| Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
| Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Bon de san senkantyèm |
De san senkant lane, limyè libète klere,
Sou tè sakrifis kote ewo pa janm sispann leve.
Nou salye sila yo ki tonbe, nou onore sila yo k ap goumen,
Pou Etazini rete djanm, pou li kontinye kenbe men.
Nou wete chapo douvan tout kè ki pa janm febli,
Moun k ap travay chak jou pou peyi a pa janm pliye ni fini.
Men pandan n ap fete, ann fè yon ti poz reflechi,
Gade nan tèt nou: kisa nou dwe korije jodi a pou demen ka grandi?
Diskriminasyon pa gen plas kote libète vle grandi,
San tolerans, pa gen avni, se verite sa a ki di.
Ann respekte youn lòt, jan nou ye, san kondisyon,
Paske fòs yon nasyon chita nan inite, pa nan divizyon.
Ann kanpe kont rayisman, kont laterè anndan lakay nou,
Paske ewo yo pa t mouri pou n detwi youn lòt nan mitan nou.
Yo te reve yon peyi kote chak moun gen valè,
Pa pou wa, pa pou diktatè, men pou jistis ak limyè.
Se yon peyi imigran bati ak swe ak espwa,
Pa fèmen pòt la pou sila k ap chèche menm dwa.
Ann louvri kè nou, ann bati ansanm ankò,
Pou chak moun jwenn plas li anba menm drapo.
Se pou sajès grandi nan kè nou chak jou
Se pou tolerans limen chimen lanmou
Pou n sispann fòse zòt viv jan nou ye
Chak pèp gen dwa pou kilti li briye.
Glòb la laj, li gen plas pou tout nasyon,
Pou viv ansanm san laperèz, san divizyon
Pa dwe gen pwofesè nan demokrasi
Se nan bon zanmitay pou n ede youn lòt grandi.
Se pou Bondye kontinye beni Etazini, gide nou chak jou,
Konbat grangou, povrete, pote lanmou nan mitan nou.
Nan verite, nan jistis, nan mache men nan men,
Pou pwochen selebrasyon, tout moun santi yo byen.
Yves-Mary Fontin
*
