Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

DPM Kanntè: yon pyès teyat
sou eksperyans imigran ayisyen yo

Meaghan Jeanne Coogan

Jean-Marie Willer Denis alyas Jan Mapou te fèt nan Okay, Ayiti nan lane 1941. Li ekri powezi, pyès teyat, atik ak kont tou. Jodi a li konsantre l plis sou pyès teyat li ekri oswa li dirije. Nan lane 1965 avèk plizyè zanmi li: Henri-Claude Daniel, Ernst Mirville ak Emile Jules, li fonde Mouvman Kreyòl Ayisyen an pou ankouraje itilizasyon ak apresyasyon kreyòl ayisyen an. Sepandan, pandan epòk sa a ki se te peryòd rejim Divalye a, otorite yo pa te ankouraje itilizasyon kreyòl la ditou, e nan lane 1969 Tonton Makout yo te arete Mapou ansanm avèk plizyè lòt manm Mouvman Kreyòl la pou aktivite kominis. Mapou te pase 4 mwa nan Fò Dimanch. Apre Mapou te soti nan Fò Dimanch, li te mande azil nan Etazini e li t ale Nouyòk an 1972.

Lè Mapou te rive Nouyòk, li te sezi wè lang kreyòl la te yon sijè tabou nan kominote ayisyen ameriken an tankou ann Ayiti. Nan Etazini, lang kreyòl la te yon makè sosyal degradan pou imigran ayisyen yo oswa Ayisyen-Ameriken yo. Pou rezon sa, anpil nan paran ayisyen yo pa te vle timoun yo pale kreyòl, epi yo te vle pou timoun yo pale angle pou rive asimile tèt yo nan kilti ameriken an, ki dapre yo menm se yon bon bagay pou timoun yo. Donk, Mapou te vle kontinye misyon li te koumanse ann Ayiti a, e li te fonde Sosyete Koukouy nan Nouyòk pou prezève kilti, rityèl, ak tradisyon ayisyen yo atravè atizay yo. Nan 1984 li te demenaje nan Miyami e lane apre a, li te kreye Sosyete Koukouy nan Miyami tou. Jodi a Sosyete Koukouy gen branch nan Kanada, lòt vil nan Florid, Boston ak Pòtoprens. Sosyete Koukouy Miyami prezante pyès teyat nan Miami-Dade County Auditorium, Gusman Center for Performing Arts, ak Joseph Caleb Center Auditorium. Yo prezante pyès teyat yo ak tradiksyon pou moun ki pa pale kreyòl ayisyen kapab gade e konprann pyès teyat sa yo. Sosyete Koukouy Miyami gen de pwogram radyo tou. Yonn nan WLRN Public Radio ak yonn nan Radio Mega. Yo te fè yon revi literè nan kreyòl tou ki rele Pawòl Kreyòl. Anplis, Mapou te louvri yon libreri ki rele Libreri Mapou nan 1990 nan Ti Ayiti, Miyami kote li vann liv nan kreyòl ayisyen, angle ak franse e ki sèvi tankou biwo santral Sosyete Koukouy la.

Sosyete Koukouy te prezante pyès teyat DPM (Drèt pou Miyami) Kanntè a nan Miyami pou premye fwa nan dat 20 novanm 1994 nan Dade County Auditorium e pou yon dezyèm fwa nan 4 desanm 1994 nan Joseph Caleb Center. Koleksyon Koukouy te pibliye pyès teyat la nan 1996. Nan liv la, apre pyès teyat la genyen yon seri atik ak lèt nan kreyòl, angle ak franse sou resepsyon DPM Kanntè a nan Miyami. Gwoup atik ak lèt sa yo montre pyès teyat la te resevwa anpil elòj apre de (2) prezantasyon li yo nan Miyami. DPM Kanntè rakonte istwa 400 imigran ayisyen ki pran kanntè Delivrans pou rive nan Miyami. Donk, se istwa botpipòl majorite Ayisyen yo.

Tèm sa a te itilize premyeman pou fè referans ak refijye vyetnamyen ki soti Vyetnam apre lagè Vyètnam te fini nan lane 1975. Sepandan, apati fen lane 1970 yo nan Etazini, tèm sa a koumanse fè referans ak imigran ayisyen ak kiben yo. Plizyè lane apre Revolisyon Kiben an te fini, nan 1980 lè Fidèl Kastwo te pèmet Kiben imigre ale si yo te vle, 125 mil Kiben kite Kiba. E vag kite sa a te rele Ekzòd Mariel la. Nan lane 1990 yo, akòz move kondisyon ekonomik, plis pase 35 mil Kiben te rive nan Florid. Ann Ayiti, soti fen lane 1970 yo rive lane 1990 yo, plis pase 100 mil Ayisyen eseye jwenn azil nan Etazini: nan lane 1970 yo ak 80 yo akòz diktaki Divalye a, epi nan lane 90 yo akòz kou deta kont Prezidan Aristide la. Nan 1981 Prezidan Reagan te fè yon lòd egzekitif pou mande Gad kòt ameriken yo pou arete imigran ayisyen nan lanmè e rapatriye yo. Nan epòk sa a tou, Guantanamo Bay te konvèti kou yon kote pou analize dosye imigran ayisyen ak kiben yo.

Pyès DPM Kanntè a te pase apre Aristide te pèdi pouvwa a nan lane 1991. Pèsonaj yo fè referans sou diktati Divalye a nan pase ak sou vyolans ki fèt ann Ayiti nan prezan. Pa egzanp, lè yon pèsonaj ki rele Toni pale ak zanmi li Oras sou kaptenn kanntè a ki rele Matyas, Toni eksprime mank konfyans li gen paske, pandan diktati Divalye a, Matyas se te yon tonton makout. Li di: “Dayè nan ane 80 yo, se [Matyas] ki te chèfbouk la. Se te kòmandan Matyas… ou sonje? Fòk memwa-n pa kout non. Ansyen dyab toujou dyab … se yon gwo tonton makout monchè” (22). Oras rekonèt Matyas se te yon tonton makout, men apre 1986 li te chanje. Sepandan, Matyas pa te chanje, li vòlè lajan tout pasaje yo e kite yo nan bato a sèl. Donk, pèsonaj yo dwe deside si yo vle kontinye vwayaj la san yon kaptenn oswa rete ann Ayiti. Maryàn pale sou lamizè ak vyolans ki pase ann Ayiti apre Aristide te pèdi pouvwa a, kidonk yo pa gen rezon pou tounen lakay. Li di, “Kisa nou pral di lakay? … Nan pwen anyen ankò. Nou pa p’ janm gen anyen ankò … Makout yo p’ap ezite fout nou tout anba kòd, lage nou nan prizon… fiziye nou, rache nou ak kout manchèt” (47).

Atravè mo pèsonaj Tibout yo, pyès teyat la kritike politik imigrasyon ameriken an epi fè referans sou yon sant detansyon ki rele Kwòm ki egziste toujou jodi a. Tibout di lòt pasaje yo li te fè vwayaj sa a deja de fwa. Dezyèm fwa a li te rive nan zòn Fort Lauderdale kote gad kòt ameriken te pran yo, epi “yo, san poze pèsonn kesyon, mete gan, fouke nou epi y'al lage nan youn prizon ki rele Kwòm” (50). Kwòm se yon sant detansyon nan lwès Miyami e ki te louvri nan 1965 tankou yon baz militè apre Kriz Misil Kiben an. Nan 1982, de lane apre Ekzòd Mariel la, li te konvèti nan yon sant detansyon. Epi tou, Kwòm genyen yon istwa maltretman ki enkli vyolans fizik ki pafwa fini nan lanmò ak kadejak, patikyèlman pandan lane 1980 yo ak 1990 yo, donk lane yo lè DPM Kanntè pase. Sepandan, maltretman an kontinye jouk jounen jodi a. Edwidge Danticat pale sou sa nan liv li a Brother, I’m Dying ki pibliye nan 2007. Anplis, atravè pèsonaj Tibout la tou, pyès teyat la montre ajan imigrasyon ameriken yo pa trete imigran ayisyen yo menm jan ak imigran kiben yo. Li di, “[Ameriken yo] pale panyòl ak twa Kiben yo. Yo ba yo lenn. Yo ba yo kafe. Yo pase sonn sou yo. Yo ba yo grenn. Yo ba yo gwo akolad. Noumenm Ayisyen nèg nwa, yo fè nou leve kanpe, yo mete nou kanpe nan youn kwen. Yo twaze nou. Chak fwa nou louvri bouch nou pou pale, Yo di-n ‘chadap’. Adriyen ki te pale bon angle di yo nou ak Kiben yo soti nan de peyi diferan, men nou pa la pou menm kòz. Noumenm, se opresyon, kraze zo, pèsekisyon ak lanmò. Se refijye politik nou ye. Nou montre yo tras bal ak tras kout manchèt nan rèldo-n” (50). Donk, lektè yo ka wè ki jan Ameriken yo trete imigran kiben yo byen e yo menm ba yo akolad, poutèt Kiben yo te chape anba yon rejim kominis alòske yo konsidere Ayisyen yo tankou imigran “ekonomik.” Sètadi, imigran ayisyen yo te “chwazi” kite peyi yo e yo pa sibi danje. Donk, dapre Ameriken yo, imigran ayisyen yo se pa refijye tankou imigran kiben yo ye.

Pandan vwayaj la, kanntè a rankontre yon tanpèt. Pandan tout pasaje yo travay ansanm pou balanse kanntè a pou l pa koule. Yo priye ak chante. Donk, tanpèt la rete. Men, li rete sèlman pou yon ti tan. Apre, pasaje yo chante twa chante, yon chante pwotestan, yon chante katolik epi yon chante vodou, lòt tanpèt la koumanse. Pasaje yo panike e kèk nan yo eseye lage moun nan lanmè. Nan fen an, tout pasaje yo mouri sof yon ti bebe. Pandan ti tan avan dezyèm tanpèt la koumanse, kèk pasaje pale sou eksperyans yo ann Ayiti e fokis sou vyolans kont fi ann Ayiti nan epòk apre Aristide te pèdi pouvwa a nan lane 1991. Donk, liv la chita sou vyolans patriyakal la, patikilyèman sa solda fè apre koudeta a. Pa egzanp, Wozlò ak Mamay di zenglendo rantre lakay yo, epi yo vyole yo. Mamay di yo eseye vyole pitit fi li tou, ki te gen sèlman 10 zan, e lè li eseye rete yo, yo bat li, epi li endispoze. Lè li reveye nan lopital la, li pa te konnen kote pitit fi li ye, si yo kidnape li oswa touye li. Wòzlo di lè pitit gason li yo eseye rete zenglendo yo, yo vyole li, yo touye yo. Donk, atravè eksperyans sa yo, pyès teyat la montre nou vilnerabilite fi yo ann Ayiti. Sepandan, li montre kouraj fi yo kont vyolans tou atravè pèsònaj Maryàn, Minouch, ak Man Tata. Yo konfwonte sòlda yo. Maryàn rele yo “ti sòlda,” epi li mande yo ki kote manman, papa, ak grann yo te soti, epi li mande yo si yo sonje ak respekte yo. Konsa, Maryàn eseye fè sòlda yo santi yo wont. Minouch te di sòlda yo menm bagay la. Li mande yo pou ki sa yo kite fanmi yo pou ale touye moun ki soti menm kote ak yo. Èske paspò pou vwayaje, lajan, bèl kay ak bon manje vo lapenn? Minouch di, “Mounn sa yo Ti Soldá, se tankou youn makòn denmon, satan voye pou detwi peyi Ayiti. Se youn lame zobop ki fè tout youn pèp tounen zonbi. Yo mete ak lènmi pèp la; yo mete ak enperyalis la pou pase tout moun nan tenten. Yo mete ak enperyalis nasyonzini pou dezini nou” (80). Komantè Minouch yo donk fè referans tou ak entèvansyon peyi etranje yo ak tankou otorite ayisyen yo travay pou peyi sa yo. Epi tou, atravè kèk istwa pasaje yo, pyès teyat la souliye vyolans kont etidyan yo, moun ki nan sendika ak moun ki te sipòte Aristide tou. Pa egzanp, Man Lin di li gen sèt pitit ak sèt papa diferan e li pa gen manje pou nouri yo. Mèt peyi yo touye papa Titoto nan yon fason ki te vyolan anpil paske li te chèf sendika. Li di yo “jwenn kadav li nan mòg lopital, figi-l kraze, de bra-l koupe, lanng li rache” (75). Wozlò di zenglendo yo rantre lakay li pou jwenn pitit gason li yo ki te etidyan ki dapre yo “gen foto prezidan… Y’ap fè pèp revòlte… Y’ap fè reyinyon adwat agòch” (76). Lektè a ka devine foto prezidan an se te yon foto Aristide, e donk, otorite yo te vle touye moun ki te sipòte l. Fokis sou vyolans otorite yo komèt la pa sèlman kritike vyolans ak koripsyon ann Ayiti, men li konfwonte fason gouvènman ameriken konsidere imigran ayisyen ye tou: yo tout se “sèlman” imigran ekonomik, e donk, yo pa refijye e yo pa merite èd.

Nan pyès teyat la, Mapou fè referans ak twa relijyon prensipal ann Ayiti: katolisis, vodou ak pwotestan. Alòske katolisis ak vodou egziste ann Ayiti depi epòk kolonyal la, pwotestan se yon relijyon ki pi nouvo nan peyi a. Sepandan, se yonn k ap ogmante nan peyi a ak nan dyaspora a. Pa egzanp, nan 2007, 33% popilasyon ayisyen an te pwotestan. Mapou ilistre enpòtans twa relijyon yo ann Ayiti ak yon chante pou chak relijyon yo. Pasaje yo chante yo apre premye tanpèt la fini pou di Bondye mèsi. Byenke prezans twa chante sa yo montre enpòtans twa relijyon yo, Mapou fokis plis sou vodou. Depi epòk kolonyal la ann Ayiti, vodou te sibi pèsekisyon anba men kolon franse yo epi leta d Ayiti apre endepandans lan. Pa egzanp, nan 1860 gen yon kontra ki bay legliz katolik ak leta d Ayiti pouvwa pou chase moun ki pratike vodou e pou detwi tout sa yo konsidere ki nan sipèstisyon. Apre kontra orijinal sa a, te gen twa kanpay “kont sipèstisyon” ann Ayiti ki gen objektif goumen kont vodou. Se te nan 2003 lè leta d Ayiti te rekonèt vodou ayisyen an tankou yon relijyon ofisyèl ann Ayiti. Lè Mapou te prezante pyès teyat li a, Ayiti pa ko te rekonèt vodou tankou yon relijyon ofisyèl. Donk, konsantrasyon travay Mapou a sou gwo wòl vodou genyen nan lavi moun ayisyen konfwonte anvi gouvènman ayisyen an pou goumen kont vodou.

Byenke gen twa chante pasaje yo chante jis anvan tanpèt la ki reprezante twa relijyon yo, genyen plis chante ki fè referans ak vodou tout pasaje yo chante. Pa egzanp, premye chante a pasaje yo chante lè premye tanpèt la koumanse. Yo rele Mèt Agwe ak Lasirèn, de lwa lanmè, pou pwoteje yo. Dezyèm chante a, yo chante l lè y ap neye, lè pasaje yo chante sou Ginen kote lwa ak zansèt yo rete. Premye liy chante yo montre yon kontras ant mo katolik ak pwotestan yo di lè yon moun mouri: Nou te fèt nan pousyè e nou pral tounen nan pousyè. Men, nan chante a, yo pale sou dlo olye pousyè, sa ki montre gwo wòl dlo gen nan vodou ak lavi moun ki desandan afriken. Mapou fokis sou enpòtans vodou a tou atravè lwa Lasirèn. Pami tout lwa ak figi relijye pasaje yo mansyone nan priyè yo ak chante yo, Lasirèn se sèl figi ki parèt tankou yon pèsònaj nan pyès teyat la. Li parèt nan fen premye tanpèt la lè pasaje yo koumanse priye. Li danse nan mitan tanpèt bò kanntè a. Lasirèn se yon lwa lanmè ki reprezante ibridite, e donk, li kapab reflete ekpersyans imigran ayisyen an. Dapre Ursula Szeles, se yon lwa ki ede moun konnen plis sou yo menm ak konstwi relasyon ki fò ak lòt moun. Donk, nou kapab entèprete prezans li nan pyès teyat la pa sèlman tankou yon rapèl pou pasaje yo, men tankou yon rapèl pou nou menm pou fè nou sonje enpòtans refleksyon ak kominyon ak lòt moun. Dapre Patrick Bellegarde-Smith, ki se oungan ak yon chèchè ayisyen, Lasirèn reprezante fòs ak ladrès sila yo ki te nan lesklavaj la pou yo sa reziste malgre vyolans yo t ap sibi. Sepandan, apre Lasirèn parèt, li danse, lòt tanpèt koumanse e lakoz lanmò tout pasaje yo sof yon ti bebe. Donk, byenke pyès teyat la sijere Ayisyen kapab siviv, li montre ki jan sikonstans ki antoure monn nan vyolan anpil, e yo bezwen chanje pou Ayisyen kapab viv vreman.

Fen pyès teyat la tris anpil paske li reflete yon reyalite ki trajik. Nan fen an, tout 400 pasaje yo mouri, sof yon ti bebe ki fèk fèt anvan kanntè a koule. Lektè yo te resevwa konfimasyon sou sa atravè yon emisyon radyo ki di sa dapre gouvènman Bahameyen an, Gad kòt ameriken an te jwenn kanntè a ak 400 kadav ak yon bebe ki viv nan zòn Bahamas, epi yo te depoze bebe a nan Jackson Memorial Hospital nan Miyami. Emisyon radyo a montre kouman gouvènman ameriken ak gouvènman bahamayen travay ansanm pou anpeche imigran ayisyen rantre nan de peyi sa yo. Anvan bebe a te fèt e lòt pasaje yo neye, pyès teyat la ekspoze nati imanite a lè moun konfwonte lanmò. Sèn sa a se yon kontras ak sèn anvan yo kote tout pasaje eseye ede yonn lòt. Pa egzanp, antan yo deside si yo ta dwe kontinye vwayaj la, plizyè pataje bagay yo konn fè ki kapab ede yonn lòt pandan vwayaj la pou montre yo kapab fè vwayaj la ansanm. Nan sèn sa a, pasaje yo reflete pouvwa travay tèt ansanm oswa travay konbit ki nan kilti yo. Ou kapab wè atitid sa a tou pandan premye tanpèt la kote chak moun travay nan tèt asanm pou evite kanntè a koule. Sepandan, pandan dezyèm tanpèt la, moun koumanse panike e yo pa travay ansanm pou eseye sove yonn lòt. Pa kont, Toni, ki te bay lòd pandan premye tanpèt la pou kalme moun ak ede yo balanse kanntè a, di pasaje yo yo “ap blije lage nan lanmè tout batanklan yo plis ankò tout mounn ki pi gwo yo … se pa mechanste non. Se swa enpe sove osnon nou tout peri” (83-84). Donk, Gwomoso, Tibout, ak Filoklès ponyen fi ansent la pou eseye lage l nan lanmè. Antan y ap batay pou jete l nan lanmè, fi a akouche. Konsa, Mapou montre tankou moun chanje lè yo fè fas ak lanmò. Se enpòtan note tou se sèlman gason ki sijere ak eseye lage moun nan lanmè. Donk, ou kapab li sèn sa a tou tankou yon lòt manifestasyon vyolans patriyakal la ki pa sèlman egziste pami otorite leta yo, men pami kominote entim nan tou.

Lanmò tout pasaje yo, sof bebe a, montre tou rèv ameriken an se yon ilizyon. Se vre bebe a siviv e li reyisi rantre Etazini, tankou kèk imigran ayisyen, men li pral grandi san fanmi e pètèt san konesans kilti ayisyen an. Nan fen liv la, gen yon komantè Josaphat Robert Large fè ki enpòtan anpil. Li entèprete nesans ak chape ti bebe a tankou yon renesans lespwa apre lanmò tout lòt pasaje yo. Sepandan, menm lè bebe a rive nan Miyami, pi fò pasaje yo mouri. Donk, sa montre yon gwo diferans ant Ayisyen ki reyisi imigre nan peyi etranje ak lòt Ayisyen ki pa reyisi yo, e ki mouri antan yo eseye rive Etazini. Lanmò yo fè nou sonje gwo kantite Ayisyen ki pèdi lavi yo antan y ap travèse lanmè pou rive nan Miyami.

NB. Meaghan Jeanne Coogan se yon etidyan k ap fè yon dòktora nan literati karayib ispanofòn, kreyolofòn ak frankofòn nan University North Carolina, Chapel Hill.  L ap etidye kreyòl nan Duke University.

*

 Viré monté