Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Sou tras powetik André Fouad

Publié le 2020-11-04 | Le Nouvelliste

Marc Sony Ricot

«Plas Piblik» dènyè rekèy powèm André Fouad pibliye nan Edisyon Freda avèk desen kouvèti Ralph Allen. «Plas Piblik» s on powèm lari. Ki pase nan tout ri. Ri ki pot tras lanmou. Ri ki gen san. Ri Leta fè k ap fè  lago deli ak souf pèp la. S on powèm ki chita sou revandikasyon sosyal. Ki «abiye pwomès flanm lannuit».

S on powèm tou ki fè deskripsyon lari a, vil la, peyi a. « Plas Piblik » se yon tablo imajinè ki chaje reyalite. André Fouad, nan yon estil ki toujou pwòp ak li, metamòfòze lari. Lari a k ap vòlè rèv nou. Lari a ki an degrenn goch. Lari a k ap ri nou. Lari k ap gade nou k ap fè lari. Nan «Plas Piblik», pwezi itilize pou chante, pou di, pou pete gwo kout rèl,  pou simaye rèl sou tout pwoblèm sosyal peyi a ap travèse.

«Ou vòlè rèv mwen
Ou fè l tounen lafimen
Nan recho dife w
Lari
Ou s on rizèz lari
Ou s on lari malerèz lari
Ou s on lari degrenn gòch lari
Lari sispann ri m tande lari»

Nan « Plas Piblik » André Fouad fè yon travay orijinal sou lari. Lari a ki gen vyolans. Lari a ki bèl. Lari a tou gen lanmou. Lari a k ap kole kè a kè. Lari a k ap ekspoze lanmou nan twaze lonbray. Lari a k ap chifonnen rèv nou.

 «Pou lari a pa chifonnen rèv ou
Pou loray yo pa fè bri nan tèt ou»

«Plas Piblik» se yon powèm lanmou tou. Naratè a pa sispann antre sòti nan tematik yo paj apre paj. Pafwa se lanmou, legzistans, pwoblèm sosyetal.

«Mwen vle pou mo m yo
Pran wout vibrasyon tan w ak espas ou
Ala bèl sa bèl
Lè pawòl nou sanble
 lanmou nou jwenn tisous lavi»

Lang André Fouad la senp. Imajinasyon li fèti l. Pwezi André Fouad konstitiye yon mond apa. Yon rèv. Pwezi a gen pou bi pou eksprime epi pou degize. Inivè André Fouad la twouve l ant reyèl ak imajinè.

Nan liv sila a, ekriven an itilize anpil mo nan yon dyalèk afriken ki rele duala yo pale nan peyi Kamewoun. Powèm yo souvan pote tit ki ekri nan lang dyalèk afriken sila.

André Fouad se yon powèt sibtil. Ki ale nan zantray mo yo. Nan limit sa n pa di chak jou. Se yon rekèy powèm ki pa pale nan ti mamit. Se yon liv tou pou moun ki damou nan tout boulin.  Ki aprann konte batman kè.

«Mwen fè wònn montay la
Sou dobosi zetwal
Mwen ateri douvan papòt ou
Ou se yon lòt tan
Ki ekri an lèt majiskil
Je w bande
Tòchon lakansyèl rabi
Chouk bwa charye mo lèzenlèzòt»

*

 Viré monté