Pwof Ansanm

en français

 

BI E OBJEKTIF

 Misyon

Bi Association Pwof Ansanm la pou l pwomote inisyativ andedan Ayiti ki chita sou bezwen edikasyonèl. Asosyasyon sa a sipòte pwogram ak moun ki gen pou bi amelyore edikasyon an(n) Ayiti atravè trening pou anseyan, devlopman korikilòm, e materyèl didaktik. Atravè yon tèl pwogram. PWOF ANSANM espere, pozitivman, enfliyanse sistèm edikatif la pa:

  • Kreye yon kòporasyon etnik nan edikasyon ant Ayisyen e enstitisyon edikasyonèl etranje.
  • Kreye yon ansanm trening, pou anseyan, ki adrese bezwen ijan sistèm lekòl yo.
  • Elve enpak (efè) pwogram volontè edikasyonèl an(n) Ayiti kote pou founi resous avèk gid, epi fasilite kominikasyon.
  • Kreye rechèch akademik ki an rapò ak Edikasyon Ayisyen pa Ayisyen e savan etranje.

 

Objektif

PWOF ANSANM vize amerlyore kalite edikasyon an(n) Ayiti kote l ofri sèvis sipò epi ankouraje echanj kominikasyon ant Ayiti e peyi devlope yo.

Pwogram nan vize:

  • Founi trening kiltirèl e lengwistik ki apopriye, materyèl pou korikilòm, epi resous ki anndan peyi a pou pwogram edikasyonèl ak volontè
  • Founi resous pou kominikasyon – devlope epi mentni yon pajwèb edikasyonèl, founi kontak ak konsiltan endepandan, mentni aksè gouvènmantal, (ak) inivèsite e ajans non-gouvènmantal k ap envesti nan edikasyon Ayisyen
  • Mete resous pou volontè yo ansanm avèk bezwen yo epi enterè kominote edikasyonèl ayisyen an.
  • Sipòte desen, devlopman ak pwodiksyon materyèl edikasyon modèn (liv, tchat, kat jewografik, gid pou anseyan, elt.) epi bonjan distribisyon yo nan kominote edikasyonèl la.
  • Trening (estaj) pou anseyan nan itilizasyon pratik edikasyon modèn avèk materyèl ki disponib.

PWOF ANSANM sipòte òganizasyon ki vize pratik anseyman modèn, ki ankouraje e respekte diyite imèn e prensip demokratik, ki pral adapte epi devlope zouti pou anseye oubyen metòd apopriye a bezwen dezi devlopman yon Ayiti modèn.

Pwojè Aktyèl

Patisipan

Patisipan ki nan trening pou
anseyan ap travay an ti gwoup.

Trening anseyan nan Jeremi, Ayiti

Pwof Ansanm pandan seminè

Pwof Ansanm pandan seminè.

Pwojè a – rezime rapò (PDF)

Nouvèl ki soti nan moun ki t ap patisipe

«Séminè Pèfeksyonnman Pedagojik»
18 jiyè 2005 - 11 out 2005 (64 èd tan).

  • Trening pwofesyonèl pou anseyan – 58 anseyan nivo segondè ki sot nan 29 lekòl te konplete l.
  • Anfaz sou apwòch pou timoun nan santre sou yo.
  • Metòddansèyman pou pwomote koperasyon, sa k dwe fèt, solisyone pwoblèm ak pran responsablite.
  • Fokis sou lasante, anviwonnman, sivik /demokrasi, ekri, konpitè.

Pwojè Liv Kreyòl pou timoun Ayiti

Patisipan

Liv elèv Ayisyen ak Ameriken kreye

Pwogram Kòporatif ant elèv Coatesville High School avèk elèv segondè ayisyen nan CPR pou kreye, pibliye epi distribye liv kreyòl pou timoun.

  •   Foto senk liv ki ekri, ilistre e pibliye – youn pou chak klas.
  •   Distribiye bay chak elèv primè nan ‘Lekòl Advantis nan Jeremi (140 liv).

Kontak Pwof Ansanm

Direktè

Pwof Ansanm

Pwof Ansanm reyini pou òganize pwogram ete 2005 lan.

Kò Direktè yo

Konsiltan /Asosye

Trezorye

Piblisite

Adrès

  • Pwof Ansanm
    120 Glenwood Ave
    Collegeville, PA 19426 USA

Pajwèb

 
[Vèsyon kreyòl: Emmanuel W. Védrine]
 
boule

E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.Box 255110
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

 

 
Logo