Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Fèt ti jou d-lan...

Guy Cayemite

Se fèt tout moun.
Se YOUN
apre fèt guede,
Se DE,
Se fèt Lè WA
se TWA,
depi-n ti kat kat
Se KAT,
pa gen grenn sink
Se SINK
ni fè môksis
Se SIS...
Pwiske se fèt
SE SÈT,
bweson tout lan nwit
Se WIT,
kôche yon bèf
se NÈF...
Pou FÈT TI jou d-lan wo!
nou pap fè ZEWO...

boule

 Viré monté