Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

De mo souple

Jean André Constant

kote m’ kanpe la a
nan zile envizib mwen an
m’voye moso vwa wowòt mwen an
bay tout konpayèl dayiva m’ yo
m’gen yon moso vwa wowòt
pout tout sa k’ap viv toupatou
pout tout sa k’ap viv
nan bidonvil toupatou
menm lè yo pa marasa

kote m’ kanpe la
nan zile envizib mwen an
m’gen yon  moso vwa wowòt
pou tout konpayèl dayiva m’yo
tanpri aprann li motamo
marinen l’
miyonnen l’
kite l’glise nan zizye n’ nètale
jiskaske l’tounen zouti
pou depafini maspinay

Viré monté