Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Solèy, solèy

Jonel Juste

Solèy la leve dèyè mòn nan
Li baye l detire
Li pouse dra lafimen bwouya
Ak lawouze dimaten
Epi l plonje nan de bra m
Toutouni
Jan Pè Letènèl te fè l
Solèy la leve yon bon maten
Li antre san frape
M pa konn kote l pase
L antre nan fenèt kwen je m
Li satouyèt mwen fè m pantan
Reveye m nan dòmi
Manzè Solèy antre toutouni nan chanm mwen
Li parèt kou yon aparisyon
Solèy … Solèy
M tèlman renmen w
M pa ka gade w nan je

Jonel Juste, Solèy Solèy, Editions Marginales, Miami,  Juillet 2020

*

 Viré monté