Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Chuichuichui

tit ak paj powèm yo

Jean Armoce Dugé

repòtaj | kakofoni | larezone | priye veye | deklarasyon | modòd | modpas | avivwa | rezolisyon | meli-melo | konparezon | lesyèl ak latè

repòtaj
flap
flap
yon zanj janbe
lari a
san lèzòm pa gentan fè
jouda

kakofoni
m siprann grangou m
ap kabicha
alawonyad yon tchaka jou
fètdèmò

larezone
sa k fè nan peyi m
gen de jou pou gede
se paske se sèl peyi
kote ou konte plis mò
pase vivan

priye veye
lavi se yon ti moun
piti
ou woule l jan w vle
ou bat do l fè l dodo
nenpòt kijan

lavi s on aganman
sètenfwa
li fè l timoun piti
pou l toupizi pi piti

deklarasyon
kalinda
se nan san w li ye
ou pa ka pa danse l
kalinda
se nan rèv ou l kole
ou pa fouti kite l dèyè
kalinda
se dans pèp k ap lite danse
pou yo pa janm dezespere

modòd
sa m vle
sa m ap toujou vle
sa m ap toujou reklame
se pou yo minote reyalite
mennen l ban m
san yon grenn
chive nan tèt li pa rache
lè sa a m a sispann
reve

modpas
pote mouchwa wouj ou
se fèt lakou
talè lezanj pwotektè
pral ofisye

avivwa
m pote rèl mwen
sou tèt
san mete l nan sak
timoun kontan wè
kijan rèl granmoun pa
enpòtan

rezolisyon
m bouke jete degout
pou mò yo
se pou vivan k ap trepase
antoure m
pou m lave je lavi pou yo

meli-melo
lalin nan peyi m
balize gwo midi
timoun pran l pou solèy
lago kache pèdi chatouyman l
tout kont tire
san kreye lapèrèz

konparezon
limyè kay la pa limyè
kè w
chandèl la nan dènye moman l

lesyèl ak latè
laba a nan syèlwadola
se fè dèt m a peye
se fè krim m a padone

onondipè pa di kretyen
tan ki tan fè onondipè
nan sinagòg la plen jouda

fènwa bare lalin
pou fè timoun pè
lò konsa lalin
ak zetwal pran ri
kou de anmore

m brase lalin ak solèy
lanmè chanje pantalèt
fènwa ra kou lavi

atansyon lannwit
pa rantre
isi
se jou k ap banbile

m delimite solèy
m delimite lalin
lannuit avè m koupe fache

sèmafot sèmatrègrannfot
solèy ansent lalin
latè pral selebre nòs

arebò lavi granmoun ap penpennen
lalin akouche
solèy pran danse

tout
   timoun
       fofile
nan won

depo legal bibliothèque nationale d'Haïti - bibliyotèk nasyonal d Ayiti
enprimri/edisyon Dawill - ISBN 99935-43-02-0 -
© éditions des îles / edisyon zile yo
oktòb 2004

Viré monté