Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kout bagèt sou kè m

Jean André Constant

m’ tande yon bri
yon zikap zikap sou memwa m’
se tankou yon giyon 
k’ap chipote jamè dodo anbal lavil
ganlè twa degout lamizè
vle efase farinay lespwa
pou l’ pa chavire lannwit

lè m’ mete zorèy mwen pi pre
m’ tande yon kout tanbou
wadi yon batman kè
yon ti melodi
k’ap kwape laperèz mwen
se ou cheri ?
vin non
vin fè de pa
nan pelerinay mwen

Viré monté