Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Dwa lengwistik kolektif kreyòl: an kreyòl silvouplè!

Jean-Robert Placide

Aplikasyon prensip teritoryalite lengwistik la

Prensip teritoryalite lengwistik se yon chwa  ki pou oryante politik lengwistik yon peyi epi ki baze sou dwa kolektif kominote lengwistik yo. Se yon prensip ki rekonèt  gen (manm) kominote lengwistik ki sou pwòp teritwa li, ki admèt gen lang ki se pwòp lang yon teritwa, epi ki asepte gen lang ki sou pwòp teritwa li. Epitou, kapab gen lòt gwoup lengwistik ki sou menm teritwa a .
Ayiti se yon espas jewografik, yon teritwa 27750 km2, yon peyi. Anviwon 11. 667. 000 moun Organisation internationale de la francophonie (OIF)1 di ki sou teritwa Ayiti a epi ki posede teritwa Ayiti a, se Ayisyen yo ki sou pwòp teritwa yo, epi yo pale kreyòl ayisyen ki se pwòp lang teritwa Ayiti a. Kreyòl ayisyen an se lang matènèl pèp ayisyen an. Se lang 100% Ayisyen pale Ayiti. Lè nou asosye lang ak nasyon, kreyòl ayisyen an se lang kouran popilasyon an epi se sèl lang kominikasyon kolektif tout pèp ayisyen an nèt. Kreyòl ayisyen an se lang ki sou pwòp teritwa li. Epi lè nou asosye lang ak nasyon, kreyòl ayisyen an se sèl lang ki simante, ki ini tout nasyon an nèt (Ref. Konstitityon 1987). Sou plan idantite lengwistik, se sèl lang kreyòl ayisyen an ki depareye nasyon ayisyen an nan konsè tout nasyon yo , epi ki pèmèt pèp ayisyen an esprime idantite li. Sou baz agiman sa yo, tout 11. 667. 000 Ayisyen yo ansanm nèt alawonnbadè fòme kolektivman yon sèl kominote lengwistik kreyòl sou tout teritwa Ayiti a. Se yon seri agiman beton, nan prensip teritoryalite lengwistik la, ki egzije yon politik ak amenajman lengwistik sou tè Ayiti, kote lang kreyòl la gen priyorite sou tout lòt lang yo, paske se li sèl ki pwòp lang teritwa Ayiti a, epi li se sèl ki lang ki sou pwòp teritwa li, Ayiti.

Kidonk, kit Ayisyen an monoleng, kit li bileng, trileng, miltileng oswa poliglòt, gen yon sèl kominote osnon  kolektivite lengwistik Ayiti: se kolektivite kreyòl la2. (Ref: Déclaration universelle des droits linguistiques (DUDL), atik 1.1)

Gwoup lengwistik an Ayiti

Men nou panse tou, genyen gwoup lengwistik3 sou teritwa a tou (Ref: DUDL, atik 1.5).   Selon American citizen services (ACS) gen yon kominote ameriken ki gen plis pase 15 000 sitwayen ameriken ki ap viv Ayiti4. Anglè se pwòp lang  kominote ameriken an. Yo gen lekòl, inivèsite ak enstiti pa yo. Yo fòme yon gwoup lengwistik sou teritwa Ayiti a. Men Ayisyen ki pale anglè a, kèlkeswa degre konpetans li nan lang anglè a, li pa fè pati kominote ameriken an. Dayè, peyi Etazini pa konte Ayisyen ki pale anglè an Ayiti yo pami manm kominote ameriken an an Ayiti a.

An 2011, Le Nouvelliste5 rapòte gen yon kominote 230 Siryen an Ayiti. Yon Ayisyen ki arabofòn pa fè pati manm kominote arab la poutèt sa. Ayisyen tankou Carl Brouard, Jules Faine, Jacques Roumain, Otello Bayard te konn pale alman. Malgre, nan yon degre konpetans kèlkonk, yo te jèmanofòn, yo pa te manm kominote alman an poutèt sa.

Genyen yon kominote espayòl6, anviwon 50 sitwayen ki ap viv Ayiti. Yo gen enstitisyon tankou Institut Lope de Vega. Nou ap fè remake, konsènan Ayisyen ki pale panyòl yo, malgre tout konpetans lengwistik yo nan lang espayòl la, Ayisyen ispanofòn yo  pa manm kominote espayòl la poutèt sa.

Gwoup lengwistik fransè

Lè nou konsidere etni fransè ki sou teritwa Ayiti a, (genyen 16007 ekspatriye fransè ki ap viv Ayiti), nou admèt gen yon gwoup lengwistik fransè ki sou teritwa Ayiti a, depi kèk zan, depi dezoutwa jenerasyon8.Yo gen pwòp asosyasyon kominotè pa yo. Yo gen lise pa yo ki nan yon gwoup lekòl frankofòn nan plizyè peyi. Yo gen pwòp rezo kiltirèl pa yo, pwòp rezo medya pa yo. Yo gen pwòp reprezantasyon pa yo nan Palman fransè a nan peyi Lafrans. Sou baz atik 1.5 DUDL la, nou estime yo se yon gwoup lengwistik, ki gen pwòp lang li se fransè.

Nou pran nòt lang fransè se lang ofisyèl Ayiti. Men, nou konnen tou lang fransè pa sou pwòp teritwa li Ayiti. Ni tou, lang fransè se pa pwòp lang  teritwa Ayiti. Plas lang ofisyèl la pa yon agiman solid. Se yon refleksyon flègèdèp pou yon obsèvatè ta konsidere lang fransè a kòm lang ki sou pwòp teritwa li9.

Kominote frankofòn pa vle di kominote fransè

Lang fransè se pa lang natifnatal peyi Ayiti. Se yon lang vini, ki gen yon pase istorik an Ayiti men ki pa egal ak pase istorik kreyòl ayisyen an ki sou pwòp teritwa li an Ayiti. Lang fransè a se yon biten nan patrimwàn lengwistik Ayiti. Se yon lang ki vini sou teritwa Ayiti a, ozanviwon lane 1625 yo konsa. Epi anmezi tan an ap pase, lizay lang fransè a vin donnen yon dyalèk ki rele fransè ayisyen oubyen fransè Dayiti10. Florezon dyalèk ak lòt mòd pale fransè yo sou teritwa Ayiti a, tankou fransè ayisyen, fransè mawon ak fransè ibrid, pa  bay lang fransè a okenn dwa pwopriyete an  Ayiti.

An prensip, 4 .667.000 Ayisyen frankofòn ki, daprè Oganisation internationale de la francophonie (OIF)11 gen yon degre konpetans kèlkonk an fransè yo, yo pa ditou fòme yon pèp apa, yo pa regwoupe yo kòm nasyon apa, ni yo  pa janm revandike, ni reklame nonplis yon idantite etnik apa pou tèt yo. Donk 42% Ayisyen nan popilasyon Ayiti a ki, daprè OIF se lokitè frankofòn sa yo, kèlkeswa dyalèk fransè yo pale a, kit yo pale fransè klasik, fransè ayisyen, fransè ibrid, fransè mawon, yo pa ni yon kominote lengwistik fransè, nan sans Atik 1.1 Déclaration universelle des droit linguistiques, ni yon gwoup lengwistik fransè sou teritwa Ayiti a, nan sans Atik 1.5 menm deklarasyon inivèsèl la.

Epitou, swadizan 4. 667. 000 Ayisyen sa yo, malgre degre konpetans yo nan lang fransè a, yo pa fè pati manm gwoup kominote fransè anbasad Lafrans rekonèt limenm ki sou teritwa Ayiti a. Anbasad Lafrans pa rekonèt yo nonplis pami anviwon 2.000 sitwayen fransè espatriye, ki gen lang matènèl fransè epi ki se manm gwoup lengwistik fransè. Annou poze yon kesyon. Konbyen Ayisyen nan 4.667.000 lan ki ta gen lang matènèl fransè epi ki ta manm gwoup lengwistik fransè a?

Kòm konsekans, sou baz yon Ayisyen frankofòn pale fransè, li ekri oubyen li konprann tout varyete fransè yo jwenn Ayiti yo, (fransè ayisyen, fransè ibrid ak fransè mawon), sa pa fè li yon manm kominote fransè otomatikman. Ayisyen frankofòn nan pa gen okenn rekonesans etnik ki pou ta ba li dwa jwi dwa lengwistik ki ratache ak kominote lengwistik fransè yo, (tankou dwa lengwistik Leta ayisyen an bay gwoup lengwistik frans pou li gen pwòp rezo medya pa li, pwòp rezo lekòl pa li, pwòp asosyasyon fransè pa li…). Paske tou, menm si 4. 667. 000 Ayisyen sa yo pale fransè, (tankou gen anpil Ayisyen an Ayiti ki pale espayòl, anglè,  ki miltileng, poliglòt), yo pa janm konsidere yo kòm yon nasyon diferan, yon pèp diferan, yo toujou konte tèt yo pami anviwon 11. 667 000 Ayisyen OIF kalkile yo epi ki fòme pèp ayisyen an.

Kidonk, san kè sote, nou kapab deklare kominote Ayisyen totalman kreyolofòn, men yo pasyèlman frankofòn, anglofòn, ispanofòn. Epi konpetans anglè, espayòl ak fransè plizyè nan yo, se pa kondisyon sifizan pou yo ta fè pati manm kominote lengwistik nasyon sa yo.

Diglosi / matlotay lengwistik

Pèp ayisyen an fòme yon sèl nasyon kreyòl epi li bay tèt li yon chapant ki rele Leta, ki pou administre peyi Ayiti a ak tout resous li yo: moun yo, resous natirèl yo, resous kiltirèl yo, elatriye. Leta Ayiti deside chwazi 2 lang ofisyèl, kreyòl ak fransè, pou li kominike epi pou li bay sèvis sou teritwa Ayiti a, menm si li konnen li pa gen ase resous ekonomik ak teknolojik pou li akonpli manda sa a. Se yon politik lengwistik ki pa chita sou prensip teritoryalite a. Se yon politik lengwistik, pou yon seri rezon politik, ideyolojik, ekonomik, ki baze sou prensip pèsonalite lengwistik la, ki aplike yon bilengwis ki pa ekitab ditou ant fransè ak kreyòl.
Men kèk konsta tout moun konnen. Konstitisyon 1987 Ayiti a ekri an kreyòl tou, men Leta ayisyen an pa janm pwodui  ni ratifye okenn vèsyon legal amande 2011, nan lang kreyòl ayisyen an ki se lang ofisyèl epi ki se pwòp lang teritwa Ayiti a. Le Moniteur, jounal ofisyèl Leta Ayiti pa gen okenn vèsyon legal amande 2011, nan lang kreyòl la ki se lang ofisyèl epi ki se pwòp lang teritwa a. Nan sistèm jiridik la, anwetan lwa kreyasyon Akademi kreyòl ayien an, epi Ministè kondisyon fanm ki gen yon pwojè lwa an kreyòl, tout lwa ak dekrè lwa, jijman ak desizyon lòt ministè konsène yo prèske pa gen okenn vèsyon legal ditou nan lang kreyòl la ki se lang ofisyèl epi ki se pwòp lang teritwa Ayiti a. Se yon dwa lengwistik kolektivite kreyòl la genyen pou vèsyon kreyòl Konstitisyon 2011 amande a vote, siyen, ratifye epi pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur. Se yon dwa lengwistik kolektif pou tout lwa yo gen yon vèsyon legal an kreyòl epi yo gen tout valè ak fòs jiridik devan lalwa. (Ref. Déclaration universelle des droits linguistiques, (DUDL), art. 1.5)

Nan sistèm administrasyon piblik Ayiti a, lizay Leta fè ak de (2) lang ofisyèl yo, kreyòl ak fransè, se vre, men li pa fèt sou yon baz egalitè ni ekitab. Leta ayisyen bay lang fransè ki pa pwòp lang teritwa Ayiti a plis enpòtans, plis konsiderasyon pase lang kreyòl la ki se pwòp lang teritwa a epi ki sou pwòp teritwa li an Ayiti. Leta ayisyen pa respekte dwa lengwistik kominote kreyòl la ki sou pwòp teritwa li a. Leta Repiblik Ayiti a pratike yon bilengwis debalanse, tankou yon nechèl lengwistik, avèk fransè anwo, kreyòl anba. Bilengwis ideyal nan administrasyon Leta a ta dwe pèmèt de (2) moun kominike nan lang yo toulede konprann nan, ni aloral, ni alekri. Men bilengwis Ayiti a ap travay pou li fèmen pòt kominikasyon ant sitwayen monoleng kreyòl la ak fonksyonè bileng yo. Se sa lengwis yo rele diglosi a. Nou estime se yon pwoblematik, se yon  matlotay lengwistik, yon inegalite lengwistik nan administrasyon Leta ayisyen an ki pa aseptab ditou.

Ositou, nan objektif pou Leta repare enjistis kominote lengwistik kreyòl la ap sibi a, nou mande yon nouvo politik lengwistik ak amenajman lengwistik ekitab pou kreyòl la ak tout lòt lang yo ki sou teritwa Ayiti a. Nou pa di « ekitab » nan sans ekilibre, 50 - 50. Nou di «ekitab» nan sans yon politik ak amenajman ki pa koze okenn domay ni pou kreyòl, ni pou fransè, ni pou okenn lòt lang. Revandikasyon nou an gen yon karaktè ekitab paske li pa manje dwa lengwistik ni kominote kreyòl la, ni okenn gwoup lengwistik lòt lang, tankou fransè, ameriken, espayòl, ki sou teritwa Ayiti a.

Yon nouvo politik lengwistik nasyonal: an kreyòl silvouplè!

Objektif nouvo politik lengwistik la se lizay priyoritè lang kreyòl la nan sèvis piblik, ak pwoteksyon lang kreyòl la ki se pwòp lang teritwa Ayiti a, epi defans dwa lengwistik kolektivite kreyòl la ki sou pwòp teritwa li a (Ref: atik 4 nan lwa Akademi kreyòl ayisyen an). Prensip teritoryalite lengwistik la mande priyorite pèmanan san limit pou lang kreyòl la ki se pwòp lang kominote lengwistik kreyòl la. Sa mande akomodman rezonab pou lang tout lòt gwoup lengwistik yo ki pa pwòp lang teritwa a, ni ki pa sou pwòp teritwa yo Ayiti. Lide ki dèyè oryantasyon sa a se aplikasyon pratik, ekitab 2 lang ofisyèl yo, san fòs kote nan kominikasyon ak sèvis piblik Leta pou fransè ki pa pwòp lang teritwa Ayiti a, kontrèman ak jan nou ap viv  li Ayiti, kounye la.
Nan pèspektiv prensip teritoryalite a, apre analiz dyalèk fransè yo, nou estime fransè ayisyen an se yon dyalèk fransè nou ta ka konsidere ki sou pwòp teritwa li, paske li grandi an Ayiti. Men, tout moun ap dakò tou, fransè ayisyen an ki devlope an Ayiti a, ni fransè mawon ki fèt sou teritwa a depi sou tan lakoloni, ni fransè ibrid la ki parèt tou dènyèman sou teren an, yo yonn pa pwòp lang teritwa Ayiti a. Tandiske kreyòl ayisyen an se li ki se pwòp lang teritwa a epi li se lang ki sou pwòp teritwa li tou. Sou baz prensip teritoryalite a, se presizeman paske kreyòl ayisyen an se pwòp lang teritwa Ayiti a, li sou pwòp teritwa li, sa ba li dwa pou li gen priyorite sou kennenpòt lòt lang yo pale sou teritwa Ayiti a.

Dwa lengwistik kolektif kreyòl

Nan administrasyon piblik ak sèvis Leta: an kreyòl souple!

  • Tout Ayisyen yo nèt, poutèt kreyòl ayisyen an se lang yo tout pale epi yo konprann, yo fòme yon kominote lengwistik kreyòl [ki sou pwòp teritwa li an ayiti]. Referans: Tous les Haïtiens sont unis par une Langue commune : le Créole. (Constitution 1987, article 5)
     
  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou pwòp lang kreyòl li a ofisyèl, sou pwòp teritwa li an Ayiti. Referans: Le Créole et le Français sont les langues officielles de la République. (Constitution 1987, article 5). Toute communauté linguistique a droit à ce que sa langue soit utilisée en tant que langue officielle sur son propre territoire (D.U.D.L., article 15.1).
  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou li sèvi ak pwòp lang kreyòl la pou li kominike avèk tout pouvwa piblik yo, pou li jwenn repons epi resevwa sèvis nan lang kreyòl la, ki se pwòp lang teritwa Ayiti a.Referans : Tout membre d'une communauté linguistique a le droit d'utiliser sa propre langue dans ses rapports avec les pouvoirs publics et de se voir répondre dans cette langue. Ce droit s'applique également dans les relations avec les Administrations centrales, territoriales, locales ou supra-territoriales compétentes sur le territoire dont cette langue est propre. (D.U.D.L. article 16).
     
  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou vèsyon ofisyèl dokiman jiridik ak adiministratif leta yo, pou vèsyon ofisyèl dokiman piblik ak prive yo, pou vèsyon ofisyèl rejis piblik yo ekri an kreyòl, ki se pwòp lang teritwa Ayiti a. Vèsyon ofisyèl kreyòl la gen tout fòs jiridik li. [Dwa sa a mande pou kominote lengwistik kreyòl la jwenn vèsyon ofisyèl kreyòl Konstitisyon amande 2011 lan a.] Referans: Toute communauté linguistique a droit à ce que les actes juridiques et administratifs, les documents publics et privés et les inscriptions sur les registres publics réalisés dans la langue du territoire soient considérés comme valables et effectifs et que personne ne puisse en prétexter la méconnaissance.(D.U.D.L. article 15).
     
  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou li egzije Leta pibliye lwa ak dispozisyon jiridik ki konsène li yo, nan lang kreyòl la ki se pwòp lang teritwa Ayiti a. Referans :Toute communauté linguistique a le droit d'exiger que les lois et autres dispositions juridiques qui la concernent soient publiées dans la langue propre à son territoire. (D,U.D.L. article 18.1).

Nan kominikasyon piblik (oral ou ekri) yo: an kreyòl souple!

  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou Leta ayisyen an ba li tout enfòmasyon piblik yo an kreyòl, ki se pwòp lang teritwa Ayiti a. Referans: Obligation est faite à l'Etat de donner publicité par voie de presse parlée, écrite et télévisée, en langues créole et française aux lois, arrêtés, décrets, accords internationaux, traités, conventions, à tout ce qui touche la vie nationale, exception faite pour les informations relevant de la sécurité nationale.(Contitution 1987, art. 40).
     
  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou li jwenn tout dokiman ofisyèl ki itil sou teritwa Ayiti a an kreyòl, ki se pwòp lang teritwa a. Referans: Toute communauté linguistique a le droit d'avoir à sa disposition et d'obtenir dans sa langue tout document officiel utile sur le territoire dont cette langue est propre, que ces documents soient sur support papier, sur support magnétique ou sur tout autresupport.(D.U.D.L.article17).
     
  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou li detèmine pousantay prezans lang kreyòl, ki se pwòp lang teritwa a, nan tout medya yo (radyo, televizyon, jounal …) ki sou pwòp teritwa li an Ayiti a. Referans : Toute communauté linguistique a le droit de décider quel doit être le degré de présence de sa langue dans les médias de son territoire, et ceci qu’il s’agisse de médias locaux ou de médias d’une plus grande portée et recourant à une technique plus avancée, indépendamment du système de distribution ou du mode de transmission utilisé (D.U.D.L. article 35).
     
  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou lang kreyòl la, ki se pwòp lang teritwa Ayiti a, gen priyorite nan piblidsite yo, nan ansèy komès yo, nan ekriti nan lari a. Referans: Toute communauté linguistique a le droit d'exiger une présence prédominante de sa langue dans la publicité, sur les enseignes commerciales, dans la signalétique et, d'une façon générale, dans l'image du pays. (D.U.D.L. article 50.)

Nan sistèm edikatif la: an kreyòl souple!

  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou li detèmine nan sistèm edikatif la ki pousantay prezans lang kreyòl la, ki se pwòp lang teritwa Ayiti a, pou li etidye pwòp lang li, epi pou edikasyon nan tout nivo  fèt an kreyòl ayisyen ki se pwòp lang li. Referans: Toute communauté linguistique a le droit de décider quel doit être le degré de présence de sa langue, en tant que langue véhiculaire et objet d’étude, et cela à tous les niveaux de l’enseignement au sein de son territoire: préscolaire, primaire, secondaire, technique et professionnel, universitaire et formation des adultes (D.U.D.L. article 24).
     
  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou li jwenn ansèyman ak edikasyon yon fason pou li metrize kreyòl la, ki se pwòp lang teritwa Ayiti a. Epi li gen tout dwa pou li jwenn posiblite pou li aprann lòt lang li ta renmen konnen tou. Referans: Toute communauté linguistique a droit à un enseignement qui permette à tous ses membres d’acquérir une maîtrise totale de leur propre langue de façon à pouvoir l’utiliser dans tout champ d’activités, ainsi que la meilleure maîtrise possible de toute autre langue qu’ils souhaitent apprendre (D.U.D.L. article 26).
     
  • Tout Ayisyen gen dwa lejitim pou li resevwa edikasyon an kreyòl ki se pwòp lang teritwa Ayiti a. Sa pa wete anyen nan dwa li genyen pou li ranmase konesans oral ak konesans ekri lòt lang pou li ka kominike avèk lòt kominote lengwistik. Referans: Toute personne a le droit de recevoir l’enseignement dans la langue propre au territoire où elle réside (D.U.D.L. article 29.1). Ce droit n’exclut pas le droit d’accès à la connaissance orale et écrite de toute autre langue qui lui serve d’outil de communication avec d’autres communautés linguistiques (D.U.D.L. article 29.2).

Nan aktivite soyal, ekonomik epi kiltirèl yo: an kreyòl souple!

  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou li jwenn dokiman an kreyòl, ki se pwòp lang teritwa Ayiti a, avèk tou fòs jiridik yo, pou li fè tout kalite operasyon ekonomik. Referans: Sur le territoire de sa communauté linguistique, toute personne est en droit de disposer dans sa langue des documents nécessaires à la réalisation des opérations mentionnées ci-dessus, tels les imprimés, les chèques, les contrats, les factures, les bordereaux, les commandes et autres. (D.U.D.L. article 48)
  • Kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou lang kreyòl la, ki se pwòp lang teritwa Ayiti a, pou li gen priyorite nan tout manifestasyon ak sèvis kiltirèl yo an Ayiti. Referans: Toute communauté linguistique a le droit d'exiger que la langue propre au territoire occupe une place prioritaire dans les manifestations et les services culturels (bibliothèques, vidéothèques, cinémas, théâtres, musées, archives, folklore, industries culturelles et toutes les autres expressions de la vie culturelle). (D.U.D.L., article 45)
     
  • Kominote lengwistik kreyòl la gen tout dwa  pou lizay pwòp lang kreyòl la, ki se pwòp lang teritwa Ayiti a, rantre nan tout aktivite sosyal, ekonomik ki ap fèt sou teritwa li Ayiti. Referans: Toute communauté linguistique a le droit d’établir l’usage de sa langue dans toutes les activités socio-économiques au sein de son territoire (D.U.D.L. article 47.1).
     
  • Tout Ayisyen, kit li se konsomatè, pratik oubyen kliyan yon etablisman ki ofri sèvis bay piblik la, li gen tout dwa pou li ekzije epi resevwa enfòmasyon oral ou ekri, an kreyòl ki se pwòp lang teritwa Ayiti a. Referans: Toute personne a le droit, comme client, consommateur ou usager, d’exiger d’être informée oralement ou par écrit dans la langue propre au territoire dans les établissements ouverts au public (D.U.D.L. article 51.2).

Angiz konklizyon nou kapab di, sou baz prensip teritoryalite lengwistik la, kominote lengwistik kreyòl la gen dwa lejitim pou li egzèse epi benefisye yon seri dwa lengwistik fondamantal sou pwòp teritwa li Ayiti. Li gen tout dwa pou li jwenn tout sèvis Leta ayisyen yo nèt an kreyòl, ki se pwòp lang teritwa Ayiti a. Li gen tout lejitimite pou li egzèse priyorite lang kreyòl la, ki se pwòp lang teritwa Ayiti a. Lè kolektivite kreyòl la pa benefisye oubyen li pa resevwa sèvis piblik yo nan pwòp lang teritwa a ki se kreyòl ayisyen an, se paske Leta ayisyen ansanm ak lòt enstans pouvwa yo vyole dwa lengwistik kolektif pwòp nasyon an. Epi nan chak ka patikilye sa yo, Leta ayisyen ansanm ak lòt entans pouvwa yo brime dwa endividyèl chak sitwayen ayisyen ki se manm kominote lengwistik kreyòl la ki sou pwòp teritwa li an Ayiti. Se yon sitiyasyon lengwistik nasyonal enjis, ki pa aseptab nan sèvis Leta yo epi ki mande yon reparasyon nan tout sèvis piblik yo sou teritwa Ayiti a : an kreyòl silvouplè !

Jean-Robert Placide
Manm Sosyete Koukouy, Seksyon Kanada

Nòt

  1. Observatoire de la langue française de l’Organisation internationale de la Francophonie. 2018, sou http://observatoire.francophonie.org/wp-content/uploads/2018/09/Francophones-Statistiques-par-pays.pdf
     
  2. «La présente Déclaration entend par communauté linguistique toute société humaine[ sosyete ayisyen an ]  qui, installée historiquement dans un espace territorial déterminé [ peyi Ayiti a ], reconnu ou non, s’identifie en tant que peuple [ pèp ayisyen an ] et a développé une langue commune [ kreyòl ayisyen an ] comme moyen de communication naturel et de cohésion culturelle entre ses membres [ Ayisyen yo ]. L’expression langue propre à un territoire désigne l’idiome [kreyòl ayisyen an] de la communauté [ sosyete ayisyen an ] historiquement établie sur ce même territoire [ peyi Ayiti a ]».(DUDL, atik 1.1)
     
  3. «La présente déclaration entend par groupe linguistique tout groupe social partageant une même langue[kominote ameriken, kominote siryen, kominote espayòl, kominote fransè]  installé dans l’espace territorial d’une autre communauté linguistique [kominote lengwistik kreyòl la] mais n’y ayant pas des antécédents historiques équivalents. Ce qui est le cas des immigrés, des réfugiés, des personnes déplacées,  ou des membres des diasporas(art. 1.5)
     
  4. Selon American citizen services (ACS) gen yon kominote ameriken ki gen plis pase 15 000 sitwayen ameriken ki ap viv Ayiti https://ht.usembassy.gov/fr/embassy-fr/port-au-prince-fr/sections-offices-fr/la-section-consulaire/
    https://lenouvelliste.com/article/88348/a-la-decouverte-de-la-communaute-syrienne
     

  5.  
  6. https://lenouvelliste.com/article/102570/haiti-et-lespagne-a-la-croisee-des-chemins
     
  7. AnbasadLafrans, http://www.ambafrance-ht.org/spip.php?article348, nou te li, jou 16 novanm 2018
     
  8. https://ht.ambafrance.org/Les-Francais-en-Haiti, nou li tèks la,  jou 20 fevriye 2019
     
  9. La présente Déclaration exclut qu’une langue [lang fransè a] puisse être considérée comme propre à un territoire [teritwa Ayiti a] sous prétexte qu’elle [lang fransè a]  est la langue officielle de l’État [Leta ayisyen  an] ou qu’elle [lang fransè a] est traditionnellement utilisée sur le territoire considéré [teritwa Ayiti a] en tant que langue administrative ou dans le cadre de certaines activités culturelles.
     
  10. Renauld Govain, Influence de langues étrangères sur le français haïtien Le cas du vocabulaire du sport, http://www.francophoniedesameriques.com/mobilite/wp-content/uploads/sites/19/2014/12/Article-scientifique-Renauld-Gauvin.pdf
     
  11. Observatoire de la langue française de l’Organisation internationale de la Francophonie. 2018 http://observatoire.francophonie.org/wp-content/uploads/2018/09/Francophones-Statistiques-par-pays.pdf, nou li tèks sa a, jou 3 mas 2019

boule

 Viré monté