lavi
Aba vye dèy viv mèvèy

Men lanmò pa lenmi lavi
Se nou k pou konn sa l vle di
Nan mesaj chagren malè
Sanble li vle fè n wè yon koulè

Baboukèt nan dyòl lanmò
Pa rive kontinye lavi
Antèman Bawon Sanmdi
Louvri pòt simityè
Pou akeyi nanm lakreyasyon
Ki fin fè liminasyon

Jou yon zetwal file
Al etenn nan fon syèl
Disparèt kou zèklè
Pa jou lavi fini
Se jou l resikle
Nan fon linivè

Viv lanmò viv lavi
Se de lawon kavalye pòlka
Pou ekilib lakwa
Pou moun fou kab peye dwa

Oktòb se mwa Kreyòlofoni

ÒGANIZASYON MONDYAL

Òganizasyon mondyal yo pa pou nou yo ye
Sa la pou ede vòlè yo piye devore
Lè pèp ki nan di pran fizi yo konnen yon bouke
Lamedsin entènasyonal sa a met kò l sou kote

Yo fè reyinyon yo pale yon ranse
Devan vè chanpay g on diven k enpòte
Se la sa rete
Lè pèp anba zam tout peyi tout kote
Mwen renmen tande zòt k ap analize
Lè l pa konsène
Lè l pa konsène

Tout sa moun pa vle tande se verite li ye
Reyaksyonè soudevlope yo sa pi danjere
Lè entère yo menase se yo k toujou rele
Tout fòs entèvansyonis yo pou pèp ki soulve

Laklas dominant entelijan ke l ye
Anprensip konnen ke l an minorite
L konn kijan pou l jwe

Pozisyon de klas li se sa ki konte
L a fè lenposib l a kraze l a brize
Pou l elimine timoun ki lan ze

N ap goumen jouk mayi mi jouktan nou libere
Pran konfyans nan lit lòt pèp yo ki pa pè tonbe
Delivrans yo se jefò yo nan san ki ap koule
Grenn doktè ta vle preskri yo voye sa jete

N ap voy on sali pou tout pèp k ap lite
Anpil konpliman pou tout moun ki tonbe
Pou koz libète
Pou chen ayisyen k ap di yo kiltive
K ape fè komes ak mizè refijye
Lan inivèsite
M voy on plòt krache
Lan inivèsite
M voy on plòt krache
Lan inivèsite
M voy on plòt krache

Oktòb se mwa Kreyòlofoni

LANG NAN LANG

Mwen bo kreyòl sou bouch
Lang li gen gou myèl sou kouch
Li lanbe tout po m
Li niche sèvo m

Mwen bo kreyòl sou bouch
Kominikasyon n pa louch
Nou pa janm nan komokyèl
Lang nan lang nou vizite lesyèl

Mwen bo kreyòl sou bouch
Kè m pran yon bèl douch
Se konsa m tonbe damou
Lang nan lang dous kou rapadou

Mwen bo kreyòl sou bouch
Ansanm nou vwayaje sou zèl lakansyèl
Kominikasyon n pa louch
Lang nan lang nou vizite lesyèl

KASELEZO

Lannuit akouche solèy
Sou chimen mèvèy lawouze
Lalin ki plenn ak limyè
Vle klere teren ki gen tenèb

Langelis kouvri klate lajounen
Ak yon manto sonb pou kalme firè
Chofaj midi ki pot flanm chalè
Ki mande repo pou nanm tout vivan

Nan yon tranche mabyal
Gwo vòlkan vomi trip latè
Bav li ki koule se esans glòb terès
K ap fètilize teren n lè l fin frèt

Lè loraj gwonde nan syèl lanati
Zeklè l fekonde espès ki nan ze
Se filozofi lespri lejandè
Ki renmen mistè plis pase vye prèch

Lavi se yon tranche yon kaselezo
Pou met ba yon jou yon gwo lyann wozo
Ki nan anachi jwenn yon bon jeni
Ki kab eksplike fason l fonksyone

Linivè jèmen yon divèsite
Yon bèl varyete ki sanble k choke
Tout lespri kòde ki pa vle lage
Ki ta dwe mache dapre sa l vante


JOU N TA VIN GEN ZÈL

Jou n ta vin gen zèl pou n rive vole
Se lè sa a n ap kab remake
Jan nou te esklav anba gravite
Sou sifas latè kote pye n mare

Jou n ta vin gen zèl pou n rive vole
Obsève mèvèy lanati pote
Jou sa a je noutout ape pran dife
Sa l ap wè bouch pa p kab pale

Jou n ta vin gen zèl pou n rive vole
Se jou sa a nanm nou ap vin dekole
Do n ap vin byen laj pou n rive pote
Tout vye kwa perèz inyorans bwote

Jou n ta vin gen zèl pou n rive vole
Jou sa a n ap plane san n pa afole
Nou pa p bezwen bwa pou n al f on poze
N ap rive konprann tout move koze

MELANKOLI

Si yon wosiyòl kagou
Chante l pa kab gen bon gou
Son dezespwa ak tristès
Bay vwa li yon eko detrès

Si yon kolibri an agoni
Tout flè lakanpay ap joni
Jaden choublak ap fennen
Lawouze ap seche granmdimaten

Si yon sanba chagren
Si pwezi l pa jwenn angren
Se lapenn nan tout lakou
Ni nen ni je toude pran kou

Sou branch lorye yon bèl lavi
Pafwa kè nou konn pran nan di
Sousi ki ban n melankoli
Konn fè n bliye tout ti foli

Nyaj gri kouvri n lè tan pare
Sanble se sò n syèl la ap chare
Nan jou lapenn lemond fè nwa
Pa gen espas pou n jwenn lajwa

Jou kè m sere se ou m sonje
Ansanm ak ou mwen vle plonje
Nan fon lanmè al kay Tezen
Pou n kab rive jwenn sa n bezwen

Jou je m anfle ak ou m panse
Se ou k kab fè ti kè m danse
Son melodi k chase malè
Ki fè m santi m nan yon palè

Sou wout lespwa n ap vwayaje
Si n jwenn richès n a pataje
Ni mwen ni ou fò n pa bliye
Sou youn ak lòt fò n apiye

MISTÈ TENÈB MINUI

Nan mitan lannuit lè li minui
Nan fon bwa lè ta dwe gen silans
Men gen plis bri ak chuichuichui
Imaj avèk son pèdi balans
Je pa wè se wayòm zòrèy
K ap tande dividal bèl mèvèy

Zandolit ape kodase
Krikèt ape sisiye
Pandan krapo ap kwakwakwa
Son ki fè eko nan mitan fon bwa

Si yon chen wouke
Se on koukou li wè ki pase
Yon chòvsouri ki ap vòltije
Paweze tankou je l pete

Mistè minui nan lavi kretyenvivan
Se refleksyon laperèz ak kochma
Ki bay frison sou po nou chak fwa
Nou santi tresayman yon ti van

Si koukouy avèk je l pote yon lòsyè
Si zetwal nan fon syèl briye yon limyè
Nan lakou n se tenèb tristès blakawout
Ki mete nanm nou ak lespri toude andewout

Ann ret tann jou louvri sou teren dezespwa n
Pou ba nou soulajman ak repo anba kwa n
Pot chandèl pot balèn pot gwo bouji
Pou nou fè yon boukan klere je zonbi
Ki depi lontan ap soufri nan govi

 

MISTIFIKASYON POLITIK

Gwoup koutizan
Ak mas inyoran
Ap toujou kanpe sou de ran
Pou onore move tiran
Yo bat bravo pou tout prezidan
Kit li mechan kit li griyen dan
Senbòl lidè moun dwe glorifye
Soti depi nan egzanp latrinite
Gwoup opòtinis
Ak sitwayen patatis
Pa kapab panse san pasyon fanatik
Yo viktim mistifikasyon politik
Nou bezwen analiz kritik
Pou lespri n sispann domestik
Sa yo ban n kòm lidè lavi n
Ki ofon jis la pou detwi n
Imanis ak sitwayen pwogresis
Pa admiratè sistèm fantezis
Misyon yo se yon koz kosmik
Lòm pou yo gen yon valè inik
Lidèchip bon sovè ak mesi
Ansansman ak tout lòt litani
Pou laglwa ak lonè yon gran wa
Pa p janmen soulaje n anba kwa

boule

MINISTA (Bito David)

Se te yon rèv
Yon gwo kochma
Sou teritwa pèp Desalin
Yon jou konsa yon debakman
Vin mete nou sou kòmandman
Sou lobedyans lokipasyon
Sou degizman mas depaman
Lame mondyal gwoup sanmanman

Se te yon rèv
Yon gwo kochma
Pou souvrènte n ret bèkèkè
Akòz konze ak vye lidè
Ki vann fyète n bay malfektè
Ki fè n tounen esklav ayè
Anba bòt fè vye eksplwatè
Men yon jou konsa y a wè

boule

SANSASYON LANMOU

Yon vètij wololoy
Soule tout lespri m
Lè kò w avèk kò m
Danse yanvalou
Anba dra lannuit

Sou kabann lanmou
Touch ou pot chalè
Ki flanbe lachè
Anvi m ki anlè

Souf mwen ap monte
Yon kalvè dousè
Yon mòn lajwisans
K eksite m nan kè

Mwen anvi vini
Men m pa vle fè bri
Pou deyès Venis
Pa fè jalouzi

Mwen anvi vini
Jwi sa k fè m santi
Siwo myèl lavi
Plezi paradi

Vini non tanpri
Sansasyon lanmou
Se ou k bay lavi
Kay moun ki damou

boule

VYEWO (Manno Chalmay)

Nan mit on jaden nan Igwe
An Dominikani
De ayisyen chita n on batey
Pye atè do touni
Youn ape pale youn ap koute
Yo pa fè bri
Van nan kann nan sèlman ki tande
Sa y ape di

“Kouzen ou pra l fete Ayiti
Gen yon kominsyon
W ap bay madan mwen pou mwen
Kouzen, s on dyès pesos
Kouzen …
Lè ou rive lakay
Si w jwenn madanm mwen plase
W a bay manman mwen li pou mwen”

Kouzen ale, kouzen tounen
Avèk nouvèl ki bay kè plen
Manman mouri sa genyen kèk ane
Gen moun ki di
Ke se chagren
Madanm nan la l ape kenbe
E timoun yo mal okipe
Premye a grandi tankou chwal
Ti dènye a pa menm sonje papa l

Nan mit on jaden nan Igwe
An Dominikani
De ayisyen chita n on batey
Pye atè do touni
Youn ape pale youn ap koute
Yo pa fè bri
Van nan kann nan sèlman ki tande
Sa y ape di

“Kouzen mwen sot fete Ayiti
Gen yon komisyon madan m ou voye ba ou
Kouzen li lè pou w tounen
Kouzen Lè w ap janbe fwontyè
Menmsi ou pa pot anyen
Pa kite manchèt ou dèyè”

Kouzen, kouzen, kouzen
Kouzen w a pot manchèt
Pou w sekle move bayawonn woy
Kouzen w a pot manchèt
Pou w sekle move zèb woy


boule

 Viré monté