Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Nan zèl inosans

André Fouad

Source: Le Nouvelliste, 9 novembre 2026

Fregata magnificens

Fregata magnificens. Photo Francesca Palli

Nan powèm sa a, «Nan zèl inosans», André Fouad, powèt ayisyen k ap viv Miami, louvri yon fenèt sou memwa Schultz Laurent Junior, powèt-jounalis ayisyen ki te asasinen nan Filadèlfi, Ozetazini. Ant doulè yon lavi asasen rache ak dousè yon inosan ki te toujou ap chèche limyè nan mo yo, André Fouad trase pòtrè yon zanmi ki kite dèyè l plis pase silans. Zwazo, papiyon ak jwèt timoun yo tounen senbòl yon limanite blese, men ki poko pèdi kapasite l pou reve. Se yon omaj chaje ak tandrès, kote pwezi vin tounen yon espas pou n sonje, kriye epi pwoteje memwa moun nou renmen yo retire nan mitan nou twò bonè.

Pou powèt jounalis Schultz Laurent Junior

M louvri fenèt mwen
pou m poze avèk ou,
se domaj nan kouri prese,
loray, gwo wòch woule,
jouk jwèt poupe timoun yo.
Ou tanmen blaze
tout zwazo vil yo.
Ekriti w, kamarad,
se yon pòt ki louvri sou inosans.
Ou kenbe papiyon Filadèlfi a nan ke w
pou mo yo mennen w
pi pre wout limanite.

*

 Viré monté