| Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
| Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Pou Beethova Obas
nan planèt ou a
ou voye men ban mwen
ou fè yon jès nan zòrey mwen
lonbray vwa w’
yon kouplè tout koulè
kenbe emosyon m’
nan yon vè diven
nan yon souri inyoran
nan planèt ou
m tande Anjèl ak yon bann lòt enkoni
ou fè m’sonje distans
yon zile nan egzil mwen
kreyòl nan planèt ou a
se sèl ti son ki klewonnen nan silans mwen
m’ ka menm di tout fòm kontantman mwen
ak ti vwa grav planèt ou a ou anvayi nannan m’
mwen mete vwèl nan zèl mwen
