Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Lwa sou Kreyasyon Akademi Kreyol Ayisyen an:
Yon dokiman istorik

Lwa sou kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an soti nan pasay. 2 jiyè 2013, tou de branch nan Palman Ayisyen an vote kont objeksyon Prezidan Repiblik la te fè sou Lwa sa a. Tout Senatè ak tout Depite ki te prezan nan 2 seyans enpotan sa yo mande Prezidan an pou l pibliye lwa a jan Palman an te vote l la.

Dokiman sa a se yon dokiman istorik. Se premye fwa nan tout istwa peyi nou an Palman an vote yon lwa nan «Lang ki simante tout pèp ayisyen an». 

Dapre Konstitisyon an, sèl bagay ki rete pou fèt, se Prezidan an ki genyen pou poze so Repiblik la sou Lwa a epi bay lòd pou Jounal Ofisyel «Le Moniteur» pibliye li. Tout popilasyon an, tout sektè ki ap travay depi lontan pou lang nasyonal peyi nou an jwenn plas li nan sosyete a ak nan rejyon an ap tann Prezidan an.

Annatandan nou pibliye tèks lwa a pou tout moun ka konnen sa li genyen anndan li.

boule  boule  boule

REPUBLIQUE D'HAÏTI

Liberté         Égalité        Fraternité

CORPS LEGISLATIF

LOI No. : …………………………

LWA POU KREYASYON AKADEMI KREYOL AYISYEN AN

KONSIDERASYON

Lè nou konsidere atik 5, 24-3, 40, 213 Konstitisyon 1987 amande a;
Lè nou konsidere entwodiksyon Konstitisyon 1987 amande a;
Lè nou konsidere Sikilè 31 janvye 1987 Ministè Levasyon Nasyonal te voye nan tout lekòl pou montre kijan pou ekri kreyòl ayisyen an;
Lè nou konsidere reyalite lengwistik peyi dayiti kote tout popilasyon an pale kreyòl, konprann kreyòl epi viv tout lavi li an kreyòl;
Lè nou konsidere dwa popilasyon an genyen pou li viv nan lang li san rezèv kit se nan pale kit se nan ekri;
Lè nou konsidere pwoblèrn edikasyon nan peyi dayiti se yon baryè pou popilasyon ayisyen an -fè devlopman politik, ekonomik, sosyal peyi a;
Lè nou konsidere edikasyon ak alfabetizasyon popilasyon ayisyen an dwe fèt nan lang li;
Lè nou konsidere Leta dwe sèvi ak lang kreyòl la nan plizyè domèn tankou dornèn lasyans ak teknoloji;
Lè nou konsidere se responsablite Leta Ayisyen pou li asire pwogrè ak devlopman popilasyon ayisyen an nan tout sans;
Lè nou konsidere Leta ayisyen dwe veye pou tout enstitisyon prive kou piblik bay popilasyon ayisyen an sèvis nan lang kreyòl;
Lè nou konsidere Leta ayisyen gen responsablite pou li kreye enstitisyon ki pèmètt lang kreyòl la devlope pou fasilite entegrasyon tout popilasyon ayisyen an;
Lè nou konsidere nesesite pou Leta kreye Akademi Ayisyen an, ba li estati, misyon ak fonksyon li, jan Konstitisyon 1987 la mande li;
Lè nou konsidere Akademi Ayisyen an se yon enstitisyon nasyonal ki gen konpetans pou travay sou lang kreyòl la jan konstitisyon an mande li;
Lè nou konsidere Akademi Ayisyen an dwe garanti dwa lengwistik tout Ayisyen sou sa ki konsène lang kreyòl la;
Lè nou konsidere deklarasyon "Komite Inisyativ pou mete Akademi Ayisyen an kanpe" nan dat 28 oktòb 2010, ki mande kreyasyon akademi ayisyen an jan atik 213 Konstitisyon peyi a egzije l;
Lènou konsidere rezolisyon "Kòlòk Entènasyonal sou Akademi Ayisyen an`` nan dat 29 oktòb 2011, kote divès enstitisyon nan peyi a mete yo dakò sou wòl, òganizasyon ak fonksyonman Akademi Ayisyen an;
Lè nou konsidere ke yon Akademi Kreyòl Ayisyen ap fasilite aksè a konesans inivèsèl.

Pou tout rezon sa yo e -apre yon seri konsiltasyon avèk plizyè sektè enterese nan zafè sa a, prensipalman 'komite inisyativ pou mete kanpe Akademi Kreyol Ayisyen an", nou menm Senatè Jean William JEANTY, Westner POLYCARPE, Jean Maxime ROUMER, François Lucas SAINVIL, Simon Dieuseul DESRAS, Jean Baptiste BIEN AIME, Riche ANDRIS, Joseph Joël JOHN, Pierre Franky EXIUS nou pwopoze epi Kò Lejislatif vote lwa sa a:

TIT I

DISPOZISYON JENERAL

boule

CHAPIT I: NON AK SYEJ AKADEMI AN

Atik 1- Lwa sa a kreye "Akadcmi Kreyòl Ayisyen" an jan Konstitisyon 1987 amande amande 1 nan atik 213 ak 214-1.

Atik 2- Syèj ofisyèl Akademi Kreyòl Ayisyen an nan Pòtoprens. Konsey Akademisyen yo ka deside transfere li nenpòt kote sou teritwa nasyonal la si sa nesesè.

CHAPIT II: EST AT) AK MISYON AKADEMI AN

Atik 3- Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstitisyon leta. Li endepandan e li kouvri tout
peyi a. Li gen karaktè administratif, kiltirèl ak syantifik.

Atik 4- Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstitisyon leta ki gen konpetans pou li travay sou lang kreyòl la jan Konstitisyon 1987 amande l egzije l. Li la pou garanti dwa lengwistik tout Ayisyen sou tout sa ki konsène lang kreyòl la.

Atik 5- Akademi Kreyòl Ayisyen an se referans pou lang kreyòl la nan peyi dAyiti, kit nan pale, kit nan ekri, nan enstitisyon leta kou prive.

Atik 6-Akademi Kreyòl Ayisyen an gen pou li:
a) Pran tout dispozisyon pou tout enstitisyon leta kou prive fonksyone nan lang kreyòl la selon prensip, regleman ak devlopman lang nan;
b) Pran tout dispozisyon pou ankouraje enstitisyon ak moun k ap pwodui nan lang kreyòl la suiv prensip ak regleman lang nan;
ch) Pran tout dispozisyon pou ede popilasyon ayisyen an jwenn tout sèvis li bezwen nan lang kreyòl la.
d) Pran tout dispozisyon pou ede epi ankouraje tout biwo leta - kit se pouvwa egzekitif, kit se pouvwa legislatif kit se pouvwa jidisyè - respekte Konstitisyon an nan zafè lang.
e) Sèvi kòm referans pou lang kreyòl la pou tout sa ki konsène estandadizasyon lang nan kit se nan peyi dAyiti kit se nan lòt peyi kote Ayisyen yo tabli;
f) Fè tout sa ki nesesè pou Ayiti jwe wòl li kòm lidè nan monn kreyolofòn nan.
Atik 7-Akademi Kreyòl Ayisyen an granmoun tèt li devan Lajistis, li responsab tèt li nan zafè jesyon, administrasyon ak finans.

Atik 8- Leta' ayisyen dwe mete tout mwayen finansye ak tout resous nesesè pou Akademi
Kreyòl Ayisyen an fonksyone komsadwa,

Atik 9-" Akademi Kreyòl Ayisyen an gen dwa chèche lajan epi resevwa tout lòt kaliteresous li bezwen pou li fonksyone.

Atik 10- Akademi Kreyòl Ayisyen an ap jere finans ak resous li yo selon prensip kontablite piblik.

TIT II

TRAVAY AKADEMI AN

Atik 11- Akademi Kreyòl Ayisyen an genyen misyon pou li:

a) Fè tout sa ki nesesè pou ankouraje pwodiksyon nan lang kreyòl;
b) Ankouraje eksperyans pèp la ap fè nan dekouvèt, nan kreyasyon, nan pwodiksyon lap fè an kreyòl, kit se pwodiksyon oral, kit se pwodiksyon ekri;
ch) Fè tout sa ki nesesè pou fè kreyòl la gen bonjan reyonman ak prestij nan je popilasyon ayisyen an ak nan je lòt popilasyon yo;
d) Travay epi siveye pou gen relasyon ki byen balanse nan jan enstitisyon yo ap sèvi ak lang yo nan sosyete a;
e) Travay pou enstitisyon leta yo aplike Konstitisyon an nan piblikasyon tout dokiman ofisyèl yo nan lang kreyòl;
f) Fè pwopozisyon sou Fason moun kapab sèvi ak lang kreyòl la nan kominikasyon piblik nan peyi a.
g) Ankouraje travay sou devlopman zouti tankou gramè, diksyonè, leksik nan tout domèn;
h) Ankouraje travay sou pwogram fòmasyon teknik pou tout sektè ki bezwen fòmasyon avanse nan lang kreyòl;
i) Fè envantè tout moun k ap travay sou lang kreyòl ak espesyalis nan tout domèn k ap pwodui nan lang kreyòl;
j) Fè envantè pwodiksyon k ap fèt nan lang kreyòl ak pwodiksyon sou lang kreyòl anndan peyi a kou deyò;
k) Ankouraje epi pwopoze bonjan travay rechèch sou tang kreyòl la;
I) Travay pou enstitisyon rejyonal yo sèvi ak lang kreyòl la pou entegrasyon popilasyon kreyolofòn yo.

Atik 12 - Nan akonplisman misyon li, Akademi Ayisyen an genyen pou li:
a) Bay rekonesans piblik, rezilta rechèch ak, tout travay ki fèt sou lang kreyòl la tankou envantè, diksyonè, travay sou sentaks, tèminoloji, leksik, fonoloji, regleman sou otograf ak lòt zouti enpòtan pou lang nan;
b) Bay rekòmandasyon sou ankèt ak travay ki dwe fèt sou lang kreyòl la tankou envantè, diksyonè, travay sou sentaks, tèminoloji, leksik, fonoloji, regleman sou òtograf lang nan, ak lòt zouti enpòtan pou lang nan;
ch) Bay konsiltasyon epi sèvi referans sou sa ki konsène lang kreyòl la;
d) Bay rekòmandasyon ki nesesè sou jan pou yo sèvi ak lang kreyòl, epi sou travay ki dwe fèt pou lang kreyòl la kontinye sèvi popilasyon ayisyen an nan dekouvèt, nan kreyasyon, nan pwodiksyon oral oswa ekri;
e) Pran desizyon ki nesesè sou sa ki konsène misyon Akademi Kreyòl Ayisyen an.

TIT III

OGANIZASYON AKADEMI KREYOL AYISYEN AN

CHAPIT I

Atik 13- Akademi Kreyòl Ayisyen an ap fonksyone ak kat (4) ògan:
a) Yon Konsèy Akademisyen;
b) Yon Konsèy Administrasyon;
ch) Yon Konsèy Konsiltatif;
d) Yon Sekretarya Egzekitif

Seksyon 1: Misyon ak travay Konsey Akademisyen an

Atik 14- Konsèy Akademisyen an se pi gwo otorite Akademi Kreyòl Ayisyen an. Se li ki dwe bay oryantasyon pou Akademi an fonksyone kòmsadwa.

Atik 15-. Konsèy Akademisyen an gen pou li:
a) Defini politik jeneral Akademi an;
b) Fè eleksyon pou chwazi manm Konsèy Administrasyon yo;
ch) Pran desizyon kraze Konsèy Administrasyon an si sa ta nesesè apre dizon 2/3 nan Konsèy Akademisyen an;
d) Konvoke Konsèy Administrasyon an pou mande li rann kont sou travay l ap fè.

Souseksyon 1.1- Fonksyonman Konsèy Akademisyen 'an

Atik 16- Konsèy Akademisyen an reyini chak ane nan seyans odinè sou envitasyon Konsèy Administrasyon an, epi nan seyans ekstwòdinè chak fwa sa nesesè.

Atik 17- Konsèy Akademisyen an kapab pran desizyon komsadwa lè 2/3 pou piti nan manm li yo prezan nan seyans lan. Si yo pa jwenn kowòm, Konsèy Akademisyen an ap reyini nan yon delè 15 jou fran. Si apre de (2) seyans·yo pa rive jwenn kowòm, Konsèy Akademisyen an kapab pran desizyon kelkeswa kantite manm li ki prezan.

Atik 18- Pou yon desizyon nan Konsèy Akademisyen an pase, fòk majorite manm ki prezan nan seyans lan vote pou li (sa vle di mwatye manm konsèy Akademisyen an plis youn).
Souseksyon 1.2: Kondisyon, kantite, reprezantasyon ak manda Akademisyen an.

Atik 19- "Akademisyen " se yon tit onorifik. Moun ki gen tit "Akademisyen' p ap travay
pou lajan, li pa gen salè, jan atik 214 Konstitisyon 1987 amande a mande li.

Atik 20- Pou yon moun vin gen tit Akademisyen, li dwe:
a) Ayisyen, fi kou gason;
b) gen 40 lane pou pi ;
ch) ap jwi dwa sivil ak politik li, epi li pa gen pwoblèm ak lajistis;
d) moun ki travay, ki fè rechèch nan lang kreyòl la osnon sou lang kreyòl la; ki pwodui an kreyòl osnon sou lang kreyòl bon jan travay ki gen bon jan valè pou avansman ak devlopman lang kreyòl la;
d) moun sosyete a deja rekonèt zèv li ap fè pwomosyon pou avansman Lang kreyòl la.

Atik 21- Kantite Akademisyen yo nan Akademi Kreyòl Ayisyen an se 33 pou pi piti, 55 pou pi plis.

Atik 22- Akademisyen yo ap soti toupatou nan peyi a nan tout domen. Se enstitisyon ki ap travay sou lang kreyòl la k ap pwopoze moun sa yo.

Atik 23- Se enstitisyon ki fòme " Komite Inisyativ pou mete Akademi Kreyol Ayisyen an kanpe" ak enstitisyon ki te aktif nan oganize Kolòk oktòb 2011 lan, k ap gen pou chwazi
premye manm yo nan lis yo va resevwa. Enstitisyon sa yo se:

  • Inivèsite Leta d Ayiti,
  • Ministè levasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl;
  • Ministè Kilti;
  • Fakilte Lengwistik Aplike (FLA);
  • Jounal Bon Nouvèl,
  • Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen;
  • Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS).

Atik 23-1 Se Konsèy Akademisyen an ki ap genyen pou chwazi lòt manm ki pou rantre yo.

Atik 24- Akademisyen yo kapab soti nan nenpot sektè, nan nenpòt kote nan peyi a, depi yo respekte kondisyon ki nan atik 20 an.

Atik 25- Yon moun Akademisyen pou lavi diran, tout Akademisyen se manm Konsèy
Akademisyen an. Yon Akademisyen pèdi tit li lè li pèdi dwa sivil ak politik li, lè li pa
respekte prensip etik Akademi an tabli.

Atik 26- Si yon Akademisyen demisyone, oubyen mouri, oubyen gen gwo pwoblèm sante ki fè li pa ka fonksyone, Konsèy Akademisyen an ap gen pou ranplase l dapre regleman entèn Akademi an.

Atik 27- Konsèy Akademisyen an ap tabli Regleman fonksyonman entèn li ak yon Kòd etik li jan lalwa mande li.

Seksyon 2: Misyon.fonksyonman ak travay Konsèy Administrasyon an

Atik 28- Konsèy Administrasyon fòme ak sèt (7) Akademisyen ki soti nan eleksyon ki fèt
anndan Konsèy Akademisyen yo. Manm Konsèy Administrayon an p ap travay pou lajan
men yo va genyen prim pou reyinyon.

Atik 29- Konsèy Administrasyon an sèvi entèmedyè ant- Konsèy Akademisyen an ak Sekretarya Egzekitif la.

Atik 30- Konsèy Administrasyon an gen pou li:
a) Bay oryantasyon estratejik;
b) Apwouve plan Aksyon Sekretarya Egzekitif la;
ch) Apwouve bidjè Akademi an selon bezwen chak sèvis;
d) Sanksyone rapò Sekretarya Egzekitif la;
e) Bay dizon li sou regleman entèn Akademi an;
t) Pran tout kalite mezi pou asire bon fonksyonrnan Akademi an;
g) Prezante rapò travay li bay Konsèy Akademisyen an.

Atik 31- Konsèy Administrasyon an gen pou li reyini chak twa (3) mwa. Nan denye reyinyon pou lane a, li ap envite reprezantan twa pouvwa yo (egzekitif, lejislatif, jidisye) kòm obsèvatè.

Seksyon3: Konposizyon ak wòl konsèy konsiltatif la

Atik 32- Konsèy Konsiltatif la ap gen de (2) kalite manm: yon ekip espesyalis ayisyen kou etranje ki reprezante divès rejyon, yon ekip moun ki reprezante divès enstitisyon sosyal. Tout se moun ki ap travay pou pwomosyon lang kreyòl nan tout kominote nan peyi a tankou nan peyi etranje.

Atik 33 - Wòl Konsèy Konsiitatif la se bay Konsey Administrasyon an dizon li sou travay ekip teknik la, sou kijan Akademi an ap mache, sou oryantasyon Akademi an.

Atik 34- Se Konsèy Akademisyen an ki chwazi manm Konsèy Konsiltatif la sou baz nivo eksperyans yo nan domèn travay yo ak nan pwodiksyon nan lang kreyòl la.

Seksyon 4: Misyon, konpozisyon ak travay Sekretarya Egzekitif la

Atik 35- Sekretarya Egzekitif la se ògan egzektif Akademi Kreyol Ayisyen an.

Atik 36- Misyon Sekretarya Egzekitif la se asire jesyon estratejik Akademi an an pèmanans.

Atik 37- Sekretarya Egzekitif la gen yon Sekretè egzekitif ki gen divès sèvis teknik sou responsablite li.

Atik 38- Aksyon Sekretarya Egzekitif la angaje Akademi an devan lajistis.

Atik 39- Sekrete Egzekitif la ap reponn devan Lajistis pou Akademi an.

Atik 40- Travay Sekretarya Egzekitif la se:
a) Asire jesyon ak bon fonksyonman Akademi an;
b) Fè pwopozisyon bay Konsèy Administrasyon an sou jan pou yo sèvi ak bidjè Akademi an selon bezwen chak sèvis;
ch) Asire nominasyon pèsonèl Akademi an;
d) Asire aplikasyon rezolisyon ak desizyon Konsèy Administrasyon an;
e) Mande Konsèy Administrasyon an pou òganize seyans ekstwodinè si sa nesesè;
f) Reprezante Akademi an nan peyi a tankou nan lòt peyi;
g) Tabli rapò ak lòt enstitisyon depi sa nesesè;
h) Patisipe nan reyinyon Konsèy Administrasyon an, men li p ap gen dwa vote.

Atik 41- Sekretarya Egzekitif la ap monte divès seksyon ak sèvis pou asire fonksyonman Akademi an.

CHAPIT II: OGAN PIBLIKASYON

Atik 42- Akademi Kreyòl Ayisyen an kreye yon ògan piblikasyon ki rele 'Bilten Akademi Kreyòl la"
"Bilten Akademi Kreyòl la' ap sèvi pou pibliye ansanm dispozisyon, rezolisyon ak desizyon Akademi an pran sou lang kreyòl ayisyen an.

Atik 43- "Bilten Akademi Kreyòl la" ap parèt yon fwa chak ane.
Konsèy Akademisyen an ka deside fè piblikasyon espesyal si sa nesesè.

TIT IV

RELASYON AKADEMI NA AK LOT ENSTITISYON LET A YO

Atik 44- Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstitisyon ki transvèsal, se pou sa li ap gen pou li tabli akò kolaborasyon ak tout ministè ki gen yon wòl pou yo jwe nan travay Akademi an.

Atik 45- Desizyon Akademi Kreyòl Ayisyen an pran ap pibliye nan jounal Monitè, nan Bilten Akademi an epitou Laprimati ap mete yo sou fòm sikilè pou tout administrasyon piblik la.

Atik 46- Chak lane, Akademi Kreyòl Ayisyen an ap fè yon rankont travay ak chak pouvwa yo separeman: youn ak Palman an, youn ak Pouvwa Jidisyè a epi yon lòt la ak Pouvwa Egzekitif la sou travay yo fè pandan lane a, pou pataje satisfaksyon ak pwoblèm yo genyen - youn pa rapò ak lòt - epi pou diskite sou bidjè Akademi an.

TIT V

DISPOZISYON TRANZITWA

Atik 47- Akademi Kreyòl Ayisyen an gen pou li veye:
a) Pou tout fonksyonè leta jwenn fòmasyon nan lang kreyòl, nan yon delè 3 lane;
b) Pou tout lwa yo tradui nan lang kreyòl nan yon delè ki pa depase 3 lane;
ch) Pou Palman an vote tout lwa yo ni an kreyòl ni an franse nan yon delè 6 mwa;
c) Pou Leta pran angajman pou tout anplwaye li yo ak tout administrasyon li yo kapab fonksyone nan lang kreyòl.

TIT VI

DISPOZISYON FINAL

Atik 48 - Lwa sa a anile tout Lwa ak Dispozisyon  Lwa, tout Dekrè Lwa ak Dispozisyon
Dekrè Lwa, tout Dekrè ak Dispozisyon Dekrè ki depaman ak li.

Atik 49 - Lwa sa a gen pou pibliye epi pou aplike san pedi tan sou tout teritwa nasyonal la.

Vote nan Sena Repiblik la, jou ki lendi 10 desanm 2012, nan 209èm ane Endepandans lan.

Simon Dieuseul DESRAS
Prezidan

                      Steven Irvenson BENOIT                                                           Joseph Joel JOHN
                      Premye Sekretè                                                                              Dezyèm Sekretè

boule

Vote nan Chanm Depite a, jou ki madi 23 avril 2013 210èm ane Endepandans lan.

 

Jean Tolbert ALEXIS
Prezidan

                      Gluck THEOPHILE                                                                                 Ogline PIERRE
                      Premye Sekretè                                                                                        Dezyèm Sekretè

boule  boule  boule

boule

 Viré monté