Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

«Flè Zili», yon rekèy powèm André Fouad

Publié le 2020-11-04 | Le Nouvelliste

Marc Sony Ricot

 

Powèt, dizè, operatè kiltirèl, Andre Fouad pibliye yon rekèy powèm ki pote tit «Flè Zili» nan Edisyon Freda, yon mezon edisyon ki pibliye sèlman zèv ki ekri nan lang kreyòl yo. Liv sila parèt an avril 2020, se powèt-editè  Roniro Jean-Baptiste ki prefase liv la. «Flè Zili» se yon rekèy ki reyisi nan fon kou nan fòm. Se yon powèm flèv ki trete ofon lanmou avèk imaj Ezili kòm yon dye senbolik nan mitoloji vodou. Powèt la grandi plim li ak imajinasyon l ki vin pi  majè. «Flè Zili» se youn nan pi bèl rekèy ki ekri an kreyòl ki pibliye nan dènye tan sila yo nan peyi  Dayiti. 

Pwezi se emosyon, se ladrès. Se sa nou viv chak jou, sa nou tande tou. Pwezi ak mizik pa diferan, gen pwezi ki vin chante gen chante ki vin mizik. Pwezi ak mizik se menm plim menm plimay. Farin menm sak. Powèt yo se mizisyen. Gen powèt ki pi konn aranje enstriman yo ki se mo yo pase lòt, konsa tou gen powèt ki parese. Ki pa karese rèv la. Gen powèt tou ki koumanse depi nan premye vè a jouk rive nan finisman liv la san bri san kont. Konsa tou, gen powèt ki koumanse ak gwo laraj jou k liv la fini. 

«Mwen kache w dèyè tout fenèt
Ki separe m ak yon milye reyon solèy
Mwa janvye
Se nan lari m al aprann konnen
Kò w se yon ofrand flè
Tout moun ta dwe posede»
. p. 25


Sa mwen renmen nan liv André Fouad la se dousè melodi mo yo. Se jan powèt la pran men m li mennen m nan san bri san kont. Pou mwen menm «Flè Zili» se youn nan pi bon liv powèt la ekri, se youn nan pi bon liv kreyòl tou ki sòti nan dènye ane sa yo. «Flè Zili» se yon melodi. Yon melodi k chante fanm, lanati, dye vodou san kliche. San deranje lang lan. Sa m renmen lakay powèt la, imaj li yo siprann. Se tankou yon tablo senbolism. Imaj yo evoke sansasyon, etadam. «Lòsyè koulè kafe w// Fè lanm lanmè reve». Pwezi André Fouad yo chita sou detay. Powèt la pwouve nou li s on pye poudre. Yon pye poudre k ap chache souf lanmè. Souf van ak souf mo yo pou l ekspoze yo nan reyalite a. «Mwen tanmen chèche souf ou/ Menm jan/ Ak bèlte lento pwomès». André Fouad itilize tou yon chan leksikal ki gen rapò ak kò. Chak pati nan kò a s on flè pou l fè yon powèm, sitou pye. «M bliye si pye w//Se flè nan paradi». «Devan katedral/ Se la tout moun renmen w// M danse ak letènite bò pye w».


André Fouad

André Fouad se powèt, li se dizè tou. Li pibliye plizyè liv deja, pami yo: «Bri lannwit». Port-au-Prince: Éditions Page Ailée, 2000.

«Etensèl mo m yo». Coconut Creek (Florida): Educavision / Éditions Miroir, 2006. «Souf Douvanjou». Coconut Creek: Educavision, 2010; Port-au-Prince: Éditions Bas de Pages, 2012; Port-au-Prince: Éditions Pulùcia / Éditions Ruptures, 2017. «Bri lannwit ak lòt powèm». Port-au-Prince: Éditions Ruptures, 2012. «Pye poudre». Boston: JEBCA Éditions, 2018. «Lawouli». Gonaïves: Éditions de la rosée, 2019. «Bri lannwit». Port-au-Prince: Éditions Page Ailée, 2000. «Etensèl mo m yo». Coconut Creek (Florida): Educavision / Éditions Miroir, 2006. «Lawouli». Gonaïves: Éditions de la rosée, 2019.

André Fouad resevwa plizyè pri literè. Nan lanne 2017 li te resevwa «Best poet by Haitian Academy Awards» nan  Orlando. Li resevwa tou pri «Outstanding Poet of the Year, New Jersey». Chantè Wooly Saint Louis Jean mete deja plizyè powèm li an mizik. Powèt la ap viv Etazini men l ap vin an Ayiti pa twò lontan paske li se youn nan envite twazyèm edisyon festival literati kreyòl k ap dewoule 2 pou rive 6 desanm 2021. Se ekriven Antoine Lyonel Trouilot ki envite donè festival sila.

*

Viré monté