Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Bal

Gethro Rancy

Fèt gratis la
koumanse
solèy bougonnen
lalin bare
fas Bondye

Aswè
yon kolòn nyaj
byen boude
ak baton
fè zetwal
sispann fè baz
nan lespas

 

Lanjelis
parèt ak yon lapli
figi fany fany
kap danse
an piklotan tan tan
kote Bondye
bay tout limit

Eskanp, Editions  Moraiah,
USA, February
2013.

boule

 Viré monté