Ayiti
 
Poèmes
 
Johnny BELIZAIRE
 

 

Gad Ayiti
Gad Ayiti k ap bayila
nan rèv A merik la
Ayè nou te grenadye
jodi y a nou se va-nu-pied
venteyen kout fwèt kach
trannsis son lanbi
mete zonbi yo nan lari
tout bagay lakay gentan krach
Kwi nan men n ap mande
lè se pa lòbi , se pote tèt ale
Ki jou ki lè nan ki ane
Ayiti ap sispann mande ?
Y o pete zizye l
defesiye l
kreve je l
imilye l
maltrete l
dekostobre l
Ayiti radi twòp
jounen jodi li vin malpwòp
Ayisyen mandyan
souflantchou, agranman
Yon kolonn non
N ap trennen depi lakoloni
tonbe nan lendepandans zonbi
Ayiti chaje ak non :
Ayiti
Kiske ya Boyo
Ayiti T oma
Ayiti m bwè pwa
Tout wout lakay mennen non w sèl chimen
pase anwo pase anba
N ap kontre nan kalfou lafen
Ayiti , to n nè boule m pitit ! O u ki m è t ou nan sa.

8.6.2004
 

Nou mele vre
Se pa pwofesi
Se radote nou radote twòp
Solèy peyi m pa pi dous pi bon
Men mizè vil mwen
Pi rèd pi lèd

Pa pèdi tan nou rele Danmbala
Li p ap reponn e li pa t janm konn reponn
Gade m nan je frè m
Di m ou renmen m se sèl chans nou genyen

M pa fin al kwè twòp nan Bondye
Paske vwazen m gen pou deviz
«In God we trust»
Poutan l ap kreve je Irakyen yo

Pa di m nou pa konprann
Nou rete bèkèkè
Je nou anlè n ap gade elikoptè
Blan meriken nan syèl yon pèp ki pèdi gou lavi l

Tris gad jan sa tris
Ti Mari pa ka fè mache
Ti kòb la twò piti
Lwil pat tomat andui
Pa rete kòb ankò
Chabon poko menm ko achte

Lavi monte bwa
Lavichè rantre nan kalson nou
Ayiti ki jou kilè
Limyè lavi va limen
Lavichè va tenyen.

M te reve yon jou m t ap viv ere
Men m pa t reve kenbe men frè m nan
M tande blan k ap di m
«What’s your name»
M touse dyòl mwen
Se pa sa m te vle tande
Pouki li pa t di m
«Are you dirty?»
M ta p reponn li: mwen swaf libète

Yenki yo tounen nan kòm ankò
Sa yo pote nan djakout yo
Phelps, nou fenk kare wè
Si Philoctète te la li ta di:

Chak dis lane
Yo ofri m blan etranje
Pou rezoud pwoblèm mwen
Poutan solisyon an nan men Ayisyen deja

M al pou de
Philoctète te gentan pran de
Politisyen di m konbyen ki rete
Okipasyon pouki se mwen

28/05/2004
 

Toutes les rues de ma ville sont piégées
Yon vil lavi tchipe
Yon vil san eskiz
Yon vil chaje ak paspouki

La ville a-t-elle un centre ?

anba lavil moun sou moun
bèt sou moun
moun sou bèt
machann manje kwit
pil fatra, yon kadav nan chak kwen.

Yon pèp ki pèdi gou lavi
ki gon w sèl priyè :
St Washington resevwa m lakay ou.

Danmbala, O gouferay, A gwètò
Senjak Majè , V y èj Altagras, Pè L etènèl
Nou chak rele youn
Men FMI ap depatcha nou tout.

Yon peyi kote pèp la  chita sou  ti chèz ba l
mizè l ap ogmante
soufrans li ap miltipliye
Tout moun ap plenn.

 Atoufè, zenglendo, chimè fè mikalay
 Yon sistèm kou pou kou
 Vyolans, vanjans.
 Politisyen mande anraje

O patri ! K onbyen ki tonbe nan non ou ?
Ki jou jistis ap an vòg
Pou demokrasi jwenn plas li nan sosyete a ?
M bouke tande aba
Paske depi dizuisan m bliye
Politisyen pa janm chanje sistèm nan

Yon vil lavi tchipe
Yon vil san eskiz
Yon vil chaje ak paspouki
Retire kò w ban m mete pa m
 
Sò pèp la pa janm chanje
Ayiti fèk koumanse konte viktim
Ondirè pou Ayiti p ap gen landemen miyò

Vil mwen tris
Dlo nan je l pa janm seche
Yon pouvwa ki konstwi sou san
Gade m gade m nan je
Di m bay manti
Desan lane nou gaspiye
Nan wete ranplase mete enbesil sou pouvwa

Nèg yo gen ambisyon foli
Aba X viv Y menm kout baton
Ayiti pi danjere, vil mwen pi tris

Pòtoprens ou nan d ò mi
Ayiti reveye ou
Yo pale twò mal de ou.

Yon vil la vi tchipe
Yon vil san eskiz
Yon vil chaje ak pa pouki

Haïti quand viendra le jour
Où tes fils seront unis
Où  le bleu et rouge flottera
Avec prestige et Honneur
Dans le ciel des Héros de Vertières

 O Haïti, unique pays de mes rêves
Dont la misère de ses fils affecte mon cœur
Qu'un jour tes fils de partout
Se rallient et fassent de toi une nation.

Pòtoprens vil pa m nan
Mwen vle rete fidèl a ou
Lè sa bon e lè sa pa bon
Pou lespri nasyonalis la briye
Nan mitan yon pèp ki vle chanje lavi l.

O lelit
Sispann kenbe pèp la nan lesklavaj
Ann resepekte La Dessalinienne nan
«Pour le pays et pour nos p è res
Formons des fils libre fort et prosp è res. »

Toutes les rues de ma ville sont piégées
Yon elit ki betize
Rezilta Ayiti dlo nan je.
 

Pòtoprens, ou pa manke lèd !
Pòtoprens, ou pa manke lèd
Pòtoprens, figi ou blaze
Pòtoprens, reveye ou nan mitan mò yo !
M desann anba lavil
Eta lari Pòtoprens
Se bagay ki pou mete dlo nan je nou
Lari a lèd
Lari a sal
Fatra pil sou pil
Po tanmpiko
Bwat jina
Ata mò

Mwen sonje
Premye jou m te wè
Se kòmsi se te ayè
Jou maten katòz janvye
Milnèfsan katrevenkat
Li te inè dimaten
Potoprens aprè ven lane
Gade, di m se pa vre
Fatra ap yayad kò yo
Douvan kou dèyè Lopital Jeneral

Pòtoprens jounen jodi
Ou ta di timoun ki fè malnitrisyon
Ou ta di yon demwazèl figi blaze
Anba tifoyid malarya

Pòtoprens, wouch, ala lèd !
Lasalin pak an pak
Bèlè tchak tchak
Bèlè, ou menm wi
Bèlè katye entèlektyèl la

Pòtoprens, sa ki pase ou ?
Ou ta di tout alantou Stade Silvyo Cator son w ravin
Ri Monseigneur Guilloux
Ri Oswal Durand
Pòtoprens kite m ale tande
Politisyen rale sou kò nou tande
Lòbèy la gen pou pete.
 

Pwofèt la te pale
Mwen sonje
Defen Titòm te di
Pòtoprens gen pou tounen yon kalvè
Lavi a gen pou fè n grimas gwo midi.

Pawòl sa yo
Pa t fè pyès moun plezi
Yon bann politisyen demagòg
Te wè Titòm merite lanmò.

Jou eleksyon rive
Titòm pran lari
Li tankou yon moun fou
L ap rele «anmwe anmwe»

Anpil moun pran pawòl pwofèt la
Pou bagay rans
Sa ki lakòz lò jou a rive
Lavalas desann li bare yo nan lari.

Pwofèt la te pale
Men yo pa t koute l.
Se vre lavalas la desann
Pawòl la te pale
Pawòl la simaye
Ayiti tounen yon kalvè
Pòtoprens son w lanfè.

Mache nou mache
Se fatra, rigòl dlo sal
Se labou, se mò ki nan tout lari.

Yon lari ki santi
Odè simityè
Odè latrin
Yon lari ki gen gou san.

Mò pa gen plas nan simityè
Bawon Sanmdi pèdi djòb li
Lougawou pèdi grad
Bann sanpwèl pa ka pran lari
Zam fann fwa sèl kòk chante.

Lari Pòtoprens tounen simityè
Pòtoprens ayè
Se pa Pòtoprens jodi
Kanson fè antere
Gwo loray tonbe
Defen Titòm te di sa pral rive
Lavalas ayè konvèti
Son w pati pèp k ap lite
Son w konvèjans
Pòtoprens tounen yon kalvè
Lavi ap fè n grimas gwo midi.

Sa k ta di sa
Jouk jounen jodi
Kochon ap kalbanda nan lari Pòsmachan
Sa ki rete pou yo devan palè ou pa konnen.

Tout moun bezwen pouvwa
Si yo pa leta
Yo pa ka ede.
Lò yo rive sa menm
Anyen yo p ap regle
Sinon fè malèt yo pou letranje.

Mwen sonje defen Titòm
Si li te la jodi a
Li ta di m sa blan meriken vin regle.

Ayiti podyab o
Ala kote gen chans pou gen devenn.
Pòtoprens pongongon
Nan tout rakwen se moun mouri
Zonbi pa flannen ankò
Dyab rasyal sispann manje moun
Se atoufè sanginnè
k ap blayi moun gwo midi
   

Se jodi
Se jodi, granpè m t ap tande menm pawòl sa yo
Papa m pa ka di lekontrè
Yon bann pwomès ki pa janm rive kenbe
Desan lane depi n ap lonje bòl nou ale

Konbyen ki wè jou apre nou
Konbyen nou te goumen pou yo
Jodi nou nan ke kamyonèt la.
Nou te kriye aba lesklavaj
Nou te rele anmwe anmwe
Bondye kreye n lib fò n viv lib
Epi jodi nou vann libète a
Pou yon viza, pou de biyè vèt

Se pa lendepandans k ap kale n
Se dirijan mabouya
Anbisye, souflantchou
K ap pliche n.
Nou te kwè nan pawòl. .
Nou te mize sou moun
Konbyen kite panse entèl pral chanje sa a
Gade tout se te rans.

M pa kwè nan politik krim
Nan tanbou dividal bouda
Nan nèg ki di yo se lidè pèp.
Ki lidè,
Ki pèp.
Ala ti pèp gen bon do.

Yo ofri granmoun chans pou konn li ak ekri
Se byen, men jenès la pa ka al lekòl.
Pou asire lakontinyite
Nèg yo menm vle touche kè nou
Ki chita nan jete bilten
Yo bay lajan pou achte konsyans detwa moun
Fòs yo se pete lobèy
Poutan y ap di
Anba drapo lapè a
Fok nou viv anpè.
Deviz yo se bare anwo
Bare anba
Limen kawotchou.

Nan plan destriksyon yo
Manman pèdi pitit
Madanm pèdi mari
Epi yo p ap wont pote kòb ale
Yo achte kadav tankou pwason pèpè

Jounalis tonbe,
Adye sila yo ki ale devan
Lò se pa katouch enkoni
Se machin ofisyèl
Yon sèl pawòl yon sèl koze:
Ankèt la ap rapouswiv.
 

Gade sa ki rive
Kilès ki te panse sa pral rive la
Se fòt nou tout
Si jodi n ap viv sou preskri blan meriken
Yon anbisyon pouvwa
Ki trennen nou nan fatra

Gade eta lari Potoprens
Pandan yon gwoup nèg kanpe sou filozofi
Rat pa kaka
Yon lòt kolonn menm
Grenn nan bouda
Epi se sou fatra chen mouri
Moun mouri n ap kalbanda
 

3 Avril 2000 - 3 Avril 2004
Quatre ans déjà.
Jean Léopold Dominique
Quatre ans
Depuis que tu n’es plus.
Quatre ans
Depuis que tu es parti
Vers des mers inconnues
Vers des terres sans détour.

Le combat pour la démocratie n’est pas mort
Hier encore tu viens de triompher.

Là où tu vis
On te dit sourd, muet et aveugle
Mensonge.

Hier encore le clairon a sonné
Hier encore c’était un matin
Un matin de fin de dictature
Un matin de mille neuf cent quatre vingt six
Un autre matin
Mais encore un matin de fin de dictature
Un matin de deux mille quatre.

Radio Haiti-Inter garde son silence
Mais je suis certain qu’elle n’est pas muette.

Hier encore tu combattais pour la démocratie,
Pour le respect des normes
Hier encore tu as triomphé.

Hier ton français était mélangé
Car tu ne négligeais pas ton peuple
De soixante-dix pour cent analphabètes.

Jean
Je me demande pourquoi tu n’es plus
Léopold
Je me demande pourquoi tu es parti
Dominique
Je me demande que fais-tu ?
Jean Léopold Dominique
Ton fou rire me manque
Ton discours mettait en confiance un peuple
Mais beaucoup était touché
Frappé car parmi eux
Il y avait ses trafiquants
Ses bluffeurs, ses magouilleurs.

Hier avril 2000
C’était un coup dur
Entre ses « hiers » dont je parle
Il y aura un aujourd’hui pour toi
Hier avril 2000
Tu es parti sans un au revoir
Hier avril 2001
L’enquête se poursuit
Hier avril 2002
L’enquête se poursuit
Hier avril 2003
L’enquête se poursuit
Demain
Avril 2004
Ton heure est proche.

Radio Haiti-Inter garde son silence
Mais je suis certain qu’elle n’est pas muette.

Un mois avant
Les journalistes fuyaient leur maison
Un mois avant
Je ne pouvais pas crier aba
Sans me faire « jando».

Hier démocratie a été présente
Hier vingt-neuf février deux mille quatre
Demain justice sera en allégresse
Demain Jean Dominique courage.

Tes assassins sont là
Un peu partout
Je ne les connais pas
Mais Dieu sait tout.

Léopold
Ton charme nous manque
Il y a ces paysans
Qui parlent de reforme agraire
Ton peuple ne t’oubliera jamais
De peu tu pouvais etre son homme
Mais tu es parti
Pour avoir dit non
A la médiocrité
A la tromperie.

Jean
Tu étais l’ami de cette masse défavorisée
Que l’autre Jean
A déjouée par de vilains discours.
Radio Haiti-Inter garde son silence
Mais je suis certain qu’elle n’est pas muette.

C’est ici que tout a débuté
Radio Haiti-Inter
C’est ici que tu es devenu homme
En recherchant la sagesse
En se mettant du coté des laissé pour contre
C’est ici que tu étais un homme comblé.

Toi n’avais pas de préjugé
Qui prônais la liberté,
Qui étais un ami de la démocratie
On a mis fin à tes jours
Mais pas à ton âme.

Ton âme vit encore
Hier démocratie a triomphé
Demain beaucoup seront ligotés.
Hier des trafiquants de drogue
Ont été écroués
Demain d’autres suivront
Pourquoi pas l’autre J…

Le combat de la démocratie n’est pas mort
Jean Léopold Dominique
Il viendra un jour
Où l’on rira ah ah ah
Yo pran yo.
Les assassins sont dans la ville.

Rèl Cri d’Espoir.
 

Atansyon mesye !
Demen
Se va petèt twò ta
Si nou pa goumen
Pou sa kaba
Nou ap kite bèl Ayiti a kraze
Pa gen save
Pou di ase.
Yon fwa defwa
Prezidan san fwa ni lwa
Mete diktati
Jodi fòk nou di non
Ak pouvwa lanfè.

Pale ak lòt peyi yo
Di yo
Ayiti pa m nan
Peyi m pa m
Pa vle anbago.
Nou vle fini ak lamizè
Rele anmwe dèyè lavichè.

Senkannsèt pouvwa drèt
Demil en pouwa trèt.
Ayiti pote tout chay
Sou po do l
Li trennen menm sida
Nan pakèt fado l.
 

Di mwen
Di mwen si se konsa
Lavi n dwe ye
È ske se toutan n ap viv
Chen manje chen ?
Kilò fòs fènwa va kaba
Ki jou rankin ak jalouzi
P ap mèt nou ?

Adye mouche lepresidan
Si ou pa fè travay ou.
Mesye lè minis
Sa pa ka pase konsa
Ki gouvènans nou vle ofri pè p mwen
Mesye lè depite e senatè
Ki lwa ki vote nan chanm nan ?
Ki ròl sena nan avni jistis la ?

Tout kote tèt anba
Chanm komès devan dèyè
D.G.I tèt anba
Edikasyon pèp la an degraba
Frè m ak sè m yo
Se twòp atò
D.G.I bisnis
Ladwann bisnis
Edikasyon nasyonal dan griyen
Pal è J istis patipri
Adye , se Ayiti ki prale.

Kot ekzanp n ap kite
Pou mwen ak frè m yo ?
Inivisitè anba bwa
Jenès la dlo nan je

Si nou refize m pran jodi
Kilès ka va anseye sa k dèyè
Nan ventan n a nan rekòmanse
Mesye demilkenz yo,
Dwèt sou bouch.
Nou k ap pale de alfabetizasyon
Pouki nou mete inivisite a tèt anba.

Adye kouzen m
Si nou pa wè ankò
Manman pa kriye
Si pitit ou tris
Si m pa fè l jodi
Demen se va pi rèd.
Kisa m pral di pitit mwen yo ?
È ske m ap refijye mwen L afrans
Pou m pa tounen ?
Men non, Ayiti se li ki pa m.
È ske peyi blan meriken
Va siye dlo k ap koule
Nan je m depi dig d antan ?
Frè m yo ale, sè m yo ale
Ala w onte
Pou ti zile sa a !

Di mwen senatè de lwès :
Ki sa ou te regle ?
Di mwen majistra :
Ki travay ou te fè pou komin nan ?
Di mwen minis finans :
Ki pwogrè ki fèt ?
E ou minis jistis , kisa ou regle ?
Dwèt sou bouch,
Laprès anba konprès
Etidyan nan mawon,
Senatè nan vann diri
Majistra nan vòlè seramik

Di mwen minis jistis
È ske ou pa koupab,
Minis ekonomi ak finans
Ki kote lit mas pèp ak boujwazi a ye ?
Ayisyen pa bouke pran kanntè
Di mwen di mwen
Si se konsa sa dwe ye
Tout moun dwèt sou bouch.
 

Ayiti
mwen ta renmen ekri
ekri tout sa k ap brase bil mwen
ekri tout bagay ki anmède m
pale de lanmou
pale de lapè
pale de lajistis.

mwen genyen yon diskou
mwen anvi fè
mwen genyen yon paj literati
m anvi pibliye

Ayiti ou ki se tout pou mwen
ou menm ki abite panse m
lespri m ak tout nanm mwen
kite mwen di ou sa mwen fou pou.
foli a tèlman rive lwen
mwen senyen pou ou deja.

nan yon ti tan
tou kout ki pa twò lwen
Bondye va kase tout chenn:
Chenn divizyon
Chenn grangou
Chenn laperèz

Bondye tande rèl mwen
depi desanzan
je peyi m bouche bare ak lasi
di m si se vre Granmèt
Yo di Ayisyen malpwòp.
mwen reve libète
men se nan vokabilè blan
sa chita
se nan ‘Petit larousse’
mo libète egziste
men se sou fèy papye
yo ban mwen sa.

mwen reve jistis
men se nan gwo liv jistis chita
se lajan ki bay sa nan reyalite
pa nan reyalite tout pèp
men nan reyalite peyi pa m.
Ravèt pa janm gen rezon douvan poul
se konsa lajistis peyi m ye

Se nou ki lakòz
sa m wè
m pa sa pale
gade tè Desalin nan
ki sou kontròl blan etranje.
Move politik
pase rèv nou anba pye
drapo etranje ap flote
sou zile Ayiti Toma.

Ayiti toma
se pa chans ou pa genyen
se pitit ou ki mete ou la.
yo te goumen pou sa
yo te vle sa a.

Gade lavi
Gade lavi k ap monte desann
Ou pa ta di
Lanp tèt gridap
Mèch li fini
Ki manke kerozenn
Ki pral etenn

Gade lavi
Gade lavi k ap fè miyanp miyanp
Ou pa ta di balenn
Van pral etenn.

 
Nan okazyon katriyèm anivèsè lanmò Pradèl Ponpilis, papa lèt ayisyèn yo.
27 fevriye 2000- 27 fevriye 2004, katran deja depi ou pati.
 

Pradèl ou kanpe lòt bò riv la
Pradèl ou kanpe lòt bò ri la
Ou koud bouch ou
Pandan y ap toufouni
Jenès ou a

Jenès ou te konn ekri ekzaltasyon l an
Jenès ki t ap viv
Anba kout plim ou
Nan chak liy ak entèliy
Paj kaye ou
Toukòm nan maj kaye ou.

Katran depi ou pati
Ondirè bèl lèt yo mouri
Entèlektyèl jounen jodi
Se lennmi leta, lennmi pouvwa
Yo trake nou
Bat nou
Maspinnen nou
Toufounen nou ak kout kòs fizi

Pa di m ou p ap tande
Pa di m ou pa wè
Nan peyi kote ou ye a
Gènlè se moun soud ki rete la
Mwen kwè ou tande rèl mwen
Kri pèp mwen
Kri entèlektyèl yo
Kri inivèsitè yo

Ou ki te mete sou pye
Ekòl Nòmal Siperyè
Se te pou ou fòme moun
Pwofesè, filozòf, nèg save
Ou pa t travay pou yon peyi
Kote se chimè
K ap fè e defè
Kote moun save ap viv nan kache
Pou evite lanmò
Gwo midi

Pradèl kote ou ye
M kwè ou ap tande
Pradèl kote ou ye
M kwè ou wè sa k ap pase
Ou genlè pa fè nouvèl
Paske ou pa di yon mo
Ou pa reponn

Kilès ki va ban nou fòs
Si nou pa tande yon vwa
Vwa pa ou
Ou ki se papa literati pa nou an
Ou ki se defansè jenès estidyantin nan

Sa ou di
Si chimè pran peyi a
Sa ou di
Si nèg save pa gen lavwa
Sa ou di
Si laperèz abite lespri nou
Sa ou di
Si pòt inivèsite yo fèmen

Vennsèt fevriye demil
Ou mete levwal
Ou pa t vle wè
Sa k ap pase jodiya
Ou pa t vle wè
Menm jan ak nou
Pòt Lekòl Nòmal ki fèmen
Pòt Syans Imèn ki fèmen

Ou pa t vle viv moman sa yo
San di eskiz
Ou mete van nan vwèl ou
Ou ale nan peyi san chapo
Ou kite yon jenès dlo nan je
Rèv ou tounen lafimen
Jenès ou an dèy
Maxim tonbe
Lopital Kanapevè
Pa gen plas ankò
Tout se lespwa peyi a
Tout se jenès ou renmen anpil la.

Mwen sonje «Hynme à la jeunesse» la
Si ou te la jounen jodi
Ou ta pran plim
Ou ta pran kaye
Ekri detwa bèl liy
Pou rekonfòte jenès la

Tonton Pradèl
Si ou tande klòch legliz la
Ap sonnen, se pa lamès
Son w etidyan ki pral antere
Yon lespwa ki ale
Vil la timid
Gwo sizè diswa limyè etenn
Etidyan nan kache
Pwofesè pa gen lapawòl.

Tanpri souple
Kote ou ye a
Voye yon ti mesaj pou nou
Korije ti pwezi mwen an
Di m kote mwen fèb
E fè m konnen si m ap rive

Gen tout yon jenès
K ap tann repons ou
Tout yon pèp
Ki lage nan lari a
Pa gen lekòl
Pa gen lamanjay
Bri zam anpeche nou dòmi
Men sa ki pi grav
Yon okipasyon ap pandye
Sou tèt nou aprè desan lane endepandans

Tout moun swaf pouvwa
Yo lage jenès la nan mera
Pa gen moun ki pou di ase
Zòrèy yo bouche
Ak gonm balèn
Pè Pradèl tande vwa m
Tanpri souple vini ede m

Ou ale se vre
Ou pati se vre
Men ou pa mouri
Ayè mwen t ap li ou ankò
Ou kite mond sansib la
Ou ap kòmante lavi
Ak zanmi ou yo
Nan mond entèlijb la
Yon ti repons
Sa p ap nwi ou di tou
Reponn mwen
Reponn jenès ou a

Di mwen kisa ou wè pou nou
Pale ak papa Bondye
Di li nou pa kapab ankò
Twòp san deja koule
Pa kite lespwa antere.
 


 

Johnny BELIZAIRE, né le 14 Janvier 1984 à Port au Prince. Débuta la poésie dès sa classe de sixième secondaire.

Etudes:

  • Paradis des Petits 1991-1996
  • Saint louis de Gonzague 1996-1999 (7eme à neuvième année fondamentale.)
  • Collège Antillais 1999-2000 Troisième
  • Saint louis de Gonzague 2000-2001
  • Centre d'études Secondaires 2001-2002 Première B
  • Une nouvelle Ecole 2002 -2003 Terminale A
  • Université Quisqueya 2003 FSGA Architecture

Articles  :

  • la vérité a besoin d'un soldat.

Tim tim  :

  • dossier sur l'architecture

Recueil  :

  • Témoignage d'amour non édité

Le club magazine :

  • Femme (poésie)
  • L'amour (poésie)

Le nouvelliste :

  • Ayiti leve pye ou (pwezi)

Écrivains préférés :

  • Lionel Trouillot, Franketienne, René Depestre, Anthony Phelps.

Romans préférés :

  • Dezafi, Thérèse en mille morceaux, Sénat.

Recueils de poèmes préférés :

  • Jòf, Zanj nan dlo, Ces seins nues qu’on arrache au soleil.

Il souhaite entreprendre une carrière littéraire et artistique, faire des études en sciences humaines et en lettres en France.

   

 
 
logo