Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Bèl mèvèy

Jean André Constant

mache a bèl kou simityè            
mache a plen kou dyakout kè m
machandiz tout koulè
bobori monte tèt kokolo
grangou ap fè jamè dodo pou anyen
lamizè ap vann zo salyè l’ de-pou-senk
Madan Kolo ap pwonmennen yon laye kenkay 
kenkay vlope nan moso drapo palè nasyonal
 
touris sot tout kote vin gade lalin
kap baye gwo lajounen
touris sot tout kote vin wè zokòt timoun
zokòt timoun ap bat tanbou sou sèvo moun save

ala bèl mèvèy mezanmi

blakawout ap taye banda nan mitan yon silabè!
touris sot tout kote vin wè kadav k’ap danse bolewo
sèl bagay yo pa pran foto
paske timoun isit pè kodak kou mitrayèt
e lè yo pè
yo met dife menm nan bab pè letènel

Viré monté