Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Zosman rev

André Fouad

Se zosman rev mwen selman ki rete anndan rev sa
se zosman rev mwen selman ki rete anndan mizik sa
se zosman rev mwen selman ki rete anndan pawol sa
Yo te di'm sa mwen pat vle kwe sa

Tout ti dezi'm pedi koule pedi fas pedi te

Map trennen san rete
yon lonbray defigire yon lonbray madigridire tout kote'm pase
Yo te di'm sa mwen pat vle kwe sa

Tout ti zetwal kite zanmi'm
tout ti zetwal ki te konn fe alarive ave'm
yo tout pran refij nan yon lot kap koupe'm kout je
nan yon lot ki derefize di'm bonjou
nan yon lot vil k'ap pile pye' m
nan yon lot vil k'ap krache sou mwen
Yo te di'm sa mwen pat vle kwe sa.

ANDRE FOUAD
Tire de Chimen souvni'm

Viré monté