Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Diskou Rektè Inivèsite Leta d Ayiti a, Pwofesè Fritz Deshommes, nan okazyon ouvèti
pwogram Mastè sou «Urbanisme et Aménagement du Territoire  (URBATeR)»

Fritz Deshommes

Pòtoprens, 6 sektanm 2018

Publiée par Jean Marie Theodat sur Jeudi 6 septembre 2018

Se yon gran lonè pou nou jodia, nan tout Inivèsite Leta a, pou nou louvri yon pòt bay URBATeR la, pou di li byenvini nan konbit akademik kote nou tout ki save ap travay pou mete tèt ansanm pou yon Ayiti miyò.

Seremoni jodia, kote n ap lanse yon pwogram Master en «Urbanisme et Aménagement du Territoire» chaje ak sans, chaje enpòtans, chaje pwomès.

Alapapòt, Mastè sa a abòde yon pwoblematik ki fondamantal pou peyi d Ayiti: kesyon risk, kesyon katastwòf, kesyon amenajman teritwa, kesyon desantralizasyon. Se chak jou n ap viv ak yo.  Se chak jou n ap repete jan yo kenbe nou nan gòj, jan yo se de negodyen, pou nou analize, pou nou konprann, pou nou aji sou yo.

Men anmenm tan, nou ka di tou: se pa premye fwa n ap travay sou kesyon sa yo, anndan Inivèsite a, nan Inivèsite Leta a, nan lòt Inivèsite ann Ayiti. Eske se pa yon pwogram anplis? Eske se pa yon lòt Mastè ankò, tankou tout lòt yo?

Ki sa «Urbater»  la genyen anplis ki ta bal yon mak fabrik espesyal?

Toudabò, se enstitisyon k ap  pote l yo. Se 3 inivèsite serye ki met ansanm pou yo ranmase tout gwo  kesyon nou sot site la yo, pou fòme espesyalis òtpòt, pou peyi d Ayiti ka konstwi pwòp ekspètiz pa l, pwòp kapasite pa l nan tout domèn sa yo. Se Inivèsite Leta a ak 2 lòt gwo Inivèsite peyi Labèljik: Universite de Mons ak Universite  de Liège. Pou nou pi klè, se yon kolaborasyon ant Faculté des Sciences de l'UEH, Faculte d'Architecture et d'Urbanisme de l'Université de Mons epi  Faculte des Sciences de l'Universite de Liège.

Lòt rezon ki fè «Urbater»  la espesyal se pil ak pakèt inovasyon  l ap pote nan jan pwogram nan bati a, nan jan kou yo ap fèt, nan relasyon k ap genyen ant pwofesè yo, pwofesè ayisyen ak pwofesè bèlj, ant pwofesè ak etidyan, ant pwogram nan ak rès sosyete a, nan jefò k fèt pou pwogram nan rive dire, pou l pa mouri aprè 5 lane finansman Labèlgik la. Premye pati pwogram jounen an gentan kòmanse montre nou, gentan kòmanse banou kèk lide sousa sa a.

Nou p ap gen tan site tout inovasyon sa yo. Men gen youn nou pa ka fè silans sou li. Tande byen. URBATeR,  se premye pwogram fòmasyon kote tout kou yo ap bay an kreyòl ak fransè egalego. Tout sa ou konprann nan de lang, ou konprann ni pi byen. Tou sa ou aprann nan lang manman w nan li chita nan kè w. Nan yon domèn kote se lavi moun an danje nou vle chape tankou tipoul anba zèl lasyans, se nan lang moun yo konprann pi byen an pou fòmasyon sa a  fèt.  Se pral yon eksperyans ekstraòdinè nan Inivèsite nou an, nan peyi nou an: yon pwogram Mastè nan toulede lang ofisyèl peyi d Ayiti. E sitou nan lang nasyonal peyi d Ayiti, lang kreyòl. Lasyans demontre depi lontan: enpòtans lang manman an nan aprantisaj se pi bon zouti pou vanse sou chimen  lakonesans san w pa oblije kopye sou lòt moun.

Se nan espri sa a, ke n ap ankouraje lòt moun ki save yo bay lang kreyòl plis plas nan tout sa n ap fè.

Pandan n ap di sa a, mwen sèten anpil nan nou ap poze tèt yo plizyè kesyon. Eske l posib? Eske kreyòl la ka  pote chay sa a? Eske n ap jwenn mo, konsèp, pou nou di tou sa n vle nan gwo kesyon sa yo? Eske nou p ap pran pann sou wout?

Pandan tout  kesyon sa yo ap brase bil nou, mwen sonje lè Inivèsite Leta a te lanse nan lane 2008 – mwa Oktòb sa a pral fè 10 zan – mouvman pou tabli Akademi  Kreyòl Ayisyen an, anpil moun te septik, anpil moun pa t kwè nou ta ka rive mete kanpe kokenn chenn enstitisyon sa a Konstitisyon 1987 la te prevwa depi pase 30 lane nan moman sa a.  Jounen jodia, Akademi an byen chita ak tout lonè li. E li gen reprezantan nan mitan nou nan seremoni  sa a.

Pi plis ankò, m ap sonje sa tankou se te ayè maten, lè nou ta pral òganize Kòlòk Entènasyonal sou Akademi Kreyòl la lan mwa Oktòb 2011, anpil kòlèg te panse l nòmal l pou Kòlòk la dewoule an kreyòl. Men pi fò nan nou pa t kwè l te posib. Ki jan pou yon kòlòk syantifik ka fèt an kreyòl? Kote w janm tande pawòl konsa? Ki sa n ap fè lè nou kole? Anpil nan kolèg  ki t ap poze kesyon sa yo pa t moun ki te kont kreyòl. Okontrè.

Epi Kòlòk la fèt. Nan bon kreyòl. Tout entèvanssyon, tout deba, tout diskisyon fèt nan bon jan kreyòl. Pou nou tout se te yon revelasyon, yon dekouvèt pou jan kreyòl la vin pote yon di plis nan konpreyansyon nou, nan animasyon  ak nan anbyans kòlòk  la. Se te yon bèl eksperyans.

Se pou sa nou ankouraje ekip «Urbater» la pou yo kontinye nan lide sa a, nan oryantasyon sa a. Pou yo sèvi kòm egzanp pou tout lòt kòlèg, pou tout lòt pwogram akademik.

Se pral yon kokenn chenn reyalizasyon k ap pèmèt etidyan yo, Leta a, sosyete a konprann pi byen pwoblematik katastwòf yo, kesyon amenajman teritwa yo, enpòtans desantralizasyon, nesesite pou nou marye ansanm kesyon sosyal yo, kesyon anviwònman, kesyon inegalite, kesyon ekonomik yo, kesyon espasyal yo pou lavi miyò a ka konsène tout moun, nan tout klas sosyal, nan tout kwen ak rakwen peyi a,  pou nou rive konprann menmjan anpil peyi soulatè kòmanse viv reyalite sa a: se swa nou sove ansanm,  oubyen nou peri ansanm. Pa gen wout pa bwa.

Men eske nou konnen ki pi gwo sekrè «Urbater la»? Ki sa k ba nou garanti n ap rive pote bon nouvèl? Se ekip «Urbater»  la. Yon ekip solid, 10 pwofesè  ayisyen ak pwofesè Bèlj, nan yon sistèm tokay, k ap pote pwogram nan ak anpil detèminasyon, anpil konpetans, anpil enèji. Anba lidèchip 2 koòdonatè yo, Jean-Marie Théodat ak Pierre Cornut. Yonn nan aspè ki frape m, anplis, se kapasite ak prestij entèlektyèl Jean-Marie ak Pierre tout moun konnen, se pasyon yo, jenewozite yo, kreyativite yo, antouzyasm yo pou fè pwogram nan mache, pou yo jwenn de solisyon orijinal pou yo rezoud tout pwoblèm ki ta ka poze. Kesyon lang lan se yonn nan aspè yo.

Nou pa ka bliye bakòp ak lidèchip Dekana Fakilte Syans la ki se mèt Mastè a  e ki gen gwo eksperyans nan jere gwo pwogram sa yo.

Nou manke bliye raple bon jan relasyon Inivèsite Leta a devlope depi plis pase 20 lane ak rezo inivèsite frankofòn la Bèljik yo. Se  yon kolaborasyon ki pote anpil pou UEH la. N ap pwofite voye yon chay remèsiman bay ARES/CCD.

Pou nou tout ki la a, mèsi anpil dèske nou  akonpanye n nan moman sa a. Mwen di yon mèsi espesyal pou zanmi Bèlj yo ki soti byen lwen pou vini patisipe nan konbit sa a. San nou pa bliye  kòlèg ayisyen yo ki pran responsabilite pote chay la. Nou deja konnen mwen menm ak tout Konsèy Egzekitif la kore tou sa n ap fè ki bon. Bon travay. Pye kout pran devan.

Mèsi anpil
Fritz Deshommes
Rektè

 Viré monté