Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Esè pawoli sou zèv ‘’Kite m kriye’ Rutshelle Guillaume

Orso Antonio Dorélus ''Art-Gens''
Manm Regwoupman Ekriven Kreyòl, Tanbou-Literè
ak Atelye Akasya

MO KLE: Bèltiz: Esthétique/ Bèltizay: Anesthétique/ Mafwe-bèltiz: Inesthétique/Bèlteyis: Esthétisme/ Bèlte: Bèl/ Bèltiz-zagribay:Esthétique débrouillardise Dezanvout: Exorcisme/  Defolize: Catharsis

Jounen Jodi a, nou remake avѐk evolisyon Radio, Televizyon, Telefòn, entѐnѐt elatriye, anpil chante pa sispann fѐ pale de yo, pou kontanplasyon nan mitan popilasyon ayisyen an.  Sitou, nan chwa pawòl yo, oswa sa mwen rele Bèltiz la ak nan fason pawòl yo ajanse pou pote yon mesaj, yon sansasyon k’ape deboulonnen emosyon. Yon nouvote ki an polѐn deplwaye k’ape dedekte sansibilite, mwen rele sa Bèlteyis.

Gen yon chante popilѐ ki di ’ pa kriye’’ men genyen yon lòt chante popilѐ ki di “kite m kriye”. Mwen kwѐ li ta bon pou nou  chache konnen poukisa gen yon vwa k’ape di ‘’pa kriye’’ e genyen yon lòt k’ape repete ‘’kite m kriye’’. Tankou se lѐ popilasyon an ape rele viv ak aba dѐyѐ yon otorite anmenmtan. Yon sòt mouvman trese detrese!  Petѐt youn nan yo ta gen rezon sou lòt oubyen antann yo, anvan yo ta fѐ konstriksyon panse mizik yo sou mo kriye. Sa te kapab antre nan chwa ideyoloji atistik epòk la. Men san nou pa bliye tou, pawol la di: ‘’zafѐ kabrit pa zafѐ mouton’’. Enben nou kenbe sa ki di ‘’Kite m Kriye’’a, annatandan nou rive nan fenfon oubyen opwèlyèm koze a.

Mwen sa ki enterese mwen nan tѐks la, se konnen poukisa moun k’ape chante a ap mande pou yo kite li kriye, mwen pa fouti konprann tou, pou yon moun ap kriye anpi li pa vle konsole. Eske moun nan ape kriye tout bon vre? Eske kriye li a menm jan ak tout kriye, ki sitou gen de (2) dimansyon: lajwa oubyen lapenn? Ki gerizon kriye pote? Alòs, si vreman li gen rezon li pou kriye, poukisa nou pa vle li kriye?  Paske mwen pa rete kwѐ kriye se yon mal, ni nonplis, si yon moun ape kriye se nan mal li ye pou sa. E èv kriye sa a kouman li kapab kontribye nan yon projè sosyete?

Souvan, mwen konn tande yo ape di, kriye soulaje konsyans. Oubyen ede moun libere, degaje emosyon yo. Konsa tou, li se younn nan karakteristik pou yon moun fѐ wѐ si li inosan oubyen si li koupab. San nou pa mete akote chalѐ, pousyѐ, piman, viks, vapѐ lafimen oubyen sant gaz lakrimojѐn konn lakòz moun kriye, elatriye. Nou kapab pran kriye pou yon linivѐ, li chaje fasѐt paske li pa redui senpman ak yon sѐl mouvman ki se rѐl ak dlo anmenmtan: gen kriye san dlo, ak dlo, gen  kriye  ak rѐl, san rѐl.

Se yon chante ki soti nan lane 2013 e konpozite li se Rutshelle Guillaume, li se yon jenn fi, li se moun Potoprens… Li chante ak plizyѐ atis, Tankou: Roosvelt Saillant(BIC), Eunide Edouarin(Eud) Daniel Darius (fantom), Harry Dumorney(Dòk Fila) elatriye.

Li ta bon pou n tande chante a, men lamarin pa metye, mwen pa konn chante e mwen pa gen bѐl vwa. Kidonk, mwen pa konn fѐ solo anpi mwen pa wѐ oken pwoblèm, si se moun ki chante chante a ki chante li pou nou. Se Rutshelle ki chante li, an nou kite li chante chante a, l’ape fѐ li pi byen pase mwen. Paske vwa li tankou yon inivè mizik k’ape chatouye sansibilite, yon vwa senfoni k’ape revini nanm nan ginen, yon wondèl zonyon k’ape netwaye lalwèt pou konsè paradi. Annou koute li oubyen li pawòl yo, nou p’ape  rate yon yota!

Nou kapab remake nan pwogresyon chante a gen kèk mo ki repete anpil fwa: Kriye, egziste. Gen lòt ki repete mwens fwa pase lòt: Rayi, tanpri. Kidonk, nan kòmansman se rayi alafen se egziste. Chapant tèks la sentre ak Rayisman anpi egzistans.
Nou kapab wè se yon moun k’ape soufri. E soufrans li  lakòz li kriye paske nan chante a nou pa wè li di li kriye lè kè kontan anvayi li, se kriye l’ape mande pou kite li kriye. Men sa ki etonnan an se moun ki pran lapènn pou li a, li menm tou li pran kriye, pou mete li nan menm eta ak moun k’ape chante a, ki pran kriye pou remèd kont desepsyon lavi. Pandan santiman sa a anvayi li, li pwofite ale detekte ki sansasyon moun k’ape chante a jwenn nan kriye. Podyab! Li antre nan won san baton! Paske menm moun k’ape kriye a repete sa de (2) fwa nan chante a:’’Se pa tout lè li kriye, li konn sa li genyen.’’ E li kontinye pou di: ’si li kriye se paske li egziste.’’ Konsa, kriye moun k’ape chante a touche pwen sansib moun k’ape anpeche li kriye a. Men pou di se jwèt detektiv moun sa a ape jwe ak moun k’ape chante a, lè li oblije antre nan menm monn ak li nan sousi pou poze menm aksyon an, pou pran li nan pyèj? E menm si li t’a detektiv fò li t’a respekte dwa moun k’ape chante pou mande pou kite li kriye a, paske li di se yon dwa kriye ye pou li. E pawòl la di, tout sa lalwa pa mete baboukèt sou li, li otorize. Men se pa dat mwen konnen tinèg isit ap defèt sa lalwa di?

Men kilès ki anpeche moun k’ape chante a kriye a? Mwen plis panse se yon zanmi e mwen plis kwè toujou se yon bon zanmi li, k’ape jwe wòl bimounal. Kidonk, li pa vle moun k’ape chante a kriye men li oblije kriye tou. Sansib pa jwe! Pawòl la di se pa premye vè ki kraze nan gouvènman. Kidonk, se pa premye moun k’ape di lòt penga kriye nan chante. Mouche limenm pandan l’ape konsole moun k’ape kriye a, li tou ba li zam pou li kapab afwonte lavi pi byen, san li pa oblije kriye. Se Jan Jan Rouzvèl: ''Pa kriye ti manman, pa rele/ sonje tè dayiti sa l te ye/ se manman libète / si l tonbe l a leve''
Chante sa a fè nou konprann byen se moun ki san lespwa ki kriye. Pou sa Ayiti te ye, sa li fè nan pase li, se pa ti defi sa a li pa ka leve (… nou konn listwa a deja). Kidonk, pou w konstrui yon demen miyò, ou dwe gade pase w pou wè sou kisa prezan ou bati, sou kisa ou kanpe, pou ou gade konbyen pas dlo ou janbe, ki valè kalfou ou janbe, jefò ou fè pou ou rive, bitay ou pare pou ou la jodi. Se pa kado grenmesi! Alòs, chante a di nou kriye se move taktik  oubyen yon move viris pou moun ki vle ranmase jefò yo pou danggoye lavi.  Yon lòt chante ki tradui menm lide sa a, se gwoup Klass ki fè li: ''Pa vle wè moun kriye/ se lavi l m ap selebre/ pito m wè n ap danse/ se sa k ka soulaje''

Moun k’ap chante chante sila se yon vanyan. Paske, malgre li pèdi yon manm chè nan vi li ki pati pou bwachat, li pa asepte je moun vin swe sou pis lakay li a vwa pou t’a koule dlo. Li gade san fwa li pandan l’ape admire tout bèl moman k’ape defile nan souvnans li.  Pou limenm, kriye se pi move bagay ki te ka egziste nan lavi krityen-vivan. An bon kreyatè, li konnen menm jan gen patisyon ki gen de (2) ba oubyen  sa yo rele repriz la nan fen yon pòte,  ki pou di patisyon sa a dwe reprann. Se pa konsa lavi ye, li pa gen repriz. Ale ale nèt! Mouche metrize dimansyon legzistans. Li konnen pèt sa li fè a se tankou yon senkòp nan yon okèstrasyon, kote mizik la t’ap jwe anpi li kanpe sèk pou reprann ankò. Se sa menm ki rive li e li dwe rapousuiv mach la. Se vre, chak jouk ki jou letènite ape ratresi men kilès ki konnen lè sa fèt? Se pou sa, se pa yon rezon pou nou mete zam atè. Legzistans se yon jwèt e lavi se yon konba. Atis Abnè, yon atis ayisyen di li pi byen pase mwen, tande chante li a:''Penga chita kriye pou w lamante/ menm lè w santi w dezespere/ penga w sispann batay/ mete zam sou zepòl/ jiskaske w jwenn viktwa'' .

Nan chante sila Abnè fè nou konprann kriye pa fè lagè, se moun ki lach ki kriye. Kidonk, kriye pa zam! Genyen yon pawòl  ki  suiv menm lide Abnè a, se gwoup Barikad ki pale konsa nan yon mizik: ’Se moun k’ap batay ki viv.’’

Men genyen yon  chante, se gwoup T.vice kote chantè a sou wout kriye paske sa l’ap tann nan lwen toujou e li  jouke nan yon tilespwa bòbèch, reflèks kriye a la, men nèg la ap gonfle venn li pou afè li pa pran lari:''Santi m ta kriye/ santi m ta rele / lè m wè bagay yo p’ap mache/ lè m wè lanmou sa a fin kraze''.

Chante sa a se yon chante kote chantè a pa wè espwa pou yon lanmou li vle ofri mennaj li ojoulejou. Men, miche bliye si anyen nan vi a  pa gratis. Tout se sakrifis! Anpi tou, li bliye yo pa fose kabrit bwè dlo. Kareman n’ape di mwen detay sa yo se pou moun ki poko pran nan sentiwon katòzfevriye lanmou. Se vre, sansib pa jwe! Paske, souvan yo toujou ape repete se de (2) bagay si yon moun deside pran desizyon pou fè se dizon wi pou ba li, ki se: yon moun ki di li pral marye anpi yon moun ki pral poze kandidati. Nou kapab wè chante sa a pa tèlman depaman ak chante nou ape pale sou li a. Men senpman aksyon an poko repete. Petèt miche pa vle moun konnen koze li, pou moun  pa griyen dan sou li, pou pran li pou joujou kalbaslarivyè. Nan peyi isit lasosyete pa mande w achte men kanta pou vann ou, l’ape vann ou.  Sanble tou, li tande mizik Abnè a kote li pale pou di, lavi se yon konba, si yon moun vle viv fòk vle ou pa vle li dwe mete granmoun sou li. Men se vre! Li konprann sa paske dènye videyo li fè pou yon mizik li, se sòlda li ye ladan. Se wololoy!!! Dyòlloulouz! Li nan bèl misyon papa!  San nou pa bliye gwoup Zenglen ki gen yon mizik konsa tou, nan sans tèks Abner a. Annou tande li:''Yo di lavi s’on konba/ pou viv ou oblije sòlda/ nou ka tonbe/ nou ka leve/ nou deja abitye''.

Si nou pale konba ak sòlda kareman nou wè zam, mouvman elatriye. Nan lagè lè enmi an vle toufounen w anba katouch oubyen kwense w pandan tan sa a, minisyon ou fini. Pa gen en ni de se rele ranfò, chache rekou e pou sa fòk dènye aksyon an pi move. Jan koze a di a, se dènye kou ki pou touye koukou a sinon ou pran nan mera. Se menm jan an kriye pa ka dènye rekou oubyen dènye taktik militè e menm si nou ta itilize li pou deplwaye riz nou nan lide pou twonpe advèsè a, pou marelalo pou li, pran li nan pripri, se t’ape yon chans mòsibit. Paske lagè rete lagè! E pawòl la di li:’’ Nanpwen manman, nanpwen pitit, sa ki mouri zafè a yo.’’ Kidonk, nou pa t’ap fouti fè yon biznaw. Si mwen vle pote laviktwa mwen dwe asire davans de tout fetekòz sa yo. Fòk wouzi mwen byen file anpi pou mwen gen bon jan kouvèti. Konsa, depi mwen about mwen rale dènye zèl kat la anpi mwen fè loraj gwonde. Aprè sa mwen fwape lestomak mwen pou di apre bondye nan lakou isit se mwen ki kòmande.

Tankou moun k’ape chante a ki pran kriye pou zam konba li  devan lasosyete, l’ap mache ak defèt li nan men li. Paske nanpwen lagè ki janm genyen ak kriye. Wi, gen kriye nan lagè, nou kapab di se rezilta lagè a, e sa fèt nan de 2 dimansyon (nan kan pèdan an ak gany lan) men se pa zam oubyen zouti lagè. Kòm tout bagay ape chanje nou pa di sa p’ape rive yon lè. Annatandan, li rete aloral e si sa ta rive Ayiti ap premye pisans militè!

Nou ta kapab gade enfliyans èv la, se sa mwen rele Bèltizay la: Sou baz sikanaliz, sikoloji, politik, ideyoloji, literati ak filozofi, ekonomik, sosyoloji, antwopoloji elatriye. Se t’ap twòp pou mwen, men mwen ape seleksyone kèk nan yo, yon lòt jou nou va gade yo. Poukisa tou, nou pa ta pratike prensip Marasa a. Kidonk, rès travay la pou ou.

Nou kapab gade li nan domèn sikanaliz, sa pa vle di se sikanalis mwen ye pou sa, mwen pa konn mete moun sou divan. Gen sa yo rele etap nan lavi yon moun, kote chak etap oubyen estad pote yon vivasyon ki pwòp ak limenm. Konsa, si yon timoun  t’a rive  manke younn nan estad sa yo li posib pou li toujou  ap viv sa li pa te konble a menm si li ta vin granmoun. Mwen menm m’ape mande èske se pa nan koze sa a moun k’ape chante a  pran, li tounen yon rechinya. Paske mèt sikanaliz la di: ‘’ban mwen sis (6) premye ane timoun nan m’ape ba ou devnite li.’’ Eske moun k’ape chante a se yon bebe-grandi, yon rechinya ki pa  ka gade moun nan je, pou  frape pye li atè pou pran lapawòl kou mèt jan jak devan Estenyo Vensan? Tèt chaje!

Moun k’ape chante a tankou yon moun ki gen de (2) balèn an liminasyon nan men li. Men se pa li ki limen ni younn ni lòt. Vag tristès yo monte tankou sounami nan je li san li pa konsyan. Se petèt kèk move souvni nan titès li, kèk move mo nan lavi li. Yo rele sa twomatis! Li pa menm konsyan, se souvni santimantal la k’ap ravaje li nan plas souvnans mantal yo. Moun k’ape chante a twouve li nan yon anbivalans ralonje k’ap pati pou tobout. Li twouve li nan yon sòt mouvman trese detrese, devire san chavire ki ape trennen li an loupin. Se vre koze repete fè kont, men pa pito  nou rele mesye Gestal yo pou li. Konsa, yo ta pase li yon terapi pou fè enkonsyan li vini konsyan pou li pa itilize zam sa a ki rann li pa kòdjòm nan je lasosyete. E anbivalans nou ape pale a  chita dwèt nan kè pawòl sa a:

M rayi lè m ap kriye/ ou mande m kisa m genyen/ pouki pafwa m kriye/ ou pa mande m ki sa m genyen

Sikològ mounitay yo t’ape di, moun sa a soufri «Dépendance affective», mwen relekonsèp sa a maltitès. Kidonk, li toujou bezwen sipò, se yon moun bekiy, k’ape chache apresyasyon nan men zòt menm si li ditravè ak lizay. Men mezanmi jenmoun rete jennmoun! Se menm jan ak pòv douvan katedral nan epòk pase yo, kounyeya se douvan kay prezidan an lwe a yo tabli kounyeya, petèt pou yo ka pi pre kè sansib manmi cheri, anfas bouji nèg mawon an. K’ape mande pandan yo  espoze yon tete java, pou moun y’ape mande a kapab antre pi vit nan sansib li anpi fè moun nan kwè se yon obligasyon pou yo mande paske yo malad. Mezanmi menm si youn moun ta gen kè galèt, kè di oubyen kè redonn, ou pa fouti fè wondonmon pou w pa fè yon jès charite ak moun sa a k’ape mande a oubyen antre nan konpwomi ak malsite li, pou konprann mechanste legzistans ape fè li pase. Se menm aksyon an k’ape pase la a nan pawòl sa a, yon aksyon soupiyans an kachkachliben. Ann tande li:  ''Tanpri kite m kriye/ sa vle di m egziste.''

Men tou, eske li vle pale de premye rèl yon pitit bay ki te lakòz manman li anmaldanfan pou salye legzistans lè li soti? Medsen yo di se premye touch oubyen touf lè ki penetre pou degonfle vàn poumon tchovi sila. Depi kriye sa a fèt konnen bebe a di byenvini nan bitasyon lakay. E si sa pa rive yo tape blad dèyè timoun nan pou li lage senfoni kriye a.  Alòs, se lè yon moun kenbe estad sa a, nan poze menm aksyon sa a oubyen toujou rete nan faz bebe ki fenk fèt la pou kriye pou fè konnen li egziste? Paske yon bebe pa konsyan si li kriye ni tou li pa mande kite li kriye pou wè si li egziste. Senpman se yon bagay natirèl ki kale mistè devan je lèzòm.  Men valè bagay ki egziste ki pa kriye. Petèt yo poko rive nan dimansyon moun k’ape chante a. Konsa tou lòt sa ki egziste yo kriye nan fason pa yo. Men si se vre, yo pa ni fè reklam oubyen bay piblisite jan moun k’ape chante a fè sa. Si yon bebe kriye pou fè wè li egziste, poukisa yon jenmoun oblije kannale sou menm woulib reflèks sila?
Nou kapab di tou moun k’ape chante a ape chache yon rekonfò. Kote li repete pou di: ‘’M kriye lè m’ape priye’’menmjan yon kretyen k’ape priye pou chache soulajman, yon espwa kèlkonk. Tèlman li priye, li kriye pa fòs nan espere gras l’ape desann. Tankou chante  a di:''Priyè a monte/ gras la desann seyè.'' San nou pa bliye yon chante tradisyonèl timoun, mwen preske pa tande ankò lè yo te konn ape jwe nan plènlin mwa jiyè. Bon...paske petèt timoun pa jwe ankò ki fè mwen pa tande li:''Ti kriye monte/ ti kriye desann/ ti kriye monte/ li desann…''

Men se pa tout moun ki priye menm jan oubyen tout relijyon pa priye menm jan ak pou menm rezon. Vodouyizan yo pa egzanp pa kriye lè y’ape priye, priyè yo pa yon priyè dezespwa, yon woulib batriba. Men se yon priyè pou entèpele mistè oubyen rele mistè.  Annou tande chante tradisyonèl sa a (nou kapab rele apwoch sa a Antwopo-Sosyolojik), konsa nou va genyen yon lide: ''Kriye se mizè, o rele se traka/ kriye se mizè, o rele se traka/ Simba w pa manje / sa ki mande pou Man Simba/ Zanmi gate!''

E si nou ta pran li nan sans sajès popilè  (Pwovèb), nou ape wè li ta vle depaman ak apwòch sikanaliz la. Men tèlman li repete aksyon an li vini pran fòm li, yo vin fè yon sèl ankè. Paske pawòl la di: ‘’lè granmoun kriye se pwoblèm li genyen’’. Sou pawòl sa a nou ka louvri yon parantèz, Sanble granmoun Ayiti pa kriye ankò, yo fin abitye ak pwoblèm, se jenn moun k’ap kriye kounyeya. Wi, gen nan yo ki kriye, men se pa tout lè jan pawòl la di a, se lè kat mare twa. Kote lamizè ak desepsyon konn mete dlo nan je lakay yo. Touche maj sansib yon manman pou pitit li k’ape pase tray, k’ape danggoye anba grif malfezan lavi. Yon manman san mari k’ape fouye men anndan gòjèt lavi pou levasyon pitit li, ki rann li kriye men li pa kite kriye pote li ale, fè li tounen lasimòk. Si nou kote pawòl mizik sa a, nou va pran yon lèz. Kote yon pitit ap rakonte doulè ak sansibilite manman li. Se yon mizik klass:''Se pa yon bagay ki fasil/ yon fwaye ki pa  ekilibre/ manman m pase mizè anpil/ dèfwa li gade m li tonbe kriye''

Manman an pa kriye nèt. Pou li lavi pa fini. Mouchwa li pa senpman la pou siye dlo nan je men se pou siye swè travay li tou. Menm si panama li tonbe, li gen dèyè, y’a ranmase li pou li. Lesperans sa a chita nan fenfon devnite pitit li k’ape grandi. Lavi se koub espiral k’ape dewoule... Ayè p’ap fouti jodi!  Manman an ape tire lobe, l’ape sonje, se li ki t’al ranmase menm si yo bliye li, yon jou l’ape gen rezon sou mizèrere. Petèt se chante tradisyonèl sa a ki konsole li:''Twa fèy, twa rasin o/ jete bliye ranmase sonje/ mwen genyen basen mwen/ twa fèy tonbe ladan li/ jete bliye ranmase sonje.''

Sou plan literati ak filozofi, koze a di se mo ki trennen lide. Eske se ilizyon l’ape kreye nan tèks la pou anbeli li pou kontanplasyon, nan fè yon chwa sa mwen rele Bèltiz la? Men ilizyon pa zanmi moun k’ape chire vwal laparans. Paske souvan ilizyon an vle fè moun pran  sizèt pou sizann. Kidonk, pou w dakò sa ou  wè a san ou pa poze lapat sou li pou kesyone li. Moun k’ape chante a sansib paske li kriye pou tout  sa yo fè li epi tou nou pral di mwen se konsa moun nan santi li byen pou dijere emosyon li, se sa mwen rele dezanvout oubyen defolize a. Se sa  ilizyon an vle fè nou kwè. Men kreyasyon atistik oubyen èv atizay se yon monn engra, menm si li ba ou degi penga ou kite rès somèy ou sou zoye li. Se veye ilizyon ak verite ki vini twò vit. Se yon vèvè ki anchouke nan fenfon lespri. Yon dlo poze ki reyonnen nan kat fasad letan.

Se pou konpoz yo, chantè yo ak powèt oubyen atisplim yo t’a mete kèk pano siyalizasyon nan èv atizay yo, pou bay nan ki sans pou entèpretasyon an vini. Men se ilizyon atistik la ki tout Bèlteyon èv atizay. San ilizyon atistik la oubyen atizay la mwen rele èv la, yon èv Mafwebèltiz.

Pawòl la di lavi se yon teyat. Nou tout se aktè. Kidonk, nou ape jwe! E moun k’ape chante a tèlman ap jwe, li jwe jwèt la byen, san envitasyon nèg la antre nan dans kriye a. Li antre nan won san baton paske si li te reflechi li t’ape wè genyen yon pwoblèm nan jwèt la. Kriye pa ka sèl zam yon moun, sèl reflèks yon krityen-vivan sinon moun nan genyen yon pwoblèm. Men okontrè li antre nan jwèt kriye a tou. Li antre nan jwèt konsanti a. Sansibilite li fè li tounen yon ti kriye nan chache jwe wòl detektiv. San li pa chache konnen kriye se pasyon moun k’ap chante a, malgre moun nan pa konn vrè pwoblem li e sa bay li remò: ''M konnen w oblije kriye/ pou ka wè kijan mwen fache/ pou sa dlo nan je mwen pa ka efase''.

Se byen! Si li kriye pou wè si li egziste, Se byen! Si li kriye pandan l’ape revòlte, se byen! Si li kriye lè li boulvèse. Men sepandan, sa pa sifi.  Kriye pa ka baton pèleren yon jenès ki vle vanse sou lavni. Si se kriye nou ape kriye, nou pa vle pran fòs nou ak detèminasyon nou, poze aksyon konkrè, se wè na wè bè nan je tipoul. Paske se aksyon rechinya nou ape poze! Dlo nan je manke pisans ak enèji pou efase grafiti  mòfweze lavi. Se gadavou pou nou gadavou!

E si yon moun pa konnen rezilta pase li ki penmèt li sa li ye jodi, pou analize li, pou wè si li bon ou pa bon, moun sa a fenk koumanse rete granmou-timoun. Lè konsa penga li fache si yo rele li ti anreta, li valab pou yon peyi tou. San eta konsyans sa a se rayisman l’ape pwojte pou tout vivasyon li, pou tout lavidiran li. Rayisman pa fouti pataje menm dòtwa ak egzistans paske nou konnen ki sa rayisman anjandre. Se younn ki pou kite pou lòt! San lanmou egzistans nanpwen ralonj.

Ayiti se yon rèv! E se noumenm  ak tout sa ki temwen vivasyon toulejou nou tou. Ayiti pa senpman jan Mikaben prezante li a nan mizik ‘’Ayiti se’’ a, kote se yon mizik pou touris li fè. Kidonk, loup fotografi a pa sa pran tout ang peyi a, pou li ta wè Ayiti se: moun k’ape divize pou renye, etidyan k’ape goumen pou jwenn moso pen lenstriksyon, yon peyi k’ape make pa sou plas, yon souverènte zonbifye anba kolera minista, zonbifikasyon, yon edikasyon tèt anba nan yon lekòl tèt anba, jan Dejan di li a, dwa fanm pa repekte, moun pa repekte moun, elatriye. Ou pral di mwen pa site tout, se menm jan pou Mikaben tou, m ap di wi, se vre! Men mwen di w elatriye. Mouche di w elatriye? Alòs, annou kite koze sa a pou yon lòt lè.

Ayiti se tout yon fenomèn! Konstriksyon li repoze sou nou. Lè nou fin kriye, manche men nou pou nou vanse sou zantò. Men si nou pa ta kriye li ta pi bon, konsa nou t’ap plis konsantre ak sere enèji nou, pou nou nakawout mètminui. Anpi nou t’ap fouye bouch nou nan tout sa ki pa gade nou, pou nou amelyore li, pote chanjman san nou pa bezwen kriye. Kidonk, entèlektyèl oubyen filozòf, Atis, Atizan nou yo ta reprann plas nan wonn avansman nasyon an pou panse yon panse k’ape panse panse ayisyen an, k’ape dekriye yon pwojè sosyete, nan konstriksyon tèt nou, valè nou, nan depete tout sa ki san fondman, tout sa ki pa’p aprann moun anyen oubyen kontribye nan fòmasyon karaktè moun. Yon atizay jeklere k’ape pwojte yon fason viv, yon myezèt-byennsite, yon chanjman, yon lòt vivasyon.

Se pi gwo mal ki te k’ap egziste lè yon krityen-vivan pran tout lòt bagay pou mete anvan moun, anvan parèy li, anvan peyi li nan sousi pou preche yon konsyans mòrèd depi opa, pou chache satisfasyon, selebrite oubyen pou moun vanterize tèt li pou li…laglwa. Kou di powèt la: ‘Pou dat nan fè vè isit tèt mòn yo san koulè e pou dat n’ap jwe ak mo isit mo yo pa fouti geri mo nou menm an jwèt.’’  Ayiti se yon rèv! E rèv sa a pou nou materyalize li fòk nou sispann pran tèt nou pou lòt moun oubyen plede vle sanble ak moun. Sispann voye titès nou nan mache, sispann voye memwa nou bay poul, se pa yon jwèt ki pè gany li ye e pou nou kapab pran Lenbe ak kout po kann fòk nou leve bonè… Ev yo dwe pote yon pwojè sosyete!!! Sinon Depetaj la pou kawote, eskilte, galete, netwaye wout la. Ev atizay la pa dwe senpman rete nan estad kontanplasyon, li dwe enskri li nan yon pwojè sosyete, pou li genyen yon finalite pratik sitou nan lòt Ayiti n’ape chawaye a. Nou pase twòp tan ap tete bibon/tetin granma.Twòp kriye… Alaso! Nanpwen manman, nanpwen pitit sa ki mouri zafè a yo!!!

Orso Antonio Dorélus «Art-Gens»
Manm Regwoupman Ekriven Kreyòl, Tanbou-Literè
ak Atelye Akasya

boule

 Viré monté