Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Chalè kò w

Jean André Constant

men yon boulèt silans
men yon ti souri timid
men dloje madoulè m’ nan  

m’vin depoze kò m’
nan denyè volonte w’
pou w’ ka manje’m’ toukri
(si ou vle ak yon grenn sèl)
depi  w’ale a
chalè kò ou
pran rale
danse
kadanse
kilbite nan kalfou malè m
sou wout pwofondè lavi m’  

Viré monté