Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Guy Cayemite

Gwoudou gwoudou pase,
alòs ke nap kriye,
zòt ap ranmase
sou do nou ak laye...
Gwo konbinezon,
nou pa gen konbinezon
sekrè ni kle kòfrefò a...
Se la nou pa fò a,
izinn tekstil karakòl
al chita sou tèt yon minn lò.
Jwèt la pa gen abit,
nou paka pete eskonbrit...
Nan jwèt tout vis, mò
mò rèd, nou pwan gòl
koken ak men
san nou pa konnen...

boule

 Viré monté