Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Gramè kreyòl ayisyen an: (7 jen 2025) Jean-Robert Placide |
1. Entwodiksyon - Nosyon modalite a
Nan yon sans elaji, (modus ak dictum), nosyon modalite a fè referans ak prezans lokitè a anndan diskou a: panse li sou reyalite li ap pale a, opinyon li, jijman li, santiman li ak emosyon li. Nosyon an sènen atitid lokitè a esprime parapò ak entèlokitè a. Epitou, li kapab montre atitid lokitè a parapò ak reyalite kontni pwopozisyon ki nan enonse a. Se yon nosyon inivèsèl ki prezan nan plizyè sistèm lengwistik, sou divès fòm.
Konsa, modalite a kapab espresyon yon atitid sosyolojik lokitè a chwazi anvè entèlokitè a. Modalite a kapab espresyon yon atitid sikolojik lokitè a genyen parapò ak pwòp fraz li enonse a. Gwosomodo, se avèk modalite yo lokitè a pèsonèlman pran angajman osnon pran distans li parapò ak sijè a.
Nan tèks sa a, mwen ap sèvi ak nosyon modalite a, pou mwen chèche idantifye nati mo yo, klas mo yo oswa kategori gramatikal ki nan kreyòl ayisyen an. An jeneral, grameryen ayisyen yo ak pwofesè lang kreyòl yo, tankou Mc. Evens Servil, nan Bon jan kreyòl nèt ale1, di genyen 9 klas mo nan kreyòl la. Mwen panse gen omwen 12 klas mo nan lang kreyòl ayisyen an. Pou mwen ka rive atenn objektif idantifye klas mo yo epi denonbre konbyen kantite yo ye, mwen pral bouske nan modalite fraz yo, nan modalite predikatif yo ak nan modalite nominal yo tou.
2. Tip modalite yo
Gen plizyè tip modalite. Gosselin (2010) klase divès modalite ki kapab parèt sèl oubyen an konbinezon, nan divès pozisyon anndan enonse a. Li nonmen tip modalite sa yo: aletik, epistemik, apresyatif, aksyolojik, deyontik.
Dimansyon aletik la esprime sa ki posib, enposib, vrè, fo. Li parèt lè lokitè a pwononse li sou valè verite lojik enonse a. Aspè enonse a ka vrè osnon fo, posib osnon enposib.
Egzanp:
- Manzè se yon fanm vanyan toutbon !
- Se vre wi, ou pa ka viv Matisan non !
- Se pa manti non !
- Tout lanng pa laten. Tout pale se lanng. (Keslèbrezo, Plofil No 1, 1988, p. 21)
- Se pa tout bourik ki rele Maten. (pwovèb ayisyen)
Dimansyon epistemik la tradui kwayans, dout, degre sètitid ak ensètidi lokitè a.
Egzanp:
- Poudi lapli a pral tonbe ?
- Petèt, lapli a pral tonbe.
- Ou pa sèten si lapli a apral tonbe.
- M kwè lapli a pral tonbe
Dimansyon apresyatif la pèmèt lokitè a demontre estim li sou sijè a. Se kapab aspè agreyab ak dezagreyab, tankou : bonte ak movèste, bèlte ak itilite, lajwa ak regrè, blam, endiyasyon ak aseptans.
Egzanp:
- Ala mizè nou manje, lè nou grangou. (Keslèbrezo, Plofil No 1, 1988, p. 23)
- Erezman lapli a tonbe, li bon pou jaden yo.
- Se ak regrè, mwen vin di w orevwa.
- Mwen renmen fanm nan tankou yon boutèy fele ki sere pi bèl souvni. (Julio Jean-Pierre, Tras, 2003, p. 62)
- Adelin bèl fanm, domaj li domaje. (nan kont tim-tim ayisyen, repons: kowosòl)
Dimansyon deyontik la konsènen enjonktif, enperatif ak lòd, obligasyon, nesesite ak entèdiksyon.
Egzanp:
- Paspò ak viza obligatwa pou ou vwayaje aletranje.
- Ayiti pèmèt Ameriken yo rantre san viza, alòske Ameriken bay lòd ak pinnga pou Ayisyen gen viza pou li antre Etazini.
- Ann respekte lang ak literati kreyòl la.
Dimansyon boulik la esprime swè, anvi, dezi ak volonte lokitè a.
Egzanp:
- Ala danse m ta danse. (pawòl mizik Tabou Combo)
- M santi m ta danse. (Éliante Matelier, atis chante)
- M ta renmen antere tout matinèt k ap simaye latèrè. (Lochard Noël, Zèklè ak Zetwal, 2009, p. 32)
- M swete ou pase yon bon lajounen.
- M pa vle pou lapli a ta vin pran w isit la.
Dimansyon aksyolojik la se jijman lokitè a ki kapab gen aspè: byen ak mal, moral ak immoral, pozitif ak negatif. Lokitè a afiche dimansyon aksyolojik la parapò ak yon nòm: sosyal, etik, pwofesyonèl, relijye, politik, filozofik.
Egzanp:
- Fanm ak tafya ka gwo pwazon / lè pa genyen moderasyon. (Garry Dossous, Goudougoudou sou chimen nou, 2015, p. 82)
- Sa ou fè twòp pote malè / sitou lè ou pa gen respè. (Garry Dossous, Goudougoudou sou chimen nou, 2015, p. 82)
- Si n te konnen pouki n ape mache, pou jodi a, fò n ta vanse rive. (Koralen, [jean-claude Martineau] Pwezi, Kont, Chante, 1991, p. 75)
- M pa felisite yo ditou epi m pa fè yo konfyans.
- Vye politisyen abolotcho sa yo, m pa vle wè yo.
Premye rezime
Sèlman nan ti kòpis sou tip modalite sa yo, nou ka jwenn omwen 8 kategori gramatikal: non, adjektif, vèb, advèb, konjonksyon pwonon, makè TMA ak modalizatè fraz.
3. Modalite fraz baz la ak klas mo yo
An jeneral, chapant modal yon fraz genyen plizyè mo ki charye valè modal yo. Lokitè a pran mwayen gramatikal, leksikal, pwozodik, pou li esprime modalite a nan enonse li a. Li chwazi mo (leskikal ou gramatikal) ak chapant (gramatikal, sentaksik) ki koresponn ak entansyon li, pou li fè parèt yon aspè espesyal. Se estrikti sa yo ak mo makè modalite yo, lokitè a simaye anndan fraz baz la (modalite entèn ki nan P) epi anndan fraz global la (modalite estèn ki nan M) ki ap bay enonse a tout sans li ak enpòtans li. Selon re-ekriti Léon ak Bhath (2017) pwopoze pou fraz global la: Σ → M (modalite fraz), P (fraz baz la). Si nou di fraz global la Σ, se M + P, kote M endike modalite a (entèwogatif, enjonktif, esklamatif, optatif, deklaratif) epi P se pwopozisyon an. (ling 1972)
Modalite entèwogatif.
Modalite entèwogatif la pèmèt lokitè a poze, mande, fòmile yon kesyon bay entèlokitè a. Pami makè lokitè a sèvi pou modalite entèwogatif la (alekri: pwen entèwogasyon, aloral: entonasyon) nou jwenn mo ki nan klas pwonon entèwogatif, detèminan entèwogatif, advèb entèwogatif ak modalizatè.
Egzanp:
- Kiyès ou fè konfyans sou latè a?
- Konbyen mango Jan manje (konbyen mango)? (avèk yon detèminan entèwogatif)
- Pouki Jan manje mango a, (pouki)? (avèk yon modalizatè fraz entèwogatif)
- Èske Jan manje mango a? (tip entèwogatif, avèk yon modalizatè fraz entèwogatif)
Modalite enjonktif (enperatif)
Avèk modalite enjonktif la, lokitè a fòmile lòd ak konsèy bay entèlokitè a. Nan fraz enjonktif yo, nou jwenn mo tankou vèb (mòd enperatif), vèb oksilyè, makè pwonon enjonktif: annou, ak modalizatè fraz (pingga, fòk).
Egzanp:
- Misye dwe (oblije) vini. (avèk yon vèb oksilyè modal)
- Mete manje a sou tab la! (avèk yon vèb leksikal, mòd enperatif)
- Kite (lese, fè) li mete manje a sou tab la. (avèk yon vèb kozatif, mòd enperatif)
- Pingga misye vini. (avèk yon modalizatè fraz)
- Pingga ou foure dwèt ou nan je m ! (ak yon modalizatè fraz)
- Fòk misye vini. (avèk yon modalizatè fraz)
- Pingga ou kriye ankò. (avèk yon modalizatè fraz)
- An nou fè devwa a. (Fedexy, 2015, p. 82) [avèk yon pwonon konpoze enjonktif pou mòd enperatif la epi ki nan fonksyon sijè]
- An nou manje mango yo ! (avèk yon pwonon konpoze enjonktif, ki nan fonksyon sijè)
Modalite esklamatif
Lokitè a sèvi ak fraz esklamatif oswa espresif pou li tradui, esprime santiman ak emosyon li. Avèk modalite esklamatif la, nou jwenn mo entèjeksyon, advèb esklamatif, detèminan esklamatif ak modalizatè fraz.
Egzanp:
- Ala m pa ka rete ankò ! (avèk yon modalizatè fraz)
- Ala mizè m ap pase ! (avèk yon detèminan esklamatif)
- Men (apa) tanpèt la rive sou nou ! (men (apa) se prezantatif esklamatif)
- Apa ou kriye ankò ! Ala m pa ka kriye ankò !
Modalite optatif
Modalite optatif la se lè lokitè a esprime swè ak dezi li. [Li ka konbine avèk modalite esklamatif la tou.]
Egzanp:
- Ke Bondye fè ou pa kriye ankò ! (avèk yon konjonksyon)
- Se pou Bondye beni w! (avèk yon fòmil swè anfatik : se pou)
- M priye Bondye pou li beni w ! (avèk yon konjonksyon)
- Bondye beni w ! (avèk mòfèm Ø)
- M ta gade w, m ta yas ! (avèk yon makè TMA modal)
- Ala rele mwen ta rele ! Ala pyafe mwen ta pyafe ! (Keslèbrezo, Plofil No 1, 1988, p.23]
Modalite deklaratif
Nan fraz deklaratif oswa asètif la, lokitè a anonse oswa livre enfòmasyon bay entèlokitè a.
Egzanp:
- Nanpwen okenn silans ki silans toutbon vre. (Manno Ejèn, Pwezi pou anwoule tan mwen, 2019, p. 36)
- Ekriti mwen se libera/ donezon lizay nan ounfò. (Orso Antonio Dorelus, Fleriz, 2013, p. 21)
- Sofya ak Djonnsonn te rankontre sou Facebook, nan mwa desanm 2009. (Garry Dossous, Goudougoudou sou chimen nou, 2015, p. 15)
Modalite konbinatwa
Se konbinezon plizyè modalite lokitè a kapab chwazi itilize nan chapant modal enonse li a.
Egzanp:
- Fout je nou atè, trèt o! (Kannal Divan k ap chante, k ap lomeye lanmò li, nan Latibonit, Ayiti)
- Komabouyèl ! Mezanmi, si m manti di m manti. [Koralen, (Jean-Claude Martineau, Pwezi, Kont, Chante, 1991, p. 39)
- M vle ou fout kite vye mòso tè a ban mwen !
4. Modalite predikatif ak klas mo yo
Lokitè a ka esprime modalite predikatif la, avèk lizay divès mo makè TMA yo ki vini anvan vèb la (Bernabe1987). Mòfèm TMA prevèbal yo kapab modifye yon fraz baz nan pote presizyon ak enfòmasyon sou predika pwopozisyon an. Epi, lokitè a ka konbinen yo avèk Vèb modal yo, pou li modalize pawòl li.
Mo makè TMA yo ka esprime valè modal boulik (swè ak siijesyon: ta), pou adousi modalite enperatif la. Yo ka endike valè modal epistemik (verite ak manti) nan lizay tan ak aspè. Yo ka prezante posiblite ak pawòl ipotetik, imajinè. Ositou, nou jwenn seri mo make TMA yo kòm makè prevèbal modal.
Egzanp:
- Deziyis te kouche nan ranmak la, ap kabicha. (te se makè TMA, oksilyè tan, ap se makè TMA, oksilyè aspè) [Carrié Paultre. Ti Jak, 1974]
- Boutèy pa ko plen, bouchon pa ka jwenn. (Pwovèb kreyòl: ko se makè TMA, oksilyè aspè, ka se vèb oksilyè mòd)
- Ou ta vini pran kòb la anvan, paske mwen pral sòti. (ta se makè TMA, oksilyè mòd, pral se se makè TMA, oksilyè tan)
Epitou, nou obsève genyen vèb oksilyè modal ki nyanse vèb leksikal enonse a.
Egzanp:
- M vin achte, m pa vin koze. (vin se vèb oksilyè aspè) [Justin Lhérisson, Zoune chez sa ninnaine, [1906] 2011, p.74]
- M fin vann, m fin achte, m fèk chavire bak mwen. (fin se vèb oksilyè aspè, fèk se makè TMA, oksilyè aspè)
- Se nan briganday ou vle tonbe. (vle se vèb oksilyè modal) [Justin Lhérisson, Zoune chez sa ninnaine, [1906] 2011, p.110]
Finalman, nou relve genyen prepozisyon modal sa yo: nan, sou, pou, ki se prepozisyon modal nan sans yo endike yon semantik modal (Glaude, 2012).
Egzanp:
- Jan sou danse. (H. Glaude, 2012, p. 59)
- Jan sou vini. (H. Glaude, 2012, p. 93)
- Jan pa nan danse kole ak okenn kandida malonèt.
5. Modalite nominal ak klas mo yo
Lokitè a kapab esprime modalite nominal la, nan fè prezans li parèt nan Gwoup Nominal la (GN), avèk divès mo ki fòme li a. Li ka make distans li tou, parapò ak entèlokitè a tou. Pou li esprime modalite a li ka itilize mòfèm lib ki nan periferi non an: detèminan, non, pwonon, prepozisyon ak adjektif.
Egzanp:
- Kote mouche sa a prale ?
- Fanm atchawèl agase matlòt.
- Gason atchasou mache bwòdè.
6. Modalite fraz global la ak klas mo yo
Nan kreyòl ayisyen an, nou jwenn yon seri mòfèm modalizatè ozalantou fraz baz la. Epi, pami mòfèm modalizatè andeyò fraz baz la, nou genyen: detèminan fraz, konpleman fraz, modalizatè fraz ak entèjeksyon.
Egzanp:
- Jan vini an ? [An se detèminan fraz.]
- Maten an, Jan vini an, kòmsadwa. [kòmsadwa, se advèb nan wòl konpleman fraz. Premye an an, se detèminan non. Dezyèm an an, se detèminan fraz.]
- Fòk Jan vini an. [fòk, se modalizatè fraz; an, se detèminan fraz]
- Pinnga Jan vini an non! Fout! tonnè ! [pinnga se modalizatè fraz. Non, fout, tonnè se entèjeksyon]
- Modalite nan fraz patikilye yo: fraz ak prezantatif [anfatik]
Nan kreyòl ayisyen an, gen yon seri mo ki sèvi pou prezante yon moun, yon kichòy osnon pou siyale egzistans oswa prezans yon moun osnon kichòy. Trè souvan, mo sa yo pote yon valè modal aletik, deyiktik (ki ap montre yon moun oswa ki ap endike kichòy), yon valè anfatik, yon pwennvi pèsonèl sou moun nan osnon sou kichòy la. Grameryen yo rele yo prezantatif epi yo gen fonksyon gramatikal entwodiktè (Priet, Petit, Renaud, 2021, p. 267).
Prezantatif yo se: men, apa, se. Nan enonse a, konpleman prezantatif la kapab yon non, yon pwonon, menm yon pwopozisyon sibòdone konpletiv. Prezantatif yo sèvi pou fòme yonn nan chapant fraz patikilye grameryen yo rele fraz ak prezantatif.
Egzanp:
- O ! O ! se Savwa. (Robert Lauture, Kalbas la, 2011, p. 13)
- Men m la a, pran m. (kont tim tim: lonbray)
- Men konpa m t ap pale w la.
- Men mwen ! Men mesye yo !
- Men (epa, apa) lapli a !
- Apa (epa, men) nou !
- Epa (apa) li pa ko vini an!
7. Klasman mo kreyòl yo
Chak tip modalite Gosselin (2010) yo rasanble yon seri valè modal ki jwenn espresyon lengwistik yo nan mo lokitè a chwazi yo. An jeneral, mo yo ki nan tout kategori leksikal ak gramatikal, yo kapab chaje yon bann valè modal.
Lè nou fè bilan klas mo ki sèvi nan modalite predikatif la, modalite nominal la, modalite fraz baz la, fraz global la, ansanm ak modalite fraz patikilye a, nou jwenn 12 klas mo: non, adjektif, detèminan, makè TMA, vèb, advèb, prepozisyon, konjonksyon, entèjeksyon, pwonon, modalizatè fraz epi prezantatif.
Mwen pwopoze pou nou ta ajoute 3 kategori gramatikal sa yo, makè TMA, modalizatè fraz ak prezantatif, nan lis klas mo yo nan kreyòl ayisyen an. Konsa nou t ap genyen12 klas mo nan lang kreyòl ayisyen. Men yo:
- 5 mo leksikal: non, adjektif, vèb, advèb, entèjeksyon
- 7 mo gramatikal: detèminan, pwonon, prepozisyon, konjonksyon, makè TMA, modalizatè fraz ak prezantatif.
Mèsi pou atansyon nou!
Jen 2025
Janwobè Plasid
Manm Mouvman kreyòl / Sosyete Koukouy
Manm Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)
Bibliyografi
Denise François (1975). Les auxiliaires de prédication, nan La Linguistique, 1975, vol 11.
Annegret Bollée (1977). Le créole français des Seychelles.
Buyssens Eric (1982). Modes et modalités, nan Bulletin de la Classe des lettres et des sciences morales et politiques, tome 68, 1982.
France Cloarec-Heiss (1986). Dynamique et équilibre d’une syntaxe: Le Banda-Linda de Centrafrique.
Jean Bernabe (1987). Grammaire créole (fondas kreyòl la).
Daniel Schlupp (1997). Modalités prédicatives, modalités aspectuelles et auxiliaires en créole à base lexicale française de la Guyane française.
Karen Lyda McCrindle (1999). Temps, modes, aspects: les créoles des Caraïbes à base lexicale française. (tèz doktora)
Robert Damoiseau (2007). Autour de la prédication nominale dan les créoles de guagd, matinik, de la guyane et d’Haïti, nan La Linguistique, 2007, vol 43.
Claude Dionne (2007). La complémentation en créole martiniquais.
Laurent Gosselin (2010). Théorie modulaire des modalités.
Herby Glaude (2012). Aspects de la syntaxe de l’haïtien. Paris: Editions Anibwé.
Jockey Berde Fedexy (2015). Gramè deskriptif kreyòl ayisyen an.
Ranauld Govain (2018), «Le factitif en créole et en français d’Haïti, perspective pédagogique». Dans A. Thibault (éd.), Le causatif : perspectives croisées, Strasbourg, Éditions de Linguistique et de Philologie, 153-183 [A17]
Benoît Priet, Marie-Pierre Petit, Yveline Renaud (2021). Mon Grand Guide Ortho 2022-23 pour entrer en école d’orthophonie.
Renauld Govain (2022). La question linguistique haïtienne: histoire, usages et description. Mémoire HDR, U. Paris 8.
Moles Paul (2024). Valeurs sémantiques de quelques auxiliaires de modalité en créole haïtien, nan Archipélies, 2024, vol17.
References: Antoine 2022. Les séries verbales en créole haïtien: Analyse syntactico – sémantique des séries causatives. Mémoire Licence. U. EHaïti.
Nòt
*