Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Poèmes

Johnny BELIZAIRE

Anmwe move zè | Aprè desan lane | Atansyon mesye ! |  Ayiti | Ayiti leve pye ou | Demokrasi kaba |  Di mwen | Gad Ayiti | Gade sa ki rive | Jàn o kote ou soti! | Jean Lajistis mouri mò sibit |  Léopold Dominique | Libète | Memwa | Mwen bouke | Mwen sonje | Nan non demokrasi | Nan yon paj pwezi | Nou pèdi memwa | Pa kriye | Pale pale ou | Politik sa pa bon | PoukiPòtoprens, ou pa manke lèd ! |  Pradèl ou kanpe lòt bò riv la | Pwofèt la te pale | RekòltSa fè mwen mal | Se jodi | Se nou ki lakòz | Se pa pwofesi | Se yon rèv | Tolalito | ToumanToutes les rues de ma ville sont piégées | Zagribay

Jàn o kote ou soti !

Dlo nan je m pa janm seche
Nan nwit mwen pa gen dòmi nan je
Vil mwen ap kriye
Gade kretyen vivan ki prale
M ap mande Bondye
Sa nou fè n ap peye
Aprè yon diktati kraze brize
Yon koudeta fyèl pete
Yon anbago cho kou dife
Yon dezyèm diktati kreve je
Ayiti ap kriye
Ayiti dlo nan je
Lapli tonbe, frè nou ale
Mapou ak Fonvèrèt deja inonde
Gonayiv o o ! M ap rele anmwe !
Tanpèt pase, se rèl dlo nan je
M kite peyi m
Kite fanmi m ak tout zanmi m
Depi peyi letranje
Nouvèl la tonbe
Ayiti ap kriye
Ayiti dlo nan je
Ayiti, sa ou fè ou ap peye ?
Pouki se ou ? Pouki se nou ?
Bondye vin pote n sekou
Adye nou pa ka pote
Jàn o o ! Kote ou soti ?
Bondye, pouki ou kite sa rive ?
L'ile de la Tortue, di m si ou ale
e konbyen moun ap kite dlo nan je
Pèp la pa ka manje
Men jodi a yo di m li sinistre
Kiyès ka ede n pote ?
Chay la lou o n pa sa pote l
Adye Ayiti pou ki se ou
Gonayiv Gonayiv ann sipòte !

Johnny Belizaire
Amiens, le 21 Septembre 2004

Se yon rèv

Anpil moun pa t vle kwè
Men gade sa rive kanmenm
Ou pa ta di son w kou monte
Aprè desan lane libète
Drapo blan franse ap bay payèt.

M poko vle kwè
M gènlè ap reve
Blan meriken ap ban m lòd toujou.
Se pa mwen Ayisyen pitit Tousen
San Desalin pa koule nan venn mwen
Di m se pa vre
Di m m ap reve

Vètyè
Vètyè
Nou te jire pou nou viv lib
Ou byen pou nou mouri
Nou se esklav dola
Patriyòt nanpwen se dola ki fè lalwa.

Ayisyen
Ala pèp bliye vit
Nou poko rejwenn memwa n
Sa ki lakòz se blan k ap mennen kannòt nou.

Tolalito

Tolalito tolalito
Yon vye chanson ki pa ka fini
Yon vye diskou k ap fè moun dòmi
Tolalito tolalità

Tolalito tolalito
Yon powèm k ap vòltije anlè
Yon liv parabòl k ap fè malè
Tolalito tolalità

Tolalito, tolalito
Yon ras moun ki pèdi memwa
Yon bann Afriken ki pèdi tras
Tolalito, tolalito.

Tolalito, tolalito
Yon chan andaki
Yon pwezi san mèt
Tolalito, tolalito.

Tolalito, tolalito
Yon bann maskarad
Ki pase pou Kris
Tolalito, tolalito

Sa fè mwen mal

Diswisantwa
Diswisankat
Senkannsèt
Katrevensis
Katreven onz
Demil
Demilkat
Demilsis
Ti gason m p ap aprann ou konte.

Vètyè
Endepandans
Diktati
Egzil
Anbago
Move eleksyon
Desanzan lendepandans
Senksanzan manke yon ti kras
Sa se rezime lavi yon prezidan

Ayè se te Chalmay Peral
Jodiya se Tousen
Tout pran kou nan do
Ayiti tounen yon malora

Wòch nan dlo
Pral konn doulè
Wòch nan solèy
Aprè desan lane gèp
Se va desan lane myèl
Gèp Gèp Gèp
Myèl Myèl Myèl
Pawòl yon chèf leta
Son w pen rasi
Adye pou Ayisyen yo ki nan koma

Ki bèl sèman
Konstwi lekòl
Fè sant de sante
Pale an favè libète
Rekonsilye tout klas yo
Elimine taks zonbi
Dechire chèk zonbi
Pa piye kès leta
Respekte dwa tout moun
Si sa te rive
Nou t ap rele viv
Si letranje te respekte n
Nou t ap kourone ou
Se ou ki lakòz
Nou pi pòv nan Amerik la

Ou te prete vwa ou a pòv yo
Jodi ou pran rèv yo
Koperativ brize lespwa yo
Ou pa di anyen
Paske se ou ki lakòz
Yo vyole pitit nou
Ou rete bouch be
Yo boule mache nou
Ou rete bra kwaze
Koupab yo la
Ou konnen yo
Yo manje ak ou nan palè a
Se ou ki lotè tout mizè n

Sa fè mwen mal
Jodi ou elimine pwòp frè ou
Ou bay pi bon zanmi ou
Legliz pa ak ou ankò
Site Solèy ba ou do
Ay sa fè mwen mal

Manvi kriye
Dlo yo pa ka tonbe
M anvi rele
Kontra ou rive
Fòk ou ale
Se vre fòk Ayiti libere

N a va rantre legliz
N a prezante ofrann sou lotèl
Pèp la va rekonsilye
Rèv diswuisankat la va kontinye

Gade ti mwen menm
Ki plonje nan yon rèv
Ki bliye tèt mwen nan bouske libète
Pou memwa zanzèt yo
Pou yon pèp,
Pou ti zile a
Pou Ayiti
«Haiti, perle des Antilles»
Ayiti manman libète
Rèl mwen kwè yo ap tande
Rèl mwen kwè se vre
Ayiti gen pou libere
Pitit li yo va sispann meprize
Yon jou yon lè
Demen se pa twò lwen
Rèl, kri despwa
Ayiti liberasyon ou pa twò lwen

Anmwe move zè

Ou pa wè lanmò
Ap fè m je dou
Li vle lonje bra l
Pou pran m
Ou pa simityè
Ap ban m payèt
Sèkèy mwen nan kouti

Pou dan griyen yo elimine moun
Se sou mò n ap flannen
Tout lasent jounen se kadav
Blow blow se yon lòt ki tonbe

Yon machin lapèrèz
Yon kolonn sansave ap kondi
Frape tout lennmi pouvwa
Touye pitit Bondye yo

Lavi a se fyèl
Lavi a se lanfè
Lari a se pyèj
Lari a se gèp
Nan yon klen dèy
Li ka elimine ou
Avan ou bat je
Li ka krible ou ak katouch

Lougawou pa vole
Malgre tou
Nou pa ka pran lari aswè
Se chimè ki mèt beton
Se chimè ki kanson fè
Se yo ki fè e defè
Bò lakay bagay yo myèl
Anmwe move zè

Aprè desan lane

Aprè plis pase
Desan lane istwa
Chimen nou toujou mangonmen
Ak zatrap ak pyèj
Ak trip foumi
Zantray zandolit
Lestomak marengwen
Chimen nou nwè
Lavi nou son w mistè

Lespwa n ap drive
Movezè pase pye anwo l
Lavi nou son w zapzap
Lavi nou son w grap touman
Lanmò se sèl zanmi n
Grangou, lanfè se frè n
Lamizè, fènwa se kouzen n

Aprè desan lane lendepandans
Nou pèdi memwa
Nou bliye lakwa
Nou pran nan twa wa
N ap vwayaje sou bato detrès
Lò nou kite chaloup la a
Nou monte a bò kabwèt lanmò

Yon lavi san ranfò
Yon lespwa barikade
Lavi Ayisyen m yo nwa
Lavi yo pèlmèl
Anmè kou fyèl
Nou pran plezi nan listwa
Mouche Bouki ak tonton Malis
Men podyab
Ayiti se li ki gwo bouki a

Nan yon vye fèy kaye
Kote touman mare n
N ap eseye ekri touman n
Nou pè, nou kenbe on pakèt mo
Adye kouzen si ou pè pran lapawòl
Lè ou resi deside
Ou lage pawòl an daki
Pou ou evite legzil
Oswa gran simityè.
Desan lane
Depi n ap grandi
Ak yon elit toufouni
Yon jwèt rizèz
Ki lakòz nou tout koupab
Nou tout viktim
Mwen wè yon lavi
Yon lavi san vwa pou di ase
Mwen wè yon jenès
Yon jenès k ap plonje nan koripsyon

Aprè desan lane istwa
Yon peyi ki ap viv nan dechoukay
Yon elit ki te deja vann
Yon lespwa ki toufounnen
Yon jenès bèkèkè
Aprè desan lane istwa
Yon lang meprize
Yon vag souvni ras nou ak idantite n

Aprè desan lane
Si zòt te di se Ayiti
M pa t ap vle kwè
Se je m  ki banm
Se zòrèy mwen k tande
Se mwen ki pwononse diskou
Pouki se ou Ayiti?
Pouki se ou manman libète?
M poko ka kwè
«Les barbares ont envahi la cité»
Se nèg ak zam ki fè lalwa
Se dechoukè ki mèt peyi
Yon anbisyon ki trennen nou lwen
Aprè desan lane pouki se ou Ayiti
Kilès ki ka pale?
Son w kesyon te rat pa kaka
Yon lòt bò se grenn nan bouda
Ayiti tounen nan lesklavaj

Ayiti manman
Gade kijan sa fè mwen mal
Ou poko ka libere
Rèl, rèl, gade yo pa tande!
Aprè desan lane lendepandans
Ou sou wout yon twazyèm okipasyon
Grangou ap pete fyèl ou
Pwòp pitit ou rann ou san fyète
Yo di Ayiti son w kochma
Sa k ta di sa
Pou jan ou te bèl
Pou sa ou fè pou yo.

Ou son w rebèl
Lakou ou son w gagè
Lavi ou tris
Podyab o Ayiti manman mwen.
Mwen prete ou vwa m
Pou plenyen mizè ou
Mwen ba ou kreyòl mwen
Kreyòl ou te ban m nan
Rèl, Ayiti se pou ou m a pe kriye
Aprè desan lane
Si Ayiti san fyète
Se bouch be n ap rete

Douvan blan franse

Memwa

Nèg bosal
Zambo, Congo,
Ibo
Ki rele Èzili manman
Ki rele Danmbala papa
Ki konvèti man katolib
Ki rele Mari manman
Ki rele apot Jak sen Jak

Yon ras ki pèdi
Yon bann moun yo bliye
Nèg bosal
Ki kite yo batize l nan katolik
Ki jwe ak bagay sakre

Gason Dayiti
Ki nan fimen marigwana
Ki rale bòz
Pou bliye doulè

Gason vanyan
Ki jodi bese tèt devan blan
Ki bliye ras yo
Ki pèdi memwa

Yon vye papye vèt
Ak foto Washington
Achte konsyans yo.

Nèg lakay
Ki bliye non li
Pou de pyas, degouden

 Nèg bosal
Zambo, Congo,
Ibo
Ki rele nenglensou monnonk
Ki pran losti sou chè
Ki trase vèvè pou proteksyon.

Èzili je rouj
Ki pa sispann betize ak nou
Èzili Freda
Ki bay chans nan mache sal.

Nèg Lafrik
Ki kwè nan lwa
Ki chanje non tout sen legliz
Nan non lwa kay divinò

Nèg save
K ap mache tèt bese
Entegrite yo blayi nan laye

Gason peyi m
Ki jwe ak lavi
Ki pran Mayami pou lakay

Fanm kreyòl mwen
Ki bliye ras li
Ki achte savon
Pou chanje koulè li

Kreyòl yo betize
Neg bosal, ki sispann danse sanba
Ki depose tchatcha
Pitit libète
Ki meprize pwòp tèt li
Yon ras ki vann
Ki pèdi nan imite sa ki sal.

Yon pase ki lou dèyè do nou
Yon refi ras nou
Nou kouri dèyè milatrès
Nou pèdi tèt nou

Nou adore tout vye sen
Nan legliz
Nou pale tout vye koze
Epi nou pran lasèn

Yon bann moun ki vann
Ki pa wè yo kondane
Yo fè twòp vye zak

Nèg bosal
Zambo, Congo,
Ibo
Ki pran plezi nan fimen krak
Ki pran tafya pou Bib
Nèg bosal
Zambo, Congo,
Ibo
Adye Afrika.

Rekòlt

Si m te konnen toujou dèyè
Nan kase mayi n a regle bougon
Son w bann pwovèb ki monte nan tèt nou
Nou betize nou betize
Jouk nou pran chimen lanfè.

Chen gen kat pat
Menm li pa  kouri nan kat chimen
Nou fredonne tout lòbèy
Lavi a kouri kite nou dèyè.

Ki plan nou te genyen
Ki sa nou te espere
N ap plenn depi kèk jou.

Ann ale
Grenn nan bouda
Son w bann imajinasyon
Pou mizè nou
Pou doulè nou
Pou fòs revòl la.

Di m kilès ki mete m nan sa
Baby Doc te gen rezon
Siga limen nan depwent vre
Politik la cho kon lamp.
Kilès ki ka fè nou bliye mizè n ?
Lajan p ap achte konsyans tout moun

Krim yo mete m an kòlè
Tout negosiasyon se prizon
Pou raketè, piyè, granmanjè.
Pa di jou n an kòlè
M kwè n deja an kòlè.

Nan non demokrasi

Yon mizè
Yon touman
Diktati diktati
Nou pa ka kenbe ankò.
Twòp san deja koule
Frè nou yo ale
Jounalis konsekan tonbe
Ansenyan pran legzil.

Konbyen frè nou ki te tonbe
Nan defann kòz demokrasi
Katravenkat, katrevensenk
Nou pa jwenn rezilta
Demokrasi kote ou ?

Koudeta kwateven onz
Anpil tonbe, podyab
Sa sèlman m ka di.

Pè a ofri lavi miyò
Ak moun Site Solèy
Twazan aprè li betize ak yo
Pi gwo don li fè zanmi li yo
Son w plas piblik.
Mesye fimen kokayin nou
Bliye tout lòt pwomès
Fèmen je nou sou mwen.

Demokrasi kaba

Adye demokrasi ki peri
Ayiti pa byen resevwa ou.
Yon kolonn moun chwazi
Panik ak presyon
Pou pran vòt pèp la a.

Nan tout rakwen se dife
Tray tounen travay
Zam tounen pwason
Mò ranplase pen kotidyen

Site a anba flanm dife
Pèp la pran lari
Yon sèl kri
Demokrasi kote ou.

Rejim kraze zo
Pa sispann trake n
Lajistis toujou nan gòdèt
Fòs polis la sou kontwòl
Move je ki rayi Ayisyen.
Laprezidans imilye jounalis

Gen kri tout yon pèp
K ap pete tenpan yo
Pouvwa Tonton Sam fè silans
Sou krim k ap komèt
Yo pa wè moun k ap tonbe
Y ap defann lajan yo.

Menas sou tèt laprès
Entèlektyèl nèg save anba presyon
Se kilès ki lotè zak sa yo?
Laprezidans, primati a
Ansyen depite ak majistra
Rèl, rèl ! Adye manman
Demokrasi tounen diktati
Lidè popilè tounen raketè.
Nèg yo reklame menm moun ki mouri
Sa k ta di sa a.

Vil la cho,
Bri zam ranplase chan ti zwazo.
Chak kalfou
Son w frè m yo blayi
Mwayèn nan se senk pa katye.
Gadon w senk sa papa.

Bagay la tris
Ayiti sa ki ta di sa.
Dwa moun foule anba pye
Menas fèt sou monseyè
Pouvwa se ennmi inivèsitè.
Chimè kase pye rektè
Rèl, rèl, bagay sa twòp pou mwen!

Jenès la tounen ennmi
Fo demokrat k ap di lapè
Poutan se lagè y ap fè
Nan tout teyori ak letranje
Tout bagay anfòm
Nan dyalòg ap pèp la
Senkan senkan.

Nou pèdi memwa

Jwenn mwen nan evazyon m
Kote mo m pa fouti pèdi tras
Nan yon demagoji sosyal
Yon dezòd politik
Prete m tan nou pou nou li mo sa yo.

M kwaze yon jenès an degraba
Tout yon pèp an pèdisyon
Ki bliye pouki te gen lavi
Yon pakèt lidè politik souflantchou
Yon latrriye entèlektyèl je tawèt
Yon bann papa pitit woulibè
San memwa ki gaye nan savann.

Ayèreswa
Se te chan ti zwazo nan bwa
Jodi 2 janvye
Se kri pèp ki nan mizè
Ayiti ou se pitit Lafrik
Ou pèdi tras nan chire pit
Ou leve men ou kont kolon
Ou gen viktwa . Ou fèmen je ou
Nan krim politik kont zantray manman ou.

Ou fè sanblan tout bagay anfòm
Poutan pa gen chimen limyè
Èske ou kont bagay lèd sa yo
Ou kwaze yo nan lari
Ou koud dyòl ou, ou pa wont
Kite m pran ekri sa
Ou di se diskriminasyon

M kwaze yon pèp
San memwa
Touman lavi l
Li plenn li san revandike
Yon pèp yo vann nan dyab
Ki sispann revandike dwa l

Nou san limyè
San gid
Konsyans nou lote
Sou tab nan mache anba.
Podyab je nou bouche,
Dyòl nou koud
Nou lage
Nan grennen pitit
Ogmante mizè n
Ogmante grangou n.

N ale sou lotè l beni
Nou rantre nan tamp lan
Nou souye l
Nou pa respekte sa ki sakre
Nou pran pòs kilti vodouyizan
Yon fason pou n fèmen je nou.

Konsyans nou likide nan laye
Dwa n ak devwa n
Mare nan poto kay bòkò
Rantre nan peristil la
W a wè Ayiti mare
Pase sou chè a,
Konplo legliz mete n anba kòd
Bòkò vòlò konsyans nou
Pastè lage nou nan dlo
Pouvwa legliz katolik souflete n.

Yon peyi ki pa respekte sa ki sakre
Yon jenès ki fèt san gid
Anbisyon pouvwa  mare tout jenerasyon
Jodiya se mwen k ap peye sa a.
Rèl mwen rive lwen
Jodi nou soud
Paske nou pèdi memwa

Touman

Si jodiya mwen vle kriye
Si jodiya m ap rele
Se paske m pran twòp kou
M pa rekonnèt pwòp figi m nan glas
Tèlman moun yo ban m frap
Mizè ak lavi m fon w sèl
M vyeyi tèlman m  soufri

Yon landemen k ap trennen
Yon jenès san fyète ni anbisyon
Ou ta di li reziyen l
Pou  lavi l toujou depann de lòt moun

Yon kalvè m ap monte
San m pa konnen pouki
Yon touman ki make tout po m
Sikatris sa yo ki pa janm ale

M pa janm sispann pote dèy
Rad nwè m toujou sou po do m
Lasemèn kou dimanch
Ou pa ta di yon inifòm
Sot nan dèy fanmi
Tonbe nan rèl zanmi

M kriye pou nou tout frè m
M bay dlo pou nou zanmi laprès.
M viv doulè nou kòm si se te pa m

Yon bon patriyòt soufri chak jou.

Lò m p ap ekri pou m di ase
Fò m al mennen yon konbatan ale
Batay sa a m   p ap sa kite l

M wè timoun ki grangou toujou
M wè ravin nou yo tounen apatman
Pèp la toujou nan lari a
Lekòl pitit li pa ka peye

Aprè lapli se sou fatra n ap mache
Peyizan yo kite lakanpay
Yo vin plen lavil la a

Edikasyon Nasyonal pa bay bon sèvis
Lekol bòlèt ap ogmante
Depite majòkèt pa sispann betize
Sena ak Lachanm pa represante pèp
Meri yo tounen bòdèl
Aktè prensipal la
Lage n nan manje chen ak wòch.

Ala touman
Ala pawòl pou nou pale
Ou trouve m dròl, sa a se rèl.

Yon jou sa va chanje
Lobèy la gen pou pete
Koute m byen :
« Haiti survivra » .

Mwen sonje

Mwen sonje Ayiti
Lò mwen te fèk konnèt li
Lò m sou wout mòn
M pral lakanpay
Se te bèl bagay.
Vakans lan tonbe
Fò n al wè fanmi n.
Rive larivyè
M pral benyen ak zanmi m
Nou fè lapèch kribich
Tout moun te kontan
Yon lòt jou
Nou pran direksyon mòn
Manje mango, fè lachas zwazo.
Nan demen nou fè wout raje
Chen nou bò koe n
N ap kouri dèyè chat mawon.
Kilès kibliye bèl moman sa yo ?
Kounyeya lakanpay vid
Egzòd kraze lakay mwen
Dezòd politik kraze lakanpay

Lajistis mouri mò sibit

Se te san dout dènye kout kat la a
Jwèt la make mò rèd
Tout lestekè mete do ba
Lajistis pran rakbwa .
Tren revolisyon
Pase sou fyèl mwen
Demokrat swadizan
mete klou anba pye m
Mwen senyen jouk mwen tenyen. 

Gade zo figi tinonm nan
Rigòl lavalas dlo sal mete do l ba
Raketè politik fè lavironn li
Jij san enstriksyon pa krache l mo
Lepèp bay pouvwa pou l bran bwa
Li pa menm ka kriye aba.  

Pase nan Site Solèy
Al gad bèl dekorasyonn
Nou vann libète n.
Lò lotorite pran lapawòl
Se swa kokayin yo ki andanje
Swa pouvwa yo ki menase.
Yo fè lepèp konprann y ap defann li
Yo pa ban n ledikasyon
Pou je nou ka klè
Chak katye chak kalfou
Yon plas piblik.
« Le peuple s'amuse
Le president s'enrichit » .
Demokrasi gagòt
Politik sakrifis tibebe .  

Lajistis mouri mò sibit
Depi sou presidan bann machwè.
Ban m yon bourik chaje pa kanpe
Pa ban m onondi p anm baba r anm
Baboukèt panwòl pou wete lapè m
Pandan y ap jape
Lapè nan vant
Lapè nan tèt. 

Ki dènye kalkil
Pou rann tèt yo itil
Yon dènye envansyon
Restitisyon reparasyon…
Pou kilès
Nan men ki moun
Pou yo konsève pouvwa
Mete pèp nan fènwa
Avan yo pati pou lekzil
Yo jwe nan kèk tèt mal fèt.
Podyab lajistis
K ap mouri bèkèkè.  

Ayiti ap pase yon tray
Pitit li mawon
Yo pa vle tounen lakay.
Nasyonalis nanpwen
Opozan konsekan nanpwen
Lajistis mouri mò sibit.

Mwen bouke

Mwen tande Ayiti k ap kriye
Madanm nan pa gen f ò s ank ò
Pitye la pe mande
Sa fè desanzan, se twòp atò.

Kolon bote richès lakay mwen
Yo trennen m nan lesklavaj
Yo detripe m, yo pete fyèl mwen
Kilès ki vle pote m kouraj ?

Pitit lakay
San konsyans
Konsyans yo lote
Nan mache Anba
Nan mache Seradòt.

Politik sa pa bon

Yo di
Ou pa tande
Èske son w pwoj è kraze brize
Ki pou mete an aplikasyon
Ki pou trennen nou
Nan chen manje chen
Koupe tèt boule kay
Ki pou fè ou pran konsyans
Li lè pou vrè demokrasi blayi

Ala moun yo kwè nan vèse san.

Mwen leve m je m
E sa m wè
Se lèsen ak lèzanj k ap rele
Politik sa pa bon.
Enpinite ap vale teren
Dwa moun foule anba pye
Ayisyen ap viv pi mal pase chen.
Dyab rasyal ret bouch be
Chay la twò lou
Yo pa sa pote l.

Manke tafyatè nan lakou a
Pase moun tèt klè ap voye pye
Pawòl yo se pawòl divinò
Mache m mache, pale m pale
Se zòn ki depase laj mwen
Se pawòl ki twòp pou mwen.

Woy woy mwen ka mouri
Kanmen m zanj yo di non.
Politik sa pa bon
Twòp san, twòp krim
Desann drapo ble e rouj
Mete l demi ma, Ayiti nan dèy.
Ale nan konsekrasyon
Mande Bondye lanmou
Pou yon jou nou reviv ansanm.
Fè onondipè onondifis
Siy ki make nou rejwenn lesyèl
Bliye manje djaka
Yon lòt santenè yon lòt visyon.

Diktati se ennmi demokrasi

Demokrasi se pouvwa pèp
Vwa pèp la se vwa Bondye
Youn di lòt, fòk mesaj la bay
Altagras di ase
Vyèj Mirak di sispann.
Langaj zansèt yo, se vwa sen m yo
Pawòl mwen se komisyon lèsen
Politik sa pa bon.

Ayiti leve pye ou

Èske se chak jou
Pou n ap lonje bòl nou ale
Pouki nou pa di
Li lè pou nou mèt tèt nou.
Sonje byen richès nou te genyen lakay
Èske se baton lesklavaj
Ki pou rann nou pwospè
Di mwen di mwen èske nou pa wont.

Ayisyen sonje konbyen nou te ede
Pa di m se dèt lendepandans
K ap peze n toujou
Dirijan mwen yo pèp la soufri twòp
Politisyen li lè pou nou pran konsyans
Ayiti bouke li pa kapab ankò.

Vòt pèp la
Tounen rigwaz nan bouda l
Se chak jou n ap antere frè nou
Nou pa menm gen dwa di non
Ak sa ki fè nou mal
Dizan te sa
Yo te pwomèt demokrasi
Yon demokrasi pale jodi
Antere demen

Makout pa nan bouda m ankò
Bondye pito yo te la
M ta bwè dlo respekte vè
M pa ta pale tout koze
Pou m pa ta antere anba gwo solèy cho.

Vil l ap kriye
Dlo nan je l pa ka seche
Limyè etenn
Lavi a prale
Zetwal l ap file
Se Ayiti ki pral antere
Pitit tè a vann li nan zobop
Yo chante dèy li
Anba peristil kay ougan
Pandanl jou l poko rive
Ayiti konvèti se sèl espwa ou
Resevwa mesaj lanmou ki sot nan syèl
Chwazi yon lòt kontra sosyal
Ou va jwenn delivrans
Pou ou ak kòd fanmi ou.

Sinon Lavichè va pote ou ale
Van divizyon va kreve de je ou
Dezinyon va rann ou avèg
Politik koupe tèt boule kay
P ap mennen ou lwen
Yon lòt milenè deja pase
Ayiti podyab ou pa t gentan resikle

Desanzan ou ap rive
Chwazi m,
Yon lòt kontra sosyal
Ou va libere anba trèt
Ou va jwenn lespwa dantan
Pa bliye ou se ginen
Pa pèdi lespwa
Tèt ou poko koupe ou ka met chapo
Ble ble koulè syèl la
Rouj rouj san ki make linyon nou

Tousen gen pitye pou nou
Nou te neglije fòs linyon nou
Lame endijèn nan pa pwononse santans nou
Si nou neglije fòs militè n
Desalin nou mande ou padon
Si nou te sispann viv an frè

Gade Vètyè ap kriye
Fèt li rive dlo te nan je l
Se pa kontan mouche a te kontan
Son w mepri li te vle fè
Ak tout trèt ki t al vizite l yo
Ou pa wè jan figi l tris
Li san lè di: m regrèt 18 novanm dizwisantwa

Ayiti leve pye ou
Ayisyen pa bliye
Nou gènlè pèdi memwa
Si nou pa ini demilkat kolon fransè ap ri n
Yo ta regrèt si Ayiti te ret pwospè
M kwè y ap fete pou desanzan ou ki nan dlo.

Vètyè se rèl dlo nan je
Pou fete desanzan l
Gonayiv se va….
Atansyon Ayiti leve pye ou
Pa bliye Karayib la konte sou ou
Amerik Latin nan genyen ou pou bousòl
Ayiti leve pye ou
Demilkat se de semèn de jou de pa
Avan ou bat je ou.

Zagribay

Ki jou sa m te tande y ap pale
Apre yon jounalis,
Son kronikè e spòtif
Pou yon sèl motif
Nou pa dwe di non.

Nou prete pèp la lantèn
Pou l plenyen mizè l
Son w katastròf
Estasyon radyo nou anba bwa
Nou ki t ap defann viktim katreven onz
Jodi, yo di  n ap mal fè sa.
Poutan si yo te gen plas nan kè yo
Bondye ta fè  yo konprann
Kijan yo mechan ak pèp la.

Wòch wòch jounalis nan mawon
Wòch wòch antèn medya kraze.
Tijan lage peyi m nan cho
Tout diskou l se mesaj lapè
Tout aplikasyon diskou l yo se lagè.
Li drese yon anbiskad
Ant mas ak boujwa
Li vote pou milatrès peyi letranje
Li kondanne milat pitit tè a.

Wouch wouch
Tijan repre z ante yon menas
Pawòl li se pawòl lapè
Tout zak li se zak lagè.
Tijan pa janm sispann di li gran
Tousen ak li se marasa
San Desalin ap koule nan venn li.
Li fè tèt li pase pou yon ero
Poutan li pa menm yon zero

Katouch katouch etidyan yo mele
Li vle pou jenès la ret bouch be
Nou pa sa plenyen mizè n
Peyi nou fin kraze
Nou pa wè lespwa
Pou Ayiti k ap deperi.
Son w desas
Demokrasi nanpwen
Lajistis anba kòd
Enpinite ap vale teren.
Tijan sèl kòk chante
Li tounen chen,
Li vle chita bò tab.

Dròl gad jan sa dròl
Nan konplo kokayin
Li bay pi bon zanmi l
Pou l asire pouvwa l
Madanm ak pitit p ap epanye.
Zagribay, bantanplan pran peyi m
Kochon ap fè lavironndede sou plas piblik.
Dròl gad jan sa dròl

Nan yon paj pwezi

Si ou ta pran tande pawòl
Ki sot nan bouch ti nonm nan
Si ou bay tan ou pou ou li
Paj li yo se tèt chaje.

Chak liy se yon fwètkach
Li entèprete lavi jan li vle
Ou pa ta di li se mèt pawòl lavi a.

Nan adwaz li,
Li rakonte yon bann lòbèy
Foli menm gentan tonbe sou li.
Li pale pou È zili je rouj
Li prete vwa l a manman M ari
Li pran kominyon nan legliz katolik
Li sèvi ak pastè pwotestan.
Yon pwogram li met sou pye
Pou mesaj li ka toujou pase

Nan yon paj pwezi
M chèche bout lavi
M pa kite kras
M di tout koze
Kit li bon pou tande
Kit li pa bon pou tande
Si yo vle yo vle
Si yo pa vle
Yo pa vle
M pa manje nan bòl pyès moun.

Kouman pou m kache laverite
Si jouk jounen jodi moun ap tonbe
Anba katouch, bal mawon
Si Jòj Bouch fè lagè li jwenn eskiz
Si Ben Ladenn tounen yon mit
Si peyi rich ap toufounen peyi pòv
Nou lage chay sou do lapwofesi
Pou nou pa pran responsablite n.

Nou makonnen lespri n
Ak pre z ans yon pakèt dye
Ki rann nou pa ka renmen frè nou
Ki rann nou initil.

Nan yon sèl paj pwezi
Anpil koze dwe pale
Toupatou se lagè
Lèzòm tounen mèt tè ak syèl
Doulè a di pou tout manman pitit

Izrayèl ak Palestin ap goumen
Yon menm teritwa
Bondye pouki
Etazini ap envesti nan lame
Poutan anpil moun ap mouri
Lafen ap pete fyèl yo

Chak ane milya depanse
Toujou gen yon pwogram reameman
Tout peyi an A frik ap depanse
Yo p ap mete fen ak grangou
Y ap prepare yo pou lagè
Gwo zam lou anpil kòb
Somali nan grangou
Et y opi bagay la myèl

Pouki

Pouki
Se nou ki divize jodi y a
Nou ki t ap bay legzanp nan A merik la
Sa ki rive konsa
È ske se lèsen
ou byen lwa
Ki rantre nan sèvèl tèt nou
Ki fè n ap goumen
Pou yon menm kalfou.

Pouki n an chimen lanmou
Bondye pa trase devan nou
Yon vèvè k a va mete linyon
Oubyen yon kwa kont divizyon.
Manje marasa  nan kalfou
Pa peye sakrifis moun fou.

Djobolobosou nou chante pou lwa
Nou pa janmen jwenn labònvwa
Danmbala lwa kouzen
Pa menm pran nou pou chen.

Se dat n ap rele grenadye a laso
Sa ki mouri zafè a yo.
Anyen pa chanje
Ayiti vin pi danjere.
Mobilizasyon grenn nan bouda
Pou chase chimè
Ki konprann yo ka fè lalwa
Pandan yon pèp ap soufri

Zòt ap sakrifye moun pou dan ri .
Zapzap pran lari gwo midi
Pou devann yon politisyen makakri.
Ala traka nan kalfou Tousen louvèti a
Marengwen souse san lespwa peyi a
Nou blije jwe ak rèv nou gwo midi
Trennen lespwa jete nan lakou Dekouzi.

Gon zonbi ki bouche je nou
Ki fè nou bwè soup blanch
Pou soup joumou.
Premye janvye mwen kriye kou ti bebe
Anba lòdè gaz lakrimojèn
Nèg yo voye sou moun ki swaf libète
Pèp la te dlo nan je
Rèv li pase anba pye.

Gade sa nèg yo fè
Yo mete yon klima terè
Nan vant, nan kè ak nan tèt
Poutan yo te ofri lapè nan tèt
Nan vant .Tout kote pongongon
Pou demokrasi m ap soufri.Bondye bon.

Gaz lakrimojèn tonbe
Nan asanble dè sen
Trouble kominikasyon diven
Adye mesye kontra latè fini
Anbisyon politik yo touche ata Jezi.
Si m te, m ta
M kanpe la
Pou B ondye pa pase m anba
Twòp pawòl va mennen m anba tè
Kanta pou verite li pa ka fè bèk atè

Pa kriye

Pa kriye men si lavi a
Ap pran ou ak kout peye
Pa rele se Bondye ki mèt latè
Li fè afè li jan li vle
Li wete moun ki nan danje
Li va ban nou sekirite
Lò chimè yo andjable
Si lanmò te toujou gen rezon
Si pouvwa syèl te konfye a lèzòm
Si paradi m te sou kontwòl yo
Mwen ta regrèt m te fèt
Gen de moman nan lavi
Ou konn vle touye tèt a ou
Ou menm di Bondye pouki ou te ne
Kòmkwa se li k ap fè ou soufri
Ou leve je ou gade lesyèl
Bouch ou te gentan plen ak jouman
Pa di Bondye gen tò
Pa touye tèt nou pou remò
Annou lite
Men nan lamen n a va rive
Ann voye je gade lòt kontinan
N a wè moun ki pèdi lavi
Irakyen ki tonbe
Anba pouvwa blan meriken
Izraelyen ak Palestinyen
Kòtakòt sou prèske menm teritwa
Miray drese se pwoche m m a blayi ou
Ki kote mond sa a prale
Ki kote li va rive
Bondye li lò pou ou pale
Si ou pa pale n a toufe
An Afrik se grangou
Anpil lajan ap depanse
Pou fè gwo zam lou
Toupatou patou se lagè.
Vyolans ranplase dyalòg
Mond lan fini
Lèzòm kwè nan revòlvè
Pitit Bondye yo fin mouri
Anba zam fannfwa san manman yo.

Libète

Pou yon pèp
Pou yon touman lavi
Pou yon ti souf
Pou you gouf moun
Lanmò lonje bra l

Li ban nou bon akèy
Li charite n chèz.
Li pran pawòl ki sot nan bouch nou
Li te gon w sèl repons podyab.

Nan ti adwaz matènèl mwen
M te vle ekri yon sèl mo
Mwen te ekri sis lèt
Lèt ki ap dechire kè m
Yon mo m poko janm trouve isiba.
L I B È T E.
Nan primè m te gon w sèl chanson
M te fredonne a midi kou a minwi
Lò m nan bann nan
Lò m pou kont mwen
Yo pa te vle koute
Yo pa te vle tande
Lame te pran fòs yo
Lame te vòlò pawòl yo
Ki chanson m te damou konsa
AYITI P AP PERI
Nan pòtay klas segondè
Se ton w lavi di
Yon konplo san mèsi.
Sa n fè n ap peye
Pwòp pitit lakay kont li
Tande sa frè m ak kouzen m
Eleksyon rans
Diskou, kominike majigridi 

Pale pale ou

Kite m gade vil mwen
avan m fèmen je m
kite m voye mizè m
lòtbò rivyè a

konbyen ki swaf pwezi
pou pale de touman
konbyen ki blije vin komedyen
pou griyen dan sou soufrans

Frank manyè fèmen dyòl li
men plim li pa janm sispann pale
Ton Lyonèl gen yon dènye mo
adye li gèn lè dekouraje

banm pran yon dènye chans
flote drapo m
paske grangou kou touni
se li ki pa m

m lage nan lari a
kon sanzave
pale lèd ak granmoun
m menm joure Bondye

si pwezi te rale touris
si grangou m te rann moun tris
Ayiti pa ta p gen kote pou mete dyas popo

adye wi dan!
pwezi marye anba tonèl kay gwo Jera
mesye leprezidan
pa konprann anyen menm

kouri dèyè m pou priz telefòn
pou priz kouran
pa banm manje, pa aprann men li ou a wè
demen manifestasyon pou pi rèd

Sou pon Manhattan Bridge
de Ayisyen kwaze
ondirè pil bèl souvni yo
se te zonbi ki kite simityè ki pran lari

yo bliye vit
se pa nan simityè zonbi yo soti
se tout yon pèp ki zonbi
pwezi m pale pou mwen
m pa gen fòs ankò

pale pale ou ti gason
di sa ou santi
kijan ou ye, ki tray ou ap pase

anpil koze pou pale
grangou nan vant pa dous
twòp timoun ap mande nan lari
kijan lavi nou ye dèyè bawo penitansye
ki jistis pou ki gwoup moun

rantre nan lachanm nan
pale franse mawon
kite pèp la nan touman
bwote lajan pou lè n ap mawon

Ayiti bwa kwaze
tèt bese
l ap rele lèsen
vin ede l pote

mizè pèp la pou bon mache
ledikasyon l tèt nèg
roule tèt bèf
di sa pral mache
Ayiti sou de beki.

Gad Ayiti

Gad Ayiti k ap bayila
nan rèv Amerik la
Ayè nou te grenadye
jodi y a nou se va-nu-pied
venteyen kout fwèt kach
trannsis son lanbi
mete zonbi yo nan lari
tout bagay lakay gentan krach
Kwi nan men n ap mande
lè se pa lòbi , se pote tèt ale
Ki jou ki lè nan ki ane
Ayiti ap sispann mande ?
Y o pete zizye l
defesiye l
kreve je l
imilye l
maltrete l
dekostobre l
Ayiti radi twòp
jounen jodi li vin malpwòp
Ayisyen mandyan
souflantchou, agranman
Yon kolonn non
N ap trennen depi lakoloni
tonbe nan lendepandans zonbi
Ayiti chaje ak non :
Ayiti
Kiske ya Boyo
Ayiti T oma
Ayiti m bwè pwa
Tout wout lakay mennen non w sèl chimen
pase anwo pase anba
N ap kontre nan kalfou lafen
Ayiti, to n nè boule m pitit ! Ou ki mèt ou nan sa.

8.6.2004

Nou mele vre

Se pa pwofesi
Se radote nou radote twòp
Solèy peyi m pa pi dous pi bon
Men mizè vil mwen
Pi rèd pi lèd

Pa pèdi tan nou rele Danmbala
Li p ap reponn e li patjanm konn reponn
Gade m nan je frè m
Di m ou renmen m se sèl chans nou genyen

M pa fin al kwè twòp nan Bondye
Paske vwazen m gen pou deviz
«In God we trust»
Poutan l ap kreve je Irakyen yo

Pa di m nou pa konprann
Nou rete bèkèkè
Je nou anlè n ap gade elikoptè
Blan meriken nan syèl yon pèp ki pèdi gou lavi l

Tris gad jan sa tris
Ti Mari pa ka fè mache
Ti kòb la twò piti
Lwil pat tomat andui
Pa rete kòb ankò
Chabon poko menm ko achte

Lavi monte bwa
Lavichè rantre nan kalson nou
Ayiti ki jou kilè
Limyè lavi va limen
Lavichè va tenyen.

M te reve yon jou m t ap vivere
Men m pa t reve kenbe men frè m nan
M tande blan k ap di m
«What’s your name»
M touse dyòl mwen
Se pa sa m te vle tande
Pouki li pa t di m
«Are you dirty?»
M ta p reponn li: mwen swaf libète

Yenki yo tounen nan kòm ankò
Sa yo pote nan djakout yo
Phelps, nou fenk kare wè
Si Philoctète te la li ta di:

Chak dis lane
Yo ofri m blan etranje
Pou rezoud pwoblèm mwen
Poutan solisyon an nan men Ayisyen deja

M al pou de
Philoctète te gentan pran de
Politisyen di m konbyen ki rete
Okipasyon pouki se mwen

28/05/2004

Toutes les rues de ma ville sont piégées

Yon vil lavi tchipe
Yon vil san eskiz
Yon vil chaje ak paspouki

La ville a-t-elle un centre ?

anba lavil moun sou moun
bèt sou moun
moun sou bèt
machann manje kwit
pil fatra, yon kadav nan chak kwen.

Yon pèp ki pèdi gou lavi
ki gon w sèl priyè :
St Washington resevwa m lakay ou.

Danmbala, O gouferay, A gwètò
Senjak Majè , Vyèj Altagras, Pè Letènèl
Nou chak rele youn
Men FMI ap depatcha nou tout.

Yon peyi kote pèp la  chita sou  ti chèz ba l
mizè l ap ogmante
soufrans li ap miltipliye
Tout moun ap plenn.

 Atoufè, zenglendo, chimè fè mikalay
 Yon sistèm kou pou kou
 Vyolans, vanjans.
 Politisyen mande anraje

O patri ! K onbyen ki tonbe nan non ou ?
Ki jou jistis ap an vòg
Pou demokrasi jwenn plas li nan sosyete a ?
M bouke tande aba
Paske depi dizuisan m bliye
Politisyen pa janm chanje sistèm nan

Yon vil lavi tchipe
Yon vil san eskiz
Yon vil chaje ak paspouki
Retire kò w ban m mete pa m
 
Sò pèp la pa janm chanje
Ayiti fèk koumanse konte viktim
Ondirè pou Ayiti p ap gen landemen miyò

Vil mwen tris
Dlo nan je l pa janm seche
Yon pouvwa ki konstwi sou san
Gade m gade m nan je
Di m bay manti
Desan lane nou gaspiye
Nan wete ranplase mete enbesil sou pouvwa

Nèg yo gen ambisyon foli
Aba X viv Y menm kout baton
Ayiti pi danjere, vil mwen pi tris

Pòtoprens ou nan d ò mi
Ayiti reveye ou
Yo pale twò mal de ou.

Yon vil la vi tchipe
Yon vil san eskiz
Yon vil chaje ak pa pouki

Haïti quand viendra le jour
Où tes fils seront unis
Où  le bleu et rouge flottera
Avec prestige et Honneur
Dans le ciel des Héros de Vertières

 O Haïti, unique pays de mes rêves
Dont la misère de ses fils affecte mon cœur
Qu'un jour tes fils de partout
Se rallient et fassent de toi une nation.

Pòtoprens vil pa m nan
Mwen vle rete fidèl a ou
Lè sa bon e lè sa pa bon
Pou lespri nasyonalis la briye
Nan mitan yon pèp ki vle chanje lavi l.

O lelit
Sispann kenbe pèp la nan lesklavaj
Ann resepekte La Dessalinienne nan
«Pour le pays et pour nos p è res
Formons des fils libre fort et prosp è res. »

Toutes les rues de ma ville sont piégées
Yon elit ki betize
Rezilta Ayiti dlo nan je.

Pòtoprens, ou pa manke lèd !

Pòtoprens, ou pa manke lèd
Pòtoprens, figi ou blaze
Pòtoprens, reveye ou nan mitan mò yo !
M desann anba lavil
Eta lari Pòtoprens
Se bagay ki pou mete dlo nan je nou
Lari a lèd
Lari a sal
Fatra pil sou pil
Po tanmpiko
Bwat jina
Ata mò

Mwen sonje
Premye jou m te wè
Se kòmsi se te ayè
Jou maten katòz janvye
Milnèfsan katrevenkat
Li te inè dimaten
Potoprens aprè ven lane
Gade, di m se pa vre
Fatra ap yayad kò yo
Douvan kou dèyè Lopital Jeneral

Pòtoprens jounen jodi
Ou ta di timoun ki fè malnitrisyon
Ou ta di yon demwazèl figi blaze
Anba tifoyid malarya

Pòtoprens, wouch, ala lèd !
Lasalin pak an pak
Bèlè tchak tchak
Bèlè, ou menm wi
Bèlè katye entèlektyèl la

Pòtoprens, sa ki pase ou ?
Ou ta di tout alantou Stade Silvyo Cator son w ravin
Ri Monseigneur Guilloux
Ri Oswal Durand
Pòtoprens kite m ale tande
Politisyen rale sou kò nou tande
Lòbèy la gen pou pete.

Pwofèt la te pale

Mwen sonje
Defen Titòm te di
Pòtoprens gen pou tounen yon kalvè
Lavi a gen pou fè n grimas gwo midi.

Pawòl sa yo
Pa t fè pyès moun plezi
Yon bann politisyen demagòg
Te wè Titòm merite lanmò.

Jou eleksyon rive
Titòm pran lari
Li tankou yon moun fou
L ap rele «anmwe anmwe»

Anpil moun pran pawòl pwofèt la
Pou bagay rans
Sa ki lakòz lò jou a rive
Lavalas desann li bare yo nan lari.

Pwofèt la te pale
Men yo pa t koute l.
Se vre lavalas la desann
Pawòl la te pale
Pawòl la simaye
Ayiti tounen yon kalvè
Pòtoprens son w lanfè.

Mache nou mache
Se fatra, rigòl dlo sal
Se labou, se mò ki nan tout lari.

Yon lari ki santi
Odè simityè
Odè latrin
Yon lari ki gen gou san.

Mò pa gen plas nan simityè
Bawon Sanmdi pèdi djòb li
Lougawou pèdi grad
Bann sanpwèl pa ka pran lari
Zam fann fwa sèl kòk chante.

Lari Pòtoprens tounen simityè
Pòtoprens ayè
Se pa Pòtoprens jodi
Kanson fè antere
Gwo loray tonbe
Defen Titòm te di sa pral rive
Lavalas ayè konvèti
Son w pati pèp k ap lite
Son w konvèjans
Pòtoprens tounen yon kalvè
Lavi ap fè n grimas gwo midi.

Sa k ta di sa
Jouk jounen jodi
Kochon ap kalbanda nan lari Pòsmachan
Sa ki rete pou yo devan palè ou pa konnen.

Tout moun bezwen pouvwa
Si yo pa leta
Yo pa ka ede.
Lò yo rive sa menm
Anyen yo p ap regle
Sinon fè malèt yo pou letranje.

Mwen sonje defen Titòm
Si li te la jodi a
Li ta di m sa blan meriken vin regle.

Ayiti podyab o
Ala kote gen chans pou gen devenn.
Pòtoprens pongongon
Nan tout rakwen se moun mouri
Zonbi pa flannen ankò
Dyab rasyal sispann manje moun
Se atoufè sanginnè
k ap blayi moun gwo midi

Se jodi

Se jodi, granpè m t ap tande menm pawòl sa yo
Papa m pa ka di lekontrè
Yon bann pwomès ki pa janm rive kenbe
Desan lane depi n ap lonje bòl nou ale

Konbyen ki wè jou apre nou
Konbyen nou te goumen pou yo
Jodi nou nan ke kamyonèt la.
Nou te kriye aba lesklavaj
Nou te rele anmwe anmwe
Bondye kreye n lib fò n viv lib
Epi jodi nou vann libète a
Pou yon viza, pou de biyè vèt

Se pa lendepandans k ap kale n
Se dirijan mabouya
Anbisye, souflantchou
K ap pliche n.
Nou te kwè nan pawòl. .
Nou te mize sou moun
Konbyen kite panse entèl pral chanje sa a
Gade tout se te rans.

M pa kwè nan politik krim
Nan tanbou dividal bouda
Nan nèg ki di yo se lidè pèp.
Ki lidè,
Ki pèp.
Ala ti pèp gen bon do.

Yo ofri granmoun chans pou konn li ak ekri
Se byen, men jenès la pa ka al lekòl.
Pou asire lakontinyite
Nèg yo menm vle touche kè nou
Ki chita nan jete bilten
Yo bay lajan pou achte konsyans detwa moun
Fòs yo se pete lobèy
Poutan y ap di
Anba drapo lapè a
Fok nou viv anpè.
Deviz yo se bare anwo
Bare anba
Limen kawotchou.

Nan plan destriksyon yo
Manman pèdi pitit
Madanm pèdi mari
Epi yo p ap wont pote kòb ale
Yo achte kadav tankou pwason pèpè

Jounalis tonbe,
Adye sila yo ki ale devan
Lò se pa katouch enkoni
Se machin ofisyèl
Yon sèl pawòl yon sèl koze:
Ankèt la ap rapouswiv.

Gade sa ki rive

Kilès ki te panse sa pral rive la
Se fòt nou tout
Si jodi n ap viv sou preskri blan meriken
Yon anbisyon pouvwa
Ki trennen nou nan fatra

Gade eta lari Potoprens
Pandan yon gwoup nèg kanpe sou filozofi
Rat pa kaka
Yon lòt kolonn menm
Grenn nan bouda
Epi se sou fatra chen mouri
Moun mouri n ap kalbanda

3 Avril 2000 - 3 Avril 2004
Quatre ans déjà.

Jean Léopold Dominique

Quatre ans
Depuis que tu n’es plus.
Quatre ans
Depuis que tu es parti
Vers des mers inconnues
Vers des terres sans détour.

Le combat pour la démocratie n’est pas mort
Hier encore tu viens de triompher.

Là où tu vis
On te dit sourd, muet et aveugle
Mensonge.

Hier encore le clairon a sonné
Hier encore c’était un matin
Un matin de fin de dictature
Un matin de mille neuf cent quatre vingt six
Un autre matin
Mais encore un matin de fin de dictature
Un matin de deux mille quatre.

Radio Haiti-Inter garde son silence
Mais je suis certain qu’elle n’est pas muette.

Hier encore tu combattais pour la démocratie,
Pour le respect des normes
Hier encore tu as triomphé.

Hier ton français était mélangé
Car tu ne négligeais pas ton peuple
De soixante-dix pour cent analphabètes.

Jean
Je me demande pourquoi tu n’es plus
Léopold
Je me demande pourquoi tu es parti
Dominique
Je me demande que fais-tu ?
Jean Léopold Dominique
Ton fou rire me manque
Ton discours mettait en confiance un peuple
Mais beaucoup était touché
Frappé car parmi eux
Il y avait ses trafiquants
Ses bluffeurs, ses magouilleurs.

Hier avril 2000
C’était un coup dur
Entre ses « hiers » dont je parle
Il y aura un aujourd’hui pour toi
Hier avril 2000
Tu es parti sans un au revoir
Hier avril 2001
L’enquête se poursuit
Hier avril 2002
L’enquête se poursuit
Hier avril 2003
L’enquête se poursuit
Demain
Avril 2004
Ton heure est proche.

Radio Haiti-Inter garde son silence
Mais je suis certain qu’elle n’est pas muette.

Un mois avant
Les journalistes fuyaient leur maison
Un mois avant
Je ne pouvais pas crier aba
Sans me faire « jando».

Hier démocratie a été présente
Hier vingt-neuf février deux mille quatre
Demain justice sera en allégresse
Demain Jean Dominique courage.

Tes assassins sont là
Un peu partout
Je ne les connais pas
Mais Dieu sait tout.

Léopold
Ton charme nous manque
Il y a ces paysans
Qui parlent de reforme agraire
Ton peuple ne t’oubliera jamais
De peu tu pouvais etre son homme
Mais tu es parti
Pour avoir dit non
A la médiocrité
A la tromperie.

Jean
Tu étais l’ami de cette masse défavorisée
Que l’autre Jean
A déjouée par de vilains discours.
Radio Haiti-Inter garde son silence
Mais je suis certain qu’elle n’est pas muette.

C’est ici que tout a débuté
Radio Haiti-Inter
C’est ici que tu es devenu homme
En recherchant la sagesse
En se mettant du coté des laissé pour contre
C’est ici que tu étais un homme comblé.

Toi n’avais pas de préjugé
Qui prônais la liberté,
Qui étais un ami de la démocratie
On a mis fin à tes jours
Mais pas à ton âme.

Ton âme vit encore
Hier démocratie a triomphé
Demain beaucoup seront ligotés.
Hier des trafiquants de drogue
Ont été écroués
Demain d’autres suivront
Pourquoi pas l’autre J…

Le combat de la démocratie n’est pas mort
Jean Léopold Dominique
Il viendra un jour
Où l’on rira ah ah ah
Yo pran yo.
Les assassins sont dans la ville.

Rèl Cri d’Espoir.

Atansyon mesye !

Demen
Se va petèt twò ta
Si nou pa goumen
Pou sa kaba
Nou ap kite bèl Ayiti a kraze
Pa gen save
Pou di ase.
Yon fwa defwa
Prezidan san fwa ni lwa
Mete diktati
Jodi fòk nou di non
Ak pouvwa lanfè.

Pale ak lòt peyi yo
Di yo
Ayiti pa m nan
Peyi m pa m
Pa vle anbago.
Nou vle fini ak lamizè
Rele anmwe dèyè lavichè.

Senkannsèt pouvwa drèt
Demil en pouwa trèt.
Ayiti pote tout chay
Sou po do l
Li trennen menm sida
Nan pakèt fado l.

Di mwen

Di mwen si se konsa
Lavi n dwe ye
È ske se toutan n ap viv
Chen manje chen ?
Kilò fòs fènwa va kaba
Ki jou rankin ak jalouzi
P ap mèt nou ?

Adye mouche lepresidan
Si ou pa fè travay ou.
Mesye lè minis
Sa pa ka pase konsa
Ki gouvènans nou vle ofri pè p mwen
Mesye lè depite e senatè
Ki lwa ki vote nan chanm nan ?
Ki ròl sena nan avni jistis la ?

Tout kote tèt anba
Chanm komès devan dèyè
D.G.I tèt anba
Edikasyon pèp la an degraba
Frè m ak sè m yo
Se twòp atò
D.G.I bisnis
Ladwann bisnis
Edikasyon nasyonal dan griyen
Pal è J istis patipri
Adye , se Ayiti ki prale.

Kot ekzanp n ap kite
Pou mwen ak frè m yo ?
Inivisitè anba bwa
Jenès la dlo nan je

Si nou refize m pran jodi
Kilès ka va anseye sa k dèyè
Nan ventan n a nan rekòmanse
Mesye demilkenz yo,
Dwèt sou bouch.
Nou k ap pale de alfabetizasyon
Pouki nou mete inivisite a tèt anba.

Adye kouzen m
Si nou pa wè ankò
Manman pa kriye
Si pitit ou tris
Si m pa fè l jodi
Demen se va pi rèd.
Kisa m pral di pitit mwen yo ?
È ske m ap refijye mwen L afrans
Pou m pa tounen ?
Men non, Ayiti se li ki pa m.
È ske peyi blan meriken
Va siye dlo k ap koule
Nan je m depi dig d antan ?
Frè m yo ale, sè m yo ale
Ala w onte
Pou ti zile sa a !

Di mwen senatè de lwès :
Ki sa ou te regle ?
Di mwen majistra :
Ki travay ou te fè pou komin nan ?
Di mwen minis finans :
Ki pwogrè ki fèt ?
E ou minis jistis , kisa ou regle ?
Dwèt sou bouch,
Laprès anba konprès
Etidyan nan mawon,
Senatè nan vann diri
Majistra nan vòlè seramik

Di mwen minis jistis
È ske ou pa koupab,
Minis ekonomi ak finans
Ki kote lit mas pèp ak boujwazi a ye ?
Ayisyen pa bouke pran kanntè
Di mwen di mwen
Si se konsa sa dwe ye
Tout moun dwèt sou bouch.

Ayiti

mwen ta renmen ekri
ekri tout sa k ap brase bil mwen
ekri tout bagay ki anmède m
pale de lanmou
pale de lapè
pale de lajistis.

mwen genyen yon diskou
mwen anvi fè
mwen genyen yon paj literati
m anvi pibliye

Ayiti ou ki se tout pou mwen
ou menm ki abite panse m
lespri m ak tout nanm mwen
kite mwen di ou sa mwen fou pou.
foli a tèlman rive lwen
mwen senyen pou ou deja.

nan yon ti tan
tou kout ki pa twò lwen
Bondye va kase tout chenn:
Chenn divizyon
Chenn grangou
Chenn laperèz

Bondye tande rèl mwen
depi desanzan
je peyi m bouche bare ak lasi
di m si se vre Granmèt
Yo di Ayisyen malpwòp.
mwen reve libète
men se nan vokabilè blan
sa chita
se nan ‘Petit larousse’
mo libète egziste
men se sou fèy papye
yo ban mwen sa.

mwen reve jistis
men se nan gwo liv jistis chita
se lajan ki bay sa nan reyalite
pa nan reyalite tout pèp
men nan reyalite peyi pa m.
Ravèt pa janm gen rezon douvan poul
se konsa lajistis peyi m ye

Se nou ki lakòz

sa m wè
m pa sa pale
gade tè Desalin nan
ki sou kontròl blan etranje.
Move politik
pase rèv nou anba pye
drapo etranje ap flote
sou zile Ayiti Toma.

Ayiti toma
se pa chans ou pa genyen
se pitit ou ki mete ou la.
yo te goumen pou sa
yo te vle sa a.

Gade lavi
Gade lavi k ap monte desann
Ou pa ta di
Lanp tèt gridap
Mèch li fini
Ki manke kerozenn
Ki pral etenn

Gade lavi
Gade lavi k ap fè miyanp miyanp
Ou pa ta di balenn
Van pral etenn.

Nan okazyon katriyèm anivèsè lanmò Pradèl Ponpilis, papa lèt ayisyèn yo.
27 fevriye 2000- 27 fevriye 2004, katran deja depi ou pati.

Pradèl ou kanpe lòt bò riv la

Pradèl ou kanpe lòt bò ri la
Ou koud bouch ou
Pandan y ap toufouni
Jenès ou a

Jenès ou te konn ekri ekzaltasyon l an
Jenès ki t ap viv
Anba kout plim ou
Nan chak liy ak entèliy
Paj kaye ou
Toukòm nan maj kaye ou.

Katran depi ou pati
Ondirè bèl lèt yo mouri
Entèlektyèl jounen jodi
Se lennmi leta, lennmi pouvwa
Yo trake nou
Bat nou
Maspinnen nou
Toufounen nou ak kout kòs fizi

Pa di m ou p ap tande
Pa di m ou pa wè
Nan peyi kote ou ye a
Gènlè se moun soud ki rete la
Mwen kwè ou tande rèl mwen
Kri pèp mwen
Kri entèlektyèl yo
Kri inivèsitè yo

Ou ki te mete sou pye
Ekòl Nòmal Siperyè
Se te pou ou fòme moun
Pwofesè, filozòf, nèg save
Ou pa t travay pou yon peyi
Kote se chimè
K ap fè e defè

Kote moun save ap viv nan kache
Pou evite lanmò
Gwo midi

Pradèl kote ou ye
M kwè ou ap tande
Pradèl kote ou ye
M kwè ou wè sa k ap pase
Ou genlè pa fè nouvèl
Paske ou pa di yon mo
Ou pa reponn

Kilès ki va ban nou fòs
Si nou pa tande yon vwa
Vwa pa ou
Ou ki se papa literati pa nou an
Ou ki se defansè jenès estidyantin nan

Sa ou di
Si chimè pran peyi a
Sa ou di
Si nèg save pa gen lavwa
Sa ou di
Si laperèz abite lespri nou
Sa ou di
Si pòt inivèsite yo fèmen

Vennsèt fevriye demil
Ou mete levwal
Ou pa t vle wè
Sa k ap pase jodiya
Ou pa t vle wè
Menm jan ak nou
Pòt Lekòl Nòmal ki fèmen
Pòt Syans Imèn ki fèmen

Ou pa t vle viv moman sa yo
San di eskiz
Ou mete van nan vwèl ou
Ou ale nan peyi san chapo
Ou kite yon jenès dlo nan je
Rèv ou tounen lafimen
Jenès ou an dèy
Maxim tonbe
Lopital Kanapevè
Pa gen plas ankò
Tout se lespwa peyi a
Tout se jenès ou renmen anpil la.

Mwen sonje «Hynme à la jeunesse» la
Si ou te la jounen jodi
Ou ta pran plim
Ou ta pran kaye
Ekri detwa bèl liy
Pou rekonfòte jenès la

Tonton Pradèl
Si ou tande klòch legliz la
Ap sonnen, se pa lamès
Son w etidyan ki pral antere
Yon lespwa ki ale
Vil la timid
Gwo sizè diswa limyè etenn
Etidyan nan kache
Pwofesè pa gen lapawòl.

Tanpri souple
Kote ou ye a
Voye yon ti mesaj pou nou
Korije ti pwezi mwen an
Di m kote mwen fèb
E fè m konnen si m ap rive

Gen tout yon jenès
K ap tann repons ou
Tout yon pèp
Ki lage nan lari a
Pa gen lekòl
Pa gen lamanjay
Bri zam anpeche nou dòmi
Men sa ki pi grav
Yon okipasyon ap pandye
Sou tèt nou aprè desan lane endepandans

Tout moun swaf pouvwa
Yo lage jenès la nan mera
Pa gen moun ki pou di ase
Zòrèy yo bouche
Ak gonm balèn
Pè Pradèl tande vwa m
Tanpri souple vini ede m

Ou ale se vre
Ou pati se vre
Men ou pa mouri
Ayè mwen t ap li ou ankò
Ou kite mond sansib la
Ou ap kòmante lavi
Ak zanmi ou yo
Nan mond entèlijb la
Yon ti repons
Sa p ap nwi ou di tou
Reponn mwen
Reponn jenès ou a

Di mwen kisa ou wè pou nou
Pale ak papa Bondye
Di li nou pa kapab ankò
Twòp san deja koule
Pa kite lespwa antere.

boule

 Viré monté