Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

MESAJ BIWO SANTRAL SOSYETE KOUKOUY
 POU SELEBRE  50-AN  MOUVMAN KREYÒL AYISYEN

EPI KREYASYON
SOSYETE KOUKOUY

1965 - 2015

Mouvman Kreyòl Ayisyen fonde 18 Desanm 1965. Potomitan Mouvman-an  se Henri-Claude Daniel (Jan Tanbou), Dr. Ernst Mirville (Pyè Banbou), Jean-Marie  Denis (Jan Mapou), Marie Lucie Byas (Idalina), Emile Jules (Pyè Legba), epi Emile Célestin Mégie (Togiram) ki vin kole zepòl ak yo pi devan. Konsa, ekip-la pran desizyon pou lanse Mouvman Kreyòl-la, malgre gwo danje lanmò Tonton Makout gouvènman otoritè Franswa Divalye-a t’ap simaye nan mitan lajenès epòk la.

Mouvman Kreyòl Ayisyen kòm òganizasyon derape apre yon konferans pwofesè Pradel Pompilus te fè, kote li te deklare sistèm edikasyon peyi Ayiti se ti franse l’ap fòme olyede ti Ayisyen natif-natal. Li te kanpe pou l’di, n’ap toujou rete dèyè kamyonèt lakonesans, si yo pa chanje kourikoulòm edikasyon  peyi-a. Kidonk, rantre lanng kreyòl-la nan lekòl…Pozisyon sa-a te fè anpil entelektyèl pitit Lafrans yo voye pye. Se nan mitan batay sa-a, nou te derape Mouvman Kreyòl Ayisyen-an ak piblikasyon Cahier kreyòl #1 nan mwa desanm 1965, epi kèk mwa pita Cahier #2(1966),  kote pozisyon Mouvman an  sou lanng kreyòl-la te parèt aklè. Kidonk, Mouvman Kreyòl Ayisyen  pèse, nan sikonstans polemik sila-a, pou defann lanng ak kilti pèp ayisyen-an. Lanng matènèl pèp-la, lanng kreyòl la, se premye zouti ki penmèt yo dechouke liyorans epi prepare sitwayen pou devlopman Ayiti.  Depi 50 ane, n’ap batay, kit se  Ayiti osnon nan dyaspora-a, pou Leta ayisyen konprann enpòtans lanng kreyòl nan devlopman peyi-a. Anpil nan nou viktim. Genyen ki pran prizon. Genyen ki mouri nan prizon. Genyen ki pran lekzil, men satisfaksyon nou jounen jodi-a sèke,  ti pa  ti pa, lanng kreyòl ap trase chemen-l nan peyi-a, jouk rive nan kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an nan mwa desanm 2014.

Nou dwe siyale, Sosyete Koukouy, pitit Mouvman Kreyòl Ayisyen an, genyen de pami  manm li yo, ki ap travay kòm Akademisyen anndan Akademi Kreyòl Ayisyen an. Se Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj) epi Max Manigat.

Kreyasyon ak devlopman Sosyete Koukouy

Pou  montre bibit kilti ayisyen-an ak lanng kreyòl, Mouvman Kreyòl Ayisyen-an ponn premye pitit-li: Sosyete Koukouy.  Sosyete koukouy se konsekans dirèk-dirèk aktivite Mouvman Kreyòl an Ayiti, nan ane 1960 yo. Se te rasanbleman tout atis osnon ekriven  ki pral rantre anndan nannan kilti-a pou montre richès ak bèlte lanng nan.  Chak swa, nou te sanble nan salon kay Idalina pou nou te prepare estrateji, men, apre  de-twa mwa, ti bout salon kay Idalina-a, Ri Kapwa, kwen Riyèl Wa, te twò piti pou kenbe gason ak Fanm. Pami yo, te genyen: Pyè Legba, Choukoun, Idalina, Danyèl, Togiram, Sousou Rozo, Zoklimo, (ki te konn vwayaje sot Divalye-vil vin nan reyinyon) Zaka, Ayida, Ti Ginen, Ti je takan, Pako, Ti nèg, Papiyon Nwa (Nou tout konnen jounen jodi a sou non Manno Ejèn, Klèmezin, Adelina, Annjelina, Gèda, Mariz Ipolit, Lokobasiye, Degoutan, Djo Alèlè, May, Ti Mak, Jòj Ektò, Manbosiya, Defile, Pelikan Fidèl, Lina, etsetera era... Yoùn te rele lòt Kouzen-Kouzin. Tout kouzen-kouzin sa yo te manm aktif Mouvman Kreyòl ak Sosyete Koukouy ki te gen emisyon Radyo Karayib chak dimanch maten sou non Emisyon Solèy. Se nan radyo Karayib nou te konn sanble pou nou fè reyinyon ak repetisyon aktivite kiltirèl yo.

Emisyon Solèy

Emisyon Solèy, se non emisyon radyo ki te konn fèt nan Radyo Karayib chak dimanch maten depi 7-è fè benng. Se te yon lòt pitit Mouvman Kreyòl-la.  Nan emisyon sila-a, nou te pibliye rechèch laboratwa Mouvman Kreyòl-la, enfòme piblik-la sou tout aktivite nasyonal ak entènasyonal ki gen rapò ak lakilti, epi kritike, pou ede tout aktivite teyat gwoup teyat yo t’ ap prezante. Diskite, pale koze, òganize konferans, fè konkou, ankouraje tout moùn ekri, voye dokiman pou piblikasyon, se te prensipal aksyon jèn ki ta pe travay nan preparasyon Emisyn radyo sa a. Apre kaye nimewo 1, Kaye nimewo 2   (1965-1966), ki defini direksyon travay nou, Mouvman Kreyòl pibliye "Choublak ak Kamelya". Se yon kouwòn  onz (11) sanba te trese ansanm pou ofri tout manman nan mwa Me 1967. "Choublak ak Kamelya" se rezilta prenmye konkou sou pwezi kreyòl an Ayiti Sosyete Koukouy te òganize pou ankouraje jenès-la ekri an kreyòl. Emisyon Solèy-la se te pòtvwa Mouvman Kreyòl Ayisyen-an.

Emisyon Solèy dire soti 18 desanm 1965 rive 6 avril 1969. Se emisyon ki te pi popilè chak dimanch maten. Nan kapital la (Pòtoprens) ak nan tout pwovens yo, depi 7-è rive, tout moùn branche. Emisyon Solèy vin kanpe ak arestasyon Banbou, Mapou, Legba, Grenn Pwonmennen, Ti Nèg, Dyo Alèlè, Opon, Frannz Sili, Pastè Ivan... Twa dènye non nou site la yo ak twa lòt ankò, nou pa sonje non yo, pa te manm Mouvman Kreyòl.  Ilsètarive, yo te nan lantouraj radyo-a, lò Rene Brenevil (Gwo Rene), Chèf Ploton makout-la ak yon dal makout, bayonnèt okanon, rantre nan radyo-a, pran pozisyon nan tout katye-a, sou tèt kay, bloke lari: machin pa monte, machin pa desann. Yo tonbe pase mennòt, mare ke chemiz jenn gason, gwo Dimanch Pak,  6 avril 1969, san di pouki, epi al lage yo nan depotwa Fò Dimanch / Fò Lanmò. Genyen ki pase yon jou tankou Grenn Pwomennen. Jan Mapou pase 4 mwa 6 jou. Pyè Banbou pase 6 mwa. San jijman. San esplikasyon.
Sosyete Koukouy, Emisyon Solèy, ak plizyè lòt seksyon tankou emisyon radyo «Isi-Jenès» te toujou nan radyo Karayib…

Sosyete Koukouy-la limenm te sou lobedyans Kouzen Jan Mapou ki te ba li fòm ak direksyon, toujou nan filozofi Mouvman Kreyòl Ayisyen-an. Men sa Émile Célestin Mégie (Togiram) rapòte sou kreyasyon Sosyete Koukouy-la, nan jounal "Le Petit Samedi Soir", nimewo 323.

«Sosyete Koukouy... Apre Emisyon Solèy-la, Mouvman Kreyòl ponn yon dezyèm pitit. Se sou non Sosyete Koukouy li pral resevwa batèm li. Sosyete sila-a, se yon gwoup atis-liv ki deside pou yo ekri an kreyòl. Travay atis liv sa-a yo te gen anpil enpòtans, paske se limenm ki te penmèt - ak jefò lòt moùn ki te vle boule nan menm direksyon-an- nou kite dèyè nèt estad teledyòl-la, pou nou fikse panse nou nan liv... Pandan tout envite yo t-ap manje, Kouzin Galata, manm Sosyete-a, te tanmen youn ti koze dous koun siwo myèl pou li te prezante onz lòt manm Sosyete Koukouy. Se te: Jan Mapou, Pyè Banbou, Zoklimo, Pyè Legba, Papiyon Nwa [Manno Ejèn, jounen jodi a], Grenn Pronmennen, Pelikan Fidèl, Sousou Rozo, Dyo Tchango, Defile, Togiram. Te gen divès lòt Koukouy ankò: Zaka, Degoutan, Bilolo, Idalina, Jan Tanbou, Ti Benn, Ayida, Kawòl, Ti Je Takan, Jan Klod Kantav etsetera era...

Plizyè envite te pran lapawòl tankou Direktè Radyo Karayib-la, Msye Antwàn Bwonn (Antoine Brown), ki te profite distribiye divès kopi yon chante Nwèl, Zo (Théophile Salnave) te konpoze.

Antwàn Cheri (Antoine Chéry), mayestwo Gonbo klib, te fè piblik-la aprann chanson-an. Lokobasiye (Robert Beauduy) te di kèk mo sou rechèch l'ap fè sou teyat popilè.

[Defen] Tonton Meme (Roland Dorfeuille) [– nou vin konnen sou non Piram gras ak Pèlen Tèt-], ki te yon aktè nan Lanbi Klib, te byen amize piblik la. Se te yon bèlbèl fèt ki pwouve nou, se pa jounen jodi Mouvman Kreyòl la ap goumen pou simaye richès ak bèlte lang natif-natal nou an.»

KORAL KOUKOUY

Mesyedam Koral Koukouy yo te konn fè repetisyon chak dimanch maten nan Radyo Karayib, ak pèmisyoun pòv defen Antwàn Bwàn (Antoine Brown) ak Frank Andre (Frank André), de fanatik je wouj aktivite kiltirèl nou t’ap mennen nan estasyoun-an. [Defen] Kouzen Ti Tonton (Joe Tony) ak pòv defen Romàn Malari (Romane Malary) te konn antrene koral-la.

TEYAT KOUKOUY

Teyat Koukouy pa te mens nonpli. 1965-1969, Mouvman Kreyòl te fè yon bann esperyans, yon latriye rechèch pou li te mete sou pye yon bon jan teyat popilè. Yon teyat popilè nan gou kilti peyi-a. Esperyans anpil kouzen ak kèk twoup teyat ap kontinye toujou an Ayiti tankou nan dyaspora-a 50 ane pita. Nan mitan ane 1960 yo, [defen] Lokobasiye (Robert Beauduy) te pran sa nan men-l. Se konsa, pou fete 6-èm anivèsè jounen teyat mondyal an Ayiti, li te fè yon kokennchenn  konferans an franse ak premye rezilta rechèch li yo. An nou li yon lèz nan konferans sila-a:

"Pour ce qu'il s'agit du théâtre, le créole n'est pas seulement une des conditions du réalisme, mais le véhicule quasiment exclusif de ce courant d'émotion qui va de la scène aux confins de la salle... Ce théåtre, on l'a dit, est aussi un théâtre total où les valeurs du chant, du geste et du verbe ne font pas que s'ajouter mais concourent à traduire le rythme intérieur d'un monde où ces éléments ne sont jamais séparés"

Manm Sosyete Koukouy yo, nan epòk sa a, se yoùn nan ekip jennjan ki pa te chita ap djèdjè san poze aksyon. Lò nou di teyat ayisyen-an, se yon kout kodak ki renmèt ou toupi sa k’ap pase anba yon Peristil. Kididonk, se yon teyat aktè epi piblik la fè yoùn. Se yon teyat aktè-piblik tèt kole, men lan men. Nou te bay yon demonstrasyon sou teyat sa-a, nan Gagè Paloma sou wout Kafou (Matisan) nan ane1968. Men sa Pyè Banbou rapòte nan "Bilap", Bilten enstiti lengistik aplike Pòtoprens, p. 4-5, 1979.

"Le recueil "Choublak ak Kamelya" a été présenté un dernier dimanche de Mai en 1968, dans le cadre du Gagè Paloma, dans les parages du marché Nirvana, à Martissant. Le Gagè avait été décoré pour la circonstance avec des tableaux en rapport avec la maternité. Ces tableaux avaient été mis à notre disposition par divers peintres et galeries de Port-au-Prince. Des écrivains, des poètes, des troupes théâtrales, des associations culturelles tels: Rassoul Labuchin, Robert Beauduy, Max Vallès et sa troupe (Banbou Kreyòl), Théodore Beaubrun et sa troupe Languichatte, Gonbo club... avaient apporté leur concours à la vente signature du recueil qui avait été imprimé gracieusement par l'imprimerie de l'ONEK, actuellement ONAAC..."

Nan Enstiti Franse, nou jwe Ti Wòz ak Ti Benn, pou fete Sen Valanten, 14 fevriye 1969. Ti Wòz ak ti Benn, ki te jwe tou nan menm epòk-la, Rèks teyat, se yon aranjman Pyè Legba ak kèk pwezi Dyedone Faden. Aktè prensipal yo se te Mapou, Ayida, Ti Benn. Metè-an-sèn: Pyè Legba.

Sosyete Koukouy pa te chita nan Pòtoprens sèlman. Nan Gagè ‘Aux éperons étincelants, Duvalier-ville’, nou te fè yon lòt esperyans ak menm fòm teyat anwon-an, fòm teyat, nou, nan Mouvman Kreyòl, nou  pwopoze pou teyat popilè ayisyen-an. Yon teyat  fòm anwon ki renmèt ou tifi, yon bon jan bouyon kiltirèl: aksidan, joure, batay kòk, seremoni lwa... Pèp sanble... Pèp ap pran zen... kanpe an sèk tankou yon match foutbòl andeyò... Won tankou yon fedkan eskout... Won tankou timounn ki antoure yon Vyewo k’ap tire kont, voye krik, mete krak... Fòm teyat sa a, se fòm teyat nan ane 1965-1969 Mouvman Kreyòl, Lanbi Klib, Etwal Karayib, Gonbo Klib... te koumanse.  Malerèzman, politisyen dikatè yo  toufe esperyans lan  anvan nou te bay pi plis pase sa.

ISI JENĒS

Isi Jenès, se te yon lòt Emisyon ki te sou lobedyans Mouvman Kreyòl (1965-1969). Se te Jan Mapou, Pelikan Fidèl ak Danyèl Soy ki te kenbe kòn-lan nan Radyo Karayib chak vandredi swa, depi 10-è rive pou 11è. Se te yon tradiksyon an franse kèk bèl emisyon an kreyòl nan dimanch maten. Isi Jenès ankouraje atis ak powèt ki t’ap boule nan lanng franse-a. Nou toujou di, epi  n’ap repete  lanng franse pou nou, sou tè Dayiti, se yon eritaj nou pa dwe pèdi. Nou pa soti pou nou pèdi-l tou. Franse, Kreyòl 2 lanng granmoùn sa yo fèt pou mache bradsou-bradsa.

«Isi Jenès» te pèmèt anpil jenn powèt montre sa yo vo nan lang franse-a, tankou Ulrick Rosarion, Gérard V. Etienne, Eddy Guéry, Josette Bienaimé, Maryse Placide, George Gonel, Bernard Beauboeuf, Macferl Morquette...

LÒT AKTIVITE SOSYETE KOUKOUY

Nan menm ane sa-a yo, Sosyete Koukouy  te konn marinen kont, lodyans, mizik, chante... Nan yon pwogram ki rele: «Kabrit Kreyòl» osnon «Kochon Kreyòl». Ti detant sa-a yo te konn fèt kay Idalina, Riyèl Maslen, osnon kay Beti, Riyèl Nazon. Kouzen Théophile Salnave te resevwa-n lakay li tou. Lè sa-a, tou malad, Zo ap di-n kijan li wè konpè lanmò ki vin chache-l. Zo di nou, li fout konpè lanmò youn sèl krab, li kase tèt tounen. Théophile Salnave (Zo), se premye Ayisyen ki pale kreyòl nan radyo.

Alokazyon 50-èm anivèsè Mouvman Kreyòl Ayisyen-an (kòm òganizasyon) ak Sosyete Koukouy, nou fè lareverans douvan tout kouzen-kouzin sa-a yo ki malgre kraponnay sou kraponnay ap fè rèdchèch pou ede peyi-a soti nan liyorans. Mouvman Kreyòl-la (mouvman jeneral osnon òganizasyon) pa janm fè bèk-atè. Malgre sa yo di. Malgre sa yo fè.  Emisyon Solèy kraze, manm Poto mitan li  yo degrennen, enpe Ayiti, enpe lòt bò  dlo, genyen ki mouri, yo pran prizon, enpe chape... Mouvman Kreyòl-la ak Sosyete Koukouy toujou kanpe djanm. Kraze! Seswa janmè. Biwo Santral Sosyete Koukouy ki tabli nan Miyami envite tout sanba, tout atis plim, tout atis anjeneral, tout ekriven, tout gason ak fanm ki vle klere chemen lakonesans pou pèp ayisyen-an pou n’ bay lebra pou nou kontinye travay-la.  Pa bliye aktivite ane 1960 yo te rache yon Deklarasyon anba pat ofisyèl yo: Kreyòl te gen dwa pale Lachanm (Li atik Monitè 28 septanm 1967 nan «Pwezigram» (Jan Mapou) p. 20). Nan ane 1970 yo, lanng Kreyòl-la, yo te konn rele «tèt kanna» te rive mounte tab. Kreyòl kwafe, kreyòl rantre nan lekòl. Li Lwa sa-a  Lachanm vote 18 septanm 1979 nan «Pwezigram», p. 21. An 1987,   Manman Lwa peyi-a deklare kare-bare: gen de (2) lanng ofisyèl nan peyi-a: Franse ak Kreyòl. Nan dat 7 avril 2014, Le Moniteur te pibliye  lwa sou Akademi Kreyòl Ayisyen an tankou atik  213  nan Konstitisyon 1987 la te mande li a. Nou bat bravo. Men, anpil travay rete pou fèt. Wout-la lonng. Li chaje ak pikan kwanna. Tankou Dr. Ernst Mirville (Pyè Banbou)  di: “Se tout lavi yon pèp nou gen devan nou la-a”.

Ane yo pase kondisyon lavi-a mennen tout boujon  Mouvman kreyòl-yo nan divès vil Amerikdinò. Pou yo koresponn ak reyalite sa-a, responsab mouvman-yo te aksepte louvri divès branch Koukouy nan divès vil  Amerikdinè ansanm ak anndan Ayiti. Tout branch-yo kontinye respekte liy direksyon Sosyete Koukouy-yo daprè filozofi Mouvman Kreyòl Ayisyen-an.  Rive nan mwa oktòb 1997, responsab Sosyete Koukouy yo te fè  yon gwo woumble nan Miyami, ki te dire 2 jounen, kote yo te fè yon premye tantativ rasanbleman tout majòjon Sosyete Koukouy-yo.

Yon dezyèm rasanbleman nan Miyami nan mwa oktòb 2007 te finalman simante tout manm Sosyete Koukouy-yo toutbonvre. Nan wounmble sa-a te gen (2) reprezantan Monreyal, Kanada, (10) Miyami, (2) Konektikèt, (2) Ayiti, (1) Tanpabe ak (1) Omsted.  Nan desizyoun yo, nou dakò pou n’te monte yon Biwo Santral ak prezidan chak òganizasyon Koukouy yo. Se sa ki te di, se sa ki te fèt.

Rankont lan te dire 3 jou. 26-27-28 Oktòb. Apati dat sa-a nou dakò sou kreyasyon yon vrè federasyoun Koukouy. Tout branch Sosyete Koukouy-yo vin pran abitid palmante yoùn ak lòt sou divès liy aksyon ki konsène lavi federasyon Koukouy-la ak lavi branch yo  an patikilye. Nou monte yon platfòm  websayt ki rele: www.sosyetekoukouy.com epi nou pran desizyon pou nou pibliye Pawòl Kreyòl: revi Literè Sosyete Koukouy.

Ann gade kouman divès branch Sosyete Koukouy-yo te kreye. Se apati dinamik kreyasyon divès branch Sosyete  Koukouy yo nou va rive konprann pi byen istorik mouvman-an epi rezon ki fè noumenm, mann Koukouy, nou di: Sosyete Koukouy se  «Poto mitan kilti lakay.»

ISTORIK SOSYETE KOUKOUY MIYAMI

Sosyete Koukouy tankou tout òganizasyon kiltirèl nan dyaspora-a gen pwoblèm manm k’ap deplase soti yon vil al viv nan yon lòt. Se sikonstans lavi-a ki oblije sa. Sosyete Koukouy Nouyòk t’ap fleri nan ane 1980 yo  lè, toudenkou, manm enpòtan yo koumanse deplase rantre Miyami.  Kiki Wainwright ak madanm ni Mikette travèse Miyami. Yolande Thomas, yoùn nan mèyè aktè fanm  nou te genyen, fè lareverans, rantre Miyami tou.  Apre prezantasyon Lanmò Jozafa nan Clara Barton ki te siksè plis foul.   Konpayi Jan Mapou  t’ap travay pou li nan Laguardia Airport-la mande li pou l’al   jere Paking Mayami Entènasyonal Èpòt yo. Ak kè sere li aksepte.

Septanm 1984. Nou te deja travèse Miyami. Nou jwenn youn kominote kote se politik senpman ki t’ap domine. Pa te gen anpil plas pou lakilti.  Yoùn nan òganizasyon kiltirèl yo   ki te sou teren-an , se Théâtre D’Haïti, yon gwoup aktè ki pote menm non ak teyat Moriso-Lewa mòn Èkil-la. Gérard Métellus ak Théâtre d’Haïti t’ap goumen ak yon pyèsteyat  Feliks Moriso Lewa ki rele «Wa Kreyon». Se dezyèm  pati pyèsteyat Antigone an Kreyòl Moriso ekri. Twazyèm pati-a rele Pèp-la. Nan epòk sa-a, se te filozòf [defen] Gérard Campfort  ki te responsab mizansèn nan. Men, akoz lòt aktivite, montaj pyès-la t’ap pyetinen.  Rive nou rive Miyami,  mesye-dam yo resevwa nou adebra epi mande-nou pou nou fè mizansèn Wa Kreyon pou yo. Se te premye batèm nou nan Miyami. Apre teyat sila-a, Yolande Thomas, Kiki Wainwright ap madanm ni Mikette; Rita Mehu Denis, Limone Joseph, Inavi Joseph ak Ernst Julmeus (Degoutan), nou reyini kay Yolande Thomas nan Sidwès Miyami pou nou te mete sou pye  branch Koukouy Miyami-an.  Se te 18 Desanm 1985.

Fondasyon-an te fasil. Nou te deja gen plan soti Ayiti travèse Nouyòk. Yon pati edikatif. Yon pati demonstratif. Yon pati kiltirèl…pou yon operasyon defans lanng kreyòl ayisyen-an ak kilti pèp-la. Premye biwo kiltirèl Koukouy Miyami yo te gen  manm fondatè yo ki òganize koukouy yo kòmsadwa. 

Pou  ede nou pwopaje filozofi Sosyete Koukouy-la anndan kominote-a, Pierre Mendès Alcindor (Dada) ofri nou yon tranch emisyon sou radyo 1320-AM chak dimanch maten. Li rele-l Antennes Cultures nan mitan yon gwo pwogram  sosyo-politik li  te genyen ki rele Antennes Dimanche. Apre sa, Marcus ak Elsie  editè Haiti en Marche  ki te bay nouvèl an kreyòl sou Radyo Public Radio  91.3 FM lage nan men-nou 15 minit chak senmenm pou yon pwogram kiltirèl chak madi  depi 10:00 rive pou 10:15.AM. Premye aktivite piblik nou derape  nan mwa mas 1987 ak pyèsteyat CHALOSKA otè Ralba, yon estil teyat Sid-Afriken. Pyèsteyat-la jwe  nan Joseph Caleb Center. Nou reprann ni plizyè fwa nan Florid-la (Òlanndo ak Lekwòt) ;  nou vwayaje n’al Nouyòk, Boston, ak Kanada.  Chaloska se te  balon siksè nou.

Sosyete Koukouy Miyami pran zèl.  Nan ane 1990 yo, nou tounen yon lekòl fòmasyoun., ak emisyon radyo, teyat, mizik, dans, fòmasyon pou aktè, klas  pou moùn aprann lanng kreyòl. Nou etabli yon sistèm edikasyon rasyonèl ki penmèt nou fòme majorite lidè nan Kominote-a jounen jodi-a. Yoùn nan zouti yo se  teyat tankou Anba Lakay,  tout manman se manman, Kristòf Kolon, Nwèl Lakay, Maryaj Daso, DPM Kanntè, Bwa Kayiman,  Istwa Dayiti An Dans, Antigone an Kreyòl, Libète ou Lanmò, Lanmò Jozafa…  Nou jwe teyat sa yo  nan  pi gwo teyat ki genyen nan Miyami tankou  Dade County Oditorium, Caleb Center, Gusman Performing Arts Theatre ak North Miami Beach Performing Arts Center. Nan yon sèl sware nou konn reyini plis pase 2,000 moùn, Ayisyen kou etranje. Nan majorite prezantasyon nou yo, nou itilize teknik modèn ki rele Tradiksyon similtane ki vle di pandan teyat-la ap dewoule an Kreyòl tradiksyon-an ap fèt an Angle. Pati nan piblik la, ki pa pale kreyòl, ap koute nan kònè FM.

Anvan nou te gen lokal  pa nou, nou te konn itilize sal pawasyal Notre Dame D’Haïti ak Legliz Episkopal Les Marthyrs D’Haïti. Se jouk nan ane 1997,  Depatman  zafè kiltirèl nan Dade County  ankouraje  manm Sosyete Koukouy yo pou itilize African American Cultural Heritage nan Liberty City. Se nan Sant sa-a nou prepare majorite  reprezantasyon kiltirèl nou yo.

Jan Mapou  achte yon lokal nan NE 2nd Av. pou  loje Libreri Mapou. Li rezève dezyèm etaj-la ak lakou-a pou aktivite Sosyete Koukouy yo. Se la nou reyini pou repetisyon chante, danse, teyat ak rankont ak kominote-a. Nou fè konferans ak wounmble. Sosyete Koukouy patisipe nan prèske tout evennman kiltirèl nan Kominote-a kòm atis envite. Nou patisipe nan Festival Rasin ak Caribbean Dance Celebration nan  tèt ansanm ak Jamaican Awareness. Nou envite  twoup dans ki  soti Jamayik, Saint-Lucie, Trinidad, Dominique, St Kitts & Nevis rantre nan Miyami pou pataje kilti yo ak nou. Chak ane  nou voye youn delegasyoun nan lekòl yo pou ede  jèn yo konprann enpòtans  dat 18 Me, fèt drapo ayisyen-an. Depi 1983 Bannzil te dekrete  Jounen kreyòl-la, Sosyete Koukouy Miyami pa janm rate yon ane san yo pa selebre jou sa-a tankou nan peyi LaDominik, LaGwadloup, Sechèl, SentLisi ak lòt ti zile yo.

Nan domèn atistik branch Miyami-an sou direksyon Jan Mapou se yon gwoup modèl, yon chandèl k’ap klere epi gide lòt òganizasyon atistik k’ap  eklate nan kominote-a.  Depatman Zafè Kiltirèl pou Miami-Dade County  kalifye nou pou nou kore atis sa yo ak yon òganizasyon ki rele  H.A.N.D ki vle di Haitian Artists Network Development. Sosyete Koukouy Miyami reyalize plis pase yon ventèn aktivite atistik nan kominote-a chak ane.

Biwo Kiltirèl gen sèt (7) manm k’ap pran desizyoun, prepare pwogram ak bidjè pou sosyete koukouy nan Miyami:

Seksyon dans
Seksyon mizik ak koral
Seksyon teyat
Seksyon laprès
Seksyon klas kreyòl
Seksyon penti
Seksyon piblikasyon
Seksyon pwomosyon/kritik
Seksyon pwopagann(radio-jounal)

Nou gen 2 pwogram radyo chak senmenn. Yoùn nan WLRN-Public Radio chak vandredi swa depi 9-è rive 9-è30. Antèn Koukouy sou radio Mega 1020 AM chak dimanch maten depi 9-è rive 9-è30. Nou gen yon kolòn nan jounal Haïti en Marche chak senmenn depi 1987.

Sosyete Koukouy Miyami gen 75 manm aktif. Plis 50 lòt ki pa aktif, men nou toujou konsidere yo Koukouy, paske yoùn nan deviz nou se Koukouy yon jou, toujou Koukouy.

ISTORIK SOSYETE KOUKOUY KANADA

Ekzistans Sosyete Koukouy Kanada kòmanse pran fòm depi nan ane 1982, kote Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj ) te  kontre ak Manno Ejèn nan Centre Culturel Hector Hyppolite.Se la  Edgar Gousse, Etienne Thélémaque, Julio Jean-Pierre, Pierre-Michel Lespérance ak plizyè lòt animatè kiltirèl ankò te deside kreye youn pwogram ki te pote non Nuit de poésie à la chandelle. Nou te nan mwa mas 1982. Kòm se Manno Ejèn ak Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj ) sèl grenn  ki te li tèks kreyòl, yo te deside rete an kontak.

Ane yo pase. Zanmitay yo grandi, yo rete kole ak Julio Jean-Pierre, ki ba yo metòd pou yo travay pwezi yo. Rive nan ete 1984   Jean-Robert Placide vin dekouvri gen kèk kreyolis ki te deside travay ansanm, limenm tou li vin rantre vonlontye pou li mete men ak yo.

Apre anpil rankont travay, liv ki te pral rele Anba Lakay la te vin pare pou li pran lari. Epitou, rive nan mwa oktòb 1984 Adline Chancy vin parèt ak pwogram Bannzil kreyòl la nan Monreyal. Kòm Manno Ejèn, Julio Jean-Pierre, Jean-Robert Placide epi Michel-Ange Hyppolite  te deja ap feraye san pran souf sou Anba Lakay, yo te wè, okazyon aktivite Bannzil la nan Monreyal, se te pi bèl moman pou yo ta fè lansman liv-la. Òganizatè Bannzil yo pa te pare pou ede yo fè lansman an. Sa te vin lakòz  Julio Jean-Pierre  ankouraje yo louvri youn òganizasyon pou avansman lanng kreyòl la nan Monreyal apati pwòp aktivite literè pa yo. Ak prezans Manno Ejèn ki te manm Mouvman kreyòl Ayiti a, yo te vin  gen lejitimite pou yo louvri youn branch Sosyete Koukouy Kanada anba labanyè Mouvman Kreyòl la. Konsa, kat manm fondatè Sosyete Koukouy Kanada yo se Manno Ejèn, Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), Julio Jean-Pierre ak Jean-Robert Placide.

Nan dat premye desanm 1984, yo te ekri Leta Pwovens Kebèk la epi yo te mande pèmisyoun pou louvri youn gwoup kiltirèl sou non Sosyete Koukouy Seksyon Kanada epi nan dat 10 desanm 1984, yo te fè premye aktivite piblik yo ak lansman Anba Lakay , ki te pote youn lòt dimansyon nan fason pwezi kreyòl Ayiti a t’ap devlope. Pwezi a te kite wout pwoz la pou li te rantre nan kreyasyon ak babako imaj. Anfèt, Anba Lakay se premye liv pwezi kreyòl ki pibliye nan Monreyal. Si se pa pou fè eksè, youn moùn ta kab menm di: Anba Lakay (1984) se premye liv pwezi kreyòl ki edite epi pibliye  nan Kanada.

Sou konsèy Julio Jean-Pierre toujou, ki te genyen plis eksperyans pase lòt manm yo nan òganizasyon kominotè, rive nan  dat 4 fevriye 1985, gwoup-la te ekri youn lèt piblik nan jounal, pou di tout moùn yo ekziste kòm òganizasyon kiltirèl. Nan epòk sa a, Mapou te ap  fè tranzisyon soti Nouyòk rantre Miyami.

Ann li sa yo te ekri nan jounal Haiti Progrès:

«Montréal, le 4 février 1985

Chè konpatriyòt,
Sa fè nou anpil plezi pou nou fè ou konnen depi 1ye desanm 1984, gen you òganizasyon ki rele «Sosyete Koukouy Seksyon Kanada» ki fòme pa bòrisit.

Sosyete Koukouy seksyon Kanada-a, se youn konsekans dirèk Mouvman kreyòl an Ayiti, nan ane 60-yo. Se yon òganizasyon ki pa pe fè biznis, l’ap travay pou devlopman kilti kreyòl la.

Kòm nou konnen soulye degrenn gòch pa monte mòn, Sosyete Koukouy louvri baryè-l, li envite tout moùn: plimis, atis, fouyapòt, espesyalis, òganizasyon k’ap travay sou kesyon kreyòl-la, pou yo boukante ak li tout dokiman, enfòmasyon, rezilta travay yo fè. Pase se nan kole-zèpòl, nan men-nan-men, n’a vanse pou pi devan.

Pou tèt ansanm nou konte fè ak òganizasyon ou lan, nou salye ou ak onè respè.
Pou Sosyete Koukouy seksyon Kanada-a

Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj)»

Nou rekopye lèt sa a jan nou te voye li nan jounal la. Menm lèt sa a te parèt nan jounal Haïti Observateur, 1ye  mas rive 8 mas 1985.

Ane yo pase. Sosyete Koukouy Kanada toujou rete fèm sou liy travay li te chwazi fè an kreyòl sou literati kreyòl la. Jounen jodi-a travay nou santre prensipalman sou rechèch lengwistik ak rechèch pou nou renouvle langay pwezi kreyòl-la sou yon plan teyorik tankou sou youn plan pratik anndan literati Ayiti a. 

ISTORIK SOSYETE KOUKOUY TANPA-BE*

Lanmou pou lanng Kreyòl la se yon santiman natirèl ki soti nan fondas kiltirèl lakay tout natif-natal. Gen moùn ki kiltive-l menm jan tou gen moùn ki pito aprann kiltive lót lanng. Konsa, ou jwenn moùn ki mastè youn lanng osnon plizyè lanng.

Apre eskanp Literati Ayiti mete anndan nanm mwen, nan lane 1980 yo mwen te deside ekri pemye rekèy powèm mwen nan lanng manman-m. Premye rekèy la te soti ak tit “Kanmizòl nan Peyi Gonbolyen”. Rekèy sila-a te pibliye nan lanng franse ak kreyòl.

Se konsa nan chache konnen kijan pou m’ ta maton nan lanng lan, m’tonbe fouye dokiman ak tate lespri moùn ki te deja byen lwen nan lanmou pou kilti natirèl lakay, epi mwen te vin tonbe nan jaden Sosyete Koukouy nan Miyami anba pye Mapou-a. Se la mwen te vin tranpe nan lakou kilti lakay epi chache konprann diferans ki genyen nan fondas solid Mouvman Kreyól la ak lót kouran ki ekziste nan ekri lanng lan.

Li te vin natirèl pou mwen, pou m’ te inisye mwen nan Sosyete Koukouy. Pòt Sosyete Koukouy te louvri pou mwen depi nan boulvès lide lane ki menmen kreyasyon Mouvman Kreyòl-la jouk rive jounen jodi-a. Konsa nan vizyon simayen bèl son, bèl koulè kilti lakay Kouzen Mapou ak Kouzen Jozafa, ki te konn ap monte desann ak mwen pou nou al kontre ak lót kouzen yo nan Miyami, te konseye-m louvri yon branch Koukouy nan “Tampa Bay”. De mesye sa yo te di-m y’ap banm tout sipò posib pou ede-m simaye kilti lakay-la, onore li epi separe-l ak fanmi nou yo ki rete Tanpabe.

Se konsa Sosyete Koukouy Tanpabe te koumanse jèmen. Se konsa tou mwen tonbe kata, danse sou yon grenn pye pou  rasanbleman tanmen. Lè m’ pa te kwè, vanyan gason, Dr. Yves Morency, te sonde epi soude ak mwen pou Koukouy Tanpabe fleri.

Sosyete Koukouy Tanpabe resevwa benediksyoun Komite Santral Koukouy 12 Desanm 1996. Se te yon bèl jounen kiltirèl kote pwezi, kout gita te marye ak bon bouyon lakay jouk lólój nou te vire tankou toupi kado timoùn 25 Desanm. Mezanmi! Se te oun kokennchen deblozay kilitirèl.

Premye Koukouy nou te resevwa an Septanm 1996 nan salon Dr. Yves Morency nan Sentpitèsbèg, Florida se lotè “Pè Sèt” la:  Robert J. Large. Tout moùn jou swa sa a te goute sikmant plimeyank  epi yo di yo vle plis ak diplis. Se konsa nan mwa Mas 1997nou te envite lekriven ki konn lodè kafe Ayisyen-an Dany Laferrière. Apre Dany se te Pyè Banbou. Konsa, nou te kenbe swaf frè nou yo nan bout fil zegwiy. Yo pa te sispann mande pou nou ba yo plis ak degi. Nou te fè yo danse, nou te fè yo chante epi nou te tinngtinng sevèl yo ak bon maton plimeyank,  ki soti lakay kon nan dyaspora-a. Jou pase lane vanse, nou resevwa manman penmba literè tankou Johanne Hyppolite, Kiki Wainright ak Patrick Lemoine. Pi douvan Pwofesè Yvon Lamour soti Boston vin fè oun sipèb konferans chaje ak bon dokiman nan dyakout li sou lanng Kreyól la epi Daniel Michaud limenm fè limyè pou nou sou tray ak tribilasyon peyizan travayè nou yo anba lesplwatasyon ti ponyen mounn kras ki poze sezi sou ekonomi peyi nou-an,  Ayiti, ap kontinye  sansouf.

Konsa 27 Desanm 1997 nou te reyalize Premye Sware Anyèl Apresiyasyoun nou, kote nou t’ap di tout moùn sa yo mèsi pou bèl lizaj yo plante nan lespri nou isit nan Tanpabe ak tout lót kote yo pase nan non Ayiti Tonma.

Nou te fè sware sa-a oun tradisyon, kote nou envite tout moùn ki te vin vizite nou, epi separe konesans ak chalè lanmou lakay, mèsi. Yo te reponn prezan, nou te kontan e nou p’ap janmen bliye yo, paske yo pa te janmen mande oun tchotcho (tyotyo) osnon penich.

Nan lane 1998 se te wololoy! Nou te gen anpil bèl tèt ki te fè nou lonè reponn prezan. N’ap site; Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), Doktè Lesly Balant-Gobert, Doktè Ludner Confident, Oungan Max Beauvoir ak Carole Demesmin.

Nan lane 1999,  se ankò pyon dore nou t’ap poze pou nou te vole piwo. Wi, nou te prèske touche syèl la ak oun bann gwo kalib plimeyank dyanm, solid, ki tanpe listwa noumenm Ayisyen poudebon, sitou noumenm Ayisyen alaronnbadè mwen vle site Pól Larak ak Anthony Phelps. Nou p’ap kite bò ronn lan twou sous dlo dous konesans kilti Ayisyen -an  Mèt Max Manigat espesyalman. Yon lòt zouti nan kouti nou genyen k’ap jèmen bèl flè tilip, flè solèy bèl petal nan lakou konesans Ayisyen an Doktè Balan-Gobert. Se nan menm lane sa a tou nou te resevwa Doktè Rose-Marie Toussaint.

Douvan tout bèl defile plimeyank nou sa yo, nou te resevwa oun gwo blo, “paw!” kanmenm san bri. Se te oun pataswèl depriman kote politik te mele, vale tout lespri kiltirèl pou fè ravaj nan lespri Ayisyen. Nou te pran oun gwo kalòt, wi lè nou te envite vanyan plimeyank, kritik, powèt, filozóf, Ayisyen, atis pi douvan letènèl: Frank Etienne nan Oland Oak Tanpa. Nou pa janmen bliye sa n’ap pwofite di frè-a Sosyete Koukouy Tanpabe wete chapo-l byen ba pou lentegrite li ak respè li genyen pou piblik li. Malgre van ak mare sechrès, malkonprann kèk sankonprann ki p’ap janmen konprann epi ki kwè nan bòykotay lespri, lespri literè, ou te deplótonnen “Pèlen Tèt” kòmsadwa pou netwaye sèvèl yo ak bèl filozofi Ayisyen san manke oun yota. Viv lakonesans! Anpil nan nou pa konn sa ki rele konsa! E Se pa fòt yo.

Se nan lakonesans, wout kilti, wout san lizyè, san lantouray san baryè, bèl flè plizyè koulè Sosyete Koukouy Tanpabe ap mache.

Nou pran anpil kout zago loray. Li pa fasil pou zafè kilti kanpe pou li fleri. Pwoblèm lavi ak politik mele nan vant pinèz ap pike nou chak sekonn nan kabann relijyon gwoup ak gwoup relijyon ap maspinen tout fòs kote kilti vanyan kanpe ak pifò frè lakay nou yo.

"Yon bèl lòt fasad nan Koukouy Tanpabe a, se te <Koukouy Band>, gwoup mizikal, ki gen ladann 3 mizisyen solid devan letènèl: Doktè Morency kòm saksofonis, Jean-Michel Clermont sou gita ak kibòd epi Smith Toussaint sou batri ak pèkisyoun. Triyo mizikal sa a te pran nesans nan lane 1997, yo te jwe  ak lafwa jouk yo te fè dlo koule nan bouch nou tout lè Sosyete-a ap prezante kilti lakay.

Lè nou te wè jou, se prèske katòz manm Koukouy ki te genyen. Nou te vin ap fonksyonen ak kat. Kat vanyan sa yo konnen Koukouy yon fwa se koukouy tout tan!

Doktè Yves Morency
Madan Yanick Rogers
Mesye Jean Robert Lefèvre
Gary S. Daniel (Nèg Gonbolyen)

*Branch sa a pa fonksyonèl ankò.

ISTORIK SOSYETE KOUKOUY KONEKTIKÈT

Sosyete Koukouy Konektikèt te fonde nan mwa jen 1990 nan vil Norwalk, lè Choublak (Pascale Millien) manm Koukouy Miyami vini tabli li ansam ak fanmi li nan zòn nan. Kouzin Choublak te yon manm djanm nan seksyon dans, seksyon koral, kou kreyòl ak seksyon teyat; konsa se ak kè sere manm Sosyete  Koukouy Miyami yo t’ap gade kouzin nan chape poul li.

Grandèt Biwo Kiltirèl ak Biwo Santral Sosyete Koukouy yo pa te vle kite sa pase konsa, kidonk nan yon bèl fèt kay kouzin Gipsie Metellus yo inisye kouzin nan ak yon flanbo toulimen pou li kontinye travay mouvman-an komsadwa nan Konektikèt.

Rive li rive Konektikèt, Choublak monte drapo Koukouy li byen wo. Ak konkou Pierre Philitas ki te vin direktè jeneral, Yves F. Mondesir, Marie-Flore Pauyo,  Jeanie Louisfin,  defen (Marc Tanis), Majem ak Millien/Christa nan mwens  pase yon (1) lane, te gen plis pase 30 jenn fi ak jenn gason ki te vin manm aktif Koukouy Konektikèt.  Se  te fasil, paske repitasyoun Soyete Koukouy Nouyòk ak Koukouy Miyami te rive sou terenn an anvan Choublak.  Boujon Koukouy Konektikèt  yo aprann li  epi  ekri pwezi, jwe pyès teyat, danse anba kout tanbou  Jean-Claude Jean-Louis ak kout sizo Mona Milyen Millien, fè ekspozisyon atizana epi tou pibliye premye jounal branch lan: Bòbèch.

Apre divès monte desann, Père Jean-Elie Millien ak Enjenyè Augustin Pierre-Louis, nan fè demach, bay jenn yo konsèy, ankourajman, Koukouy Konektikèt te pran  jarèt jouk li rive kanpe dyanm.

Kounye-a, sou direksyoun Angelucci Manigat, Direktè Jeneral Koukouy Konektikèt depi 2003, nou òganize anpil aktivite kiltirèl, nou pote kole ak tout òganizasyon konsekan k’ap feraye pou avansman lanng Kreyòl la, paske nou kwè kalite kolaborasyon sa yo enpòtan anpil pou pwomosyon kilti lakay.  Se poutèt sa, nou twavay ak zòt nan kominote nou an pou selebrasyon fèt drapo, fètdèmè, fèt Desalin, festival liv ayisyen nan konektikèt, selebrasyon Kwannza, elatriye…

Sosyete Koukouy Konektikèt itilize pwezi, dans, ekspozisyon atizana, kou kreyol, defile mòd ak manje ayisyen kòm zouti pou fè pwomosyon kilti lakay-la.  Nou twavay anpil ak timoùn ki fèt isit pou nou pase yo eritay ak fyète jenerasyon pa nou an  genyen pou Ayiti. Yo se avni peyi Dayiti, nou vle prepare yo pou yo pote flanbo Koukouy-la nan ane ki ap vini yo.

Jounen jodi-a, Branch Sosyete Koukouy Konektikèt (Connecticut) la tabli nan vil Stamford, paske se la ki gen plis Ayisyen.  Nou travay men-nan-men ak « Legliz Episkopal Epifani » nan Stamford.

Nou ankouraje tout Ayisyen pou yo kontakte branch Sosyete Koukouy nan zòn yo epi met men pou pwopaje konesans, ak lanmou kilti lakay tribòbabò.

ISTORIK SOSYETE KOUKOUY SANTO, AYITI

Nan fen ane 1995, Dorcély Dédé; atispent, komedyen, sanba, manm sosyete koukouy Miyami, kite peyi etranje apre 18 an pou l’ retounen lakay. Rive li rive, li kòmanse pale ak vwazinay ki pi pwòch li nan lide pou li fonde yon branch Sosyete  Koukouy kote l’rete-a. Li jwenn lafanmi Profèt ki rete anfas kay li, nan kay la te gen 5 jèn ki pral atrap mouvman an, pase tèt yo kòm pòtpawòl, e kòmanse fè moùn pou sa. Kontak yo fè-m fè konesans tounèf. San pèdi tan, mwen lanse envitasyon pou yon reyinyon lakay mwen yon vandredi ki te 13 jiyè 1996. Moùn yo te reponn prezan, e mwen te envite 3 zanmi ki konnen-m pi byen pase lòt moùn yo pou te vin pran lapawòl nan sikonsatans lan. Zanmi sa yo se : Ansyen chantè Fantezis kafou Ricot Mazarin, komedyen Maxène Bien-Aimé ak atispent Edwidge Casimir. Apre sa, lòt envite yo te pale, poze kesyon, brase lide.

Nan fen rankont lan, tout moùn te dakò pou nou fòme yon komite provizwa, e drese pwosèvèbal. Mwen te vit kontakte Biwo Santral Sosyete Koukouy nan Miyami pou m’ mete yo okouran fòmasyon Branch Sosyete Koukouy Santo, ki senbolize rechoukay Sosyete Koukouy an Ayiti. Enbyen! nou te jwenn otorizasyon Biwo Santral-la pou nou fonksyone avèk non Sosyete Koukouy-la ak filozofi koukouy la ki se: klere nan fènwa pou nou sove idantite nou. Enbyen! depi plis pase 12-an n'ap feraye nan Santo Ayiti. Nou fonksyone jan nou kapab ak sa nou gen nan men nou. Nou travay regilyèman prèske 7 jou sou 7. Nou bay kou desen, penti ak kou adramatik 4 fwa pa semèn, nou gen klas dans fòlklòrik chak dimanch, nou gen yon ti bibliyotèk ki louvri 3 jou lasemèn. Nou reyini an asanble chak samdi apremidi, nou konn fè sware literè lèsamdi swa. Galri koukouy ki louvri 7 jou sou 7. kidonk! lafanmi koukouy ap kenbe malgre difikilte peyi-a. Nou anrejistre legal nan Ministè lakilti. Nou pa janm pase yon lane san nou pa jwe yon osnon 2 pyès teyat. Nou abitye envite anpil espesyalis vin fè kouferans sou yon sijè kelkonk pou piblik la. Nou fè anpil deba, nou pa janm kite yon dat enpòtan pase sou silans san nou pa brase lide. Nou fòme anpil jèn nan zòn nan. Pami jenn powèt yo, genyen Ileus Papillon, Anivince Jean-Baptiste, Dorelus Orso Antonio, elatriye… Tidyòz tidyòz n'ap vin grandyòz.

ISTORIK SOSYETE KOUKOUY HOMESTEAD

Nou te youn group jennjan nan Homestead ki te konn reyini chak Vandredi nan Miami Dade Homestead Campus Homestead la  pou nou  te mete sou pye yon òganizasyon pou nou  reprezante kilti ayisyen-an.  Men, rèv sila-a pa te fasil. Nou te kontakte lòt òganizasyon pou ede nou. Nou pa gen repons nou t’ap chache-a. Men, nou pa te dekouraje.

Youn Samedi kèk nan manm yo, pami nou: Camille Rosembert Derenoncourt, Shanel Sylvain, Remy Bornelus, Walter Brutus, Katiuskie Pierre te deside mete kò nou deyò pou nou al chache sipò.  Nou te ateri nan Libreri Mapou nan Little Haiti bastyon kilti ayisyen-an nan Florid-la. Lè nou te prezante bèl lide sila-a bay kouzen Jan Mapou, se te avèk debra louvri li te resevwa nou. Kouzen  Mapou  ak tout manm biwo direksyon Sosyete Koukouy Miyami te sanble pou tande-n. Se te gwo zafè!

Yon mwa pita, tout manm Sosyete Koukouy Miyami yo debake nan Homestead. Tande ak wè se de. Kouzen ak kouzin yo lage mizik, chante, danse, pwezi ak bon konsèy sou fason pou nou derape òganizasyon-an. Yo di nou kijan  Sosyete Koukouy te fonde. Kisa y’ap defann nan mouvman-an. Konbyen tan yo ganyen ak konbyen branch k’ap travay.  Nou pa kapab bliye Nancy St. Léger ak tout dansè yo, Kiki Wainwright ak madam ni Mikette nan bèl solo chante, Ernst Registre (Nènè) ki t’ap grate gita, Yolande Thomas (Lasirèn Dyaman)  ak bèl vwa wosiyòl li ya, tout tambourine yo sou direksyon Ti Wouj…  Nou pa ka bliye Man Laye, Jan Mapou, Kiki Wainwright, Rose Bleus, Degoutan elatriye ki te debake jou sa-a vin kore Sosyete Koukouy nan Homestead ki t’ap kaselezo.

Apresa, nou asiste plizyè konferans  nan Sant Kiltirèl Mapou, sou lanng  ak kilti Kreyòl, bon konsèy sou kijan pou òganizasyon-an fonksyone, Nou te jwenn bèl lide ak bonjan enfòmasyon pou òganizasyon-an te derape nan Homestead. Nou òganize nou. Nou enkòpore  òganizasyon-an. Nou pran batiste sou non: Koukouy Of Homestead.

Nou renmèsye Madam Martine Bosquet ak tout ekip Radio RCH nan Homestead ki toujou louvi pòt yo byengran pou nou derape travay edikasyon Koukouy-la. Carlos Salomon youn sipòtè je wouj Koukouy Homestead, Carline Paul nan Homestead.

N’ap salwe premye Koukouy Homestead yo , manm fondatè yo:  Martine  Bosquet, Katiuskie Pierre,  Marc Rochenel, Wilio Charles, Shanel Sylvain, Silvie e Linda Silvain, Napthalie,  atis dansè manm Koukouy Homestead, Meggie Rosembert, Micheline, Princeton, Angela Green ….Sosyete Koukouy of Homestead ofisyèlman fonde 31 Desanm 2004 nan Homestead, sid Miyami.  Jounen jodi-a òganizasyonKoukouy Homestead sou direksyoun Camille Rosembert.

*Branch sa a pa fonksyonèl ankò.

Konklizyon

Soti nan kreyasyon òganizasyon ki te pote non Mouvman Kreyòl nan ane 1965 ak branch literè-l Sosyete Koukouy, pou rive jounen jodi-a, ekip Mouvman Kreyòl Ayisyen-an ansanm ak Sosyete Koukouy leve anpil defi nan avansman literati kreyòl Ayiti-a.

Sosyete Koukouy se premye gwoup ekriven kreyòl ki batize tèt yo kòm yon Mouvman literè kreyòl  anndan Ayiti.  Yo te kreye gwoupman literè Sosyete Koukouy, ki genyen branch-li, tankou nou te wè li pi wo-a, nan divès vil Amerikdinò ak anndan Ayiti.

Sosyete Koukouy, se premye òganizasyon kiltirèl epi literè ki parèt ak yon rekèy pwezi kolektif, nan  lanng kreyòl-la, sou tèm manman. Liv powèm sa-a rele Choublak ak Kamelya. Li te pibliye anndan Ayiti nan ane 1968.

Nan lide travay pou kreye yon fòm bèbèl  (yon estetik ayisyen) pou pwezi kreyòl-la, premye ekip ekriven kreyòl, ki te chwazi fè eksperyans ak pwovèb ayisyen nan tèks powèm yo epi  ki te travay tèks yo sou ton chante popilè ayisyen yo, se anndan Sosyete Koukouy yo te soti.

Se Sosyete Koukouy tou ki te premye eseye pwopoze divès fòm pou ekri pwezi kreyòl Ayiti-a. Pami yo nou kab nonmen Wongòl, Pwezigram, Zwing, (pwezi matematik nan Pè Sèt ak Josaphat Large, pwezi rasin ak Gérard Restanio (Tiwawa Goulo)  elatriye. Pou plis enfòmansyoun sou kalite travay sa yo, yon moùn ka konsilte Rechèch ak Pyè Banbou 1979, Prefas Jan Mapou nan  Pè Sèt   ak Jozafa Laj 1994, Haïti En Marche, segman Ti gout pa tigout epi Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti ak Michel-Ange Hyppolite 2000.
 
Lespri pou ale pi lwen epi pi fon nan kilti lakay-la te pèmèt ekip Teyat Koukouy-la devlope konsèp teyat total-la, ki se yon teyat an won, kote aktè ak piblik-la  fè yoùn. Lide teyat toal sa-a te parèt apati oryantasyon Moriso-Lewa te vle pote nan teyat Ayiti-a nan trvay li ak moùn ki sèvi lwa nan Mòn Ekil, Petyounvil, Ayiti.  Petèt se fòm teyat Total sa-a ki te enspire Franketienne pou li prezante fòm literè ki pote non «Genre total» nan «Mûr à crever» 1968, epi ki vin tounen espiral nan ane 1972 ak yon liv kou «Ultravocal».

Toujou ak lide pote nouvote nan literati kreyòl Ayiti-a, nan ane 1981 Jan Mapou parèt ak Pwezigram, ki se yon nouvote nan fason moùn ka ekri pwezi kreyòl. Se yon pwezi kote otè-a sèvi ak pwezi sou fòm telegram pou li voye mesaj bay sanba parèy-li. Mo Pwezigram lan vin sèvi kòm non pou yon nouvo fòm pwezi kreyòl.

Pi devan nou jwenn Kiki Wainwright ki ban nou tan Malouk (2003) kote li louvri baryè bay kategori tèks nou batize Istwa-kont yo.

Travay klere lwen Sosyete Koukouy te amòse-a te kontinye toujou. Se konsa, premye liv sou fòm lèt ki pran lari nan literati kreyòl Ayiti-a soti anndan ekip travay Sosyete Koukouy toujou. Se Lèt Ife ak Soul ak Michel-Ange Hyppolite 2006. Poudayè, gen lòt ekriven ki suiv wout Michel-Ange Hyppolte (Kaptenn Koukourouj) te louvri anndan Sosyete Koukouy la pou yo pibliye lòt zèv nan kategori lèt (wonman epistolè) nan branch kreyòl literati Ayiti-a.

Premye esè sou Istwa literati kreyòl Ayiti-a se ekip Sosyete Koukouy la ki te pibliye li. Tit liv-la se Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti (2000). Travay militans ekip Sosyete Koukouy-la nan vansman lanng kreyòl Ayiti-a rantre tou nan chan lasyans, paske tankou nou tout konnen li: «Kreyòl pa gen limit. Se moùn ki pale li yo ki limite». Konsa, premye leksik lasyans kò moùn ki soti nan lanng kreyòl Ayiti-a, se ekip Sosyete Koukouy-la ki te pibliye-l.  Liv-la te chita sou Zo Moùn. Se yon atlas ak tout yon leksik: Atlas leksik zo mounn an 4 lanng ak Michel-Ange Hyppolite 1989.

Jounen jodi-a, premye revi literè kreyòl Ayiti, se ekip Sosyete Koukouy la ki pibliye li. Nou rele li: Pawòl Kreyòl: Revi literè Sosyete Koukouy. Li parèt anyèlamn. Li  sou katriyèm nimewo li.

Kidonk, lè nou di: Sosyete Koukouy se poto mitan kilti lakay, se pa koze kredi, ni pale mete la. Se aksyon nou ak reyalizasyoun nou ki ban nou dwa kanpe tèt nou kòm poto mitan kilti peyi nou. Tankou Jan Mapou ekri li:

«Si nou bay lebra
Si nou makònen
yoùn ak lòt
si nou mache
Sou  kadans lanmou
Respè ak diyite
Ansanm-ansanm
N’a fè mèvèy»

Biwo Santral Sosyete Koukouy

  • Jan Mapou, Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy
  • Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj) Vis-Prezidan Sosyete Koukouy

boule

 Viré monté